Nouvo Testaman 2023
Enkli Mizik Sakre nan Aprantisaj Levanjil Ou a


“Enkli Mizik Sakre nan Aprantisaj Levanjil Ou a,” Vini, Suiv Mwen—Pou Moun yo ak Fanmi yo: Nouvo Testaman 2023 (2022)

“Enkli Mizik Sakre nan Aprantisaj Levanjil Ou a,” Vini, Suiv Mwen—Pou Moun yo ak Fanmi yo: 2023

Enkli Mizik Sakre nan Aprantisaj Levanjil Ou a

Chante chan ak kantik Primè yo kapab beni ou ak fanmi ou nan anpil fason. Ide sa yo ka ede ou itilize mizik sakre pandan w ap fè efò pou w aprann ak viv levanjil la.

  • Aprann prensip doktrinal yo. Chèche jwenn verite yo ki anseye nan chan ou chante oswa koute yo. Sa ka mennen nan diskisyon sou levanjil la konsènan verite sa yo pandan tout jounen an. Chante oswa koute chan oswa kantik Primè yo ki anseye konsènan Jezikri ak levanjil li a. Fè atansyon ak mwayen yo Sentespri a temwaye sou Sovè a ak ansèyman li yo.

  • Rekonèt pouvwa mizik. Chante oswa koute chan oswa kantik primè yo ka yon benediksyon nan moman bezwen yo. Pa egzanp, chante yon chan ta ka kalme yon timoun lè pou l dòmi, kreye lajwa pandan fanmi ou ap travay ansanm, remonte yon vwazen ki malad, oswa rekonfòte yon moun ki santi li enkyè.

  • Pataje eksperyans yo. Pataje eksperyans pèsonèl ak familyal yo ki an rapò ak mesaj nan chan yo. Ou ka pataje istwa ekriti ki an rapò ak yo tou.

  • Enplike fanmi ou. Fanmi ou pral aprann plis apati chan yo si y ap patisipe aktivman. Pou enplike manm fanmi yo, ou ta ka envite yon pi gran timoun pou ede anseye youn ki pi piti yon chan oswa envite timoun yo anseye fanmi an yon chan yo te aprann nan Primè a. Ou ta kapab kite manm fanmi yo youn apre lòt dirije yon chan tou.

  • Se pou w kreyatif. Itilize yon varyete mwayen pou aprann mizik sakre antanke yon fanmi. Pa egzanp, ou ta ka fè aksyon ki mache avèk pawòl ak fraz yo nan yon chan. Oubyen nou ta gendwa youn apre lòt demontre pati yo nan yon chan pandan lòt manm fanmi yo eseye devine chan an. Fanmi ou gendwa renmen chante chan yo nan vitès oswa volim ki diferan. App bibliyotèk levanjil la ak app levanjil la pou timoun yo genyen anrejistreman odyo ak videyo ki ka ede ou aprann chan yo. Ou ta ka fè yon lis mizik sakre pou w tande tou.

Pou plis ide, gade seksyon “Itilize Mizik pou Anseye Doktrin” ak “Ede Timoun yo Aprann ak Sonje Chan ak Kantik Primè yo,” nou jwenn nan “Enstriksyon pou Peryòd Chante ak Prezantasyon Reyinyon Sentsèn Timoun yo” nan Vini, Suiv Mwen—Pou Primèa.

Enprime