Nouvo Testaman 2023
27 Mas–2 Avril. Matye 14; Mak 6; Jan 5–6: “Pa Pè”


“27 Mas–2 Avril. Matye 14; Mak 6; Jan 5–6: “Pa Pè’” Vini, Suiv Mwen—Pou Moun yo ak Fanmi yo: Nouvo Testaman 2023 (2022)

“27 Mas–2 Avril. Matye 14; Mak 6; Jan 5–6,” Vini, Suiv Mwen—Pou Moun yo ak Fanmi yo: 2023

Imaj
Jezi k ap mache avèk disip ka p pote panye pen

March 27–April 2

Matye 14; Mak 6; Jan 5–6

“Pa pè.”

Pandan w ap li Matye 14; Mak 6; ak Jan 5–6, chèche verite ki siyifikatif pou ou. Ou gen dwa poze tèt ou kesyon tankou: “Nan kisa istwa nan chapit sa yo gen anrapò avèk mwen?” “Ki mesaj m jwenn pou lavi mwen?” oubyen “Kisa m ta renmen pataje avèk fanmi m ak lòt moun?”

Ekri enpresyon ou

Kisa k te pouse Pyè pou l te kite sekirite bato l la nan mitan Lanmè Galile a pandan yon tanpèt vyolan? Kisa k te fè l kwè ke si Jezi te ka mache sou dlo a, li te kapab tou? Nou pa ka konnen pou sèten, men petèt, Pyè te konprann ke Pitit Gason Bondye a pa t vini sèlman pou l te fè bagay mèveye pou pèp la men pou l te bay moun pouvwa tankou Pyè pou yo te fè bagay mèveye tou. Envitasyon Jezi, apretou, sete “Vini, suiv Mwen” (Lik 18:22). Pyè te aksepte envitasyon sa a yon fwa epi li te dispoze pou l te aksepte l ankò, menmsi sa te vledi fè fas avèk krent li ak fè yon bagay ki te sanble l te enposib. Petèt Senyè a pap mande nou pou nou soti nan yon bato nan mitan yon tanpèt ni pou nou bay ti pwovizyon pen tou piti nou genyen an lè dè milye moun bezwen manje, men li ka mande nou pou n aksepte direksyon menm lè nou pa totalman konprann yo. Kèlkeswa envitasyon li ta fè nou, sa gen dwa parèt etonan ou menm efreyan pafwa. Men, mirak ka fèt si, menmjan ak Pyè, nou mete laperèz nou, dout nou, ak konpreyansyon limite nou akote pou nou suiv li ak lafwa.

Imaj
senbòl etid pèsonèl

Ide pou Etid Ekriti Pèsonèl

Jan 5:16–47

Jezikri onore Papa Li

Relasyon ant Pè Selès la ak chak pitit li dwe se yon relasyon sakre. Nan vèsè sa yo, Jezikri te ba nou yon modèl enspiran pou n suiv nan relasyon nou avèk Pè Selès la. Li Jan 5:17–47, epi make oubyen note chak fwa nou wè mo Papaa. Kijan Pitit Gason an onore Papa a, epi kijan nou ka suiv egzanp li? Kisa nou aprann sou fason Papa a santi l osijè Pitit Gason an? Kisa ou enspire pou ou fè pou ranfòse relkasyon ou avèk Papa w ki nan syèl la?

Gade tou nan Jan 17; Jeffrey R. Holland, “Grandè Bondye,” Liahona, Nov. 2003, 70–73.

Imaj
Pen ak pwason

Jezi te mirakilezman nouri senk mil moun avèk senk pen ak de pwason.

Matye 14:15–21; Mak 6:33–44; Jan 6:5–14

Sovè a ka mayifye ofrann enb mwen yo pou akonpli objektif li.

Èske w konn santi w enkapab pou reponn tout bezwen ki bò kote ou—nan fwaye ou, nan relasyon ou, oubyen nan sosyete a? Disip Jezi yo dwe siman te santi yo enkapab lè Lte mande yo pou yo te nouri senk mil moun grangou kote k te gen sèlman senk pen ak de pwason k te disponib. Pandan w ap li sou mirak ki te fèt apre a, medite sou fason Bondye ka itilize enb ofrann sèvis ou yo pou beni moun bò kote ou. Kouman L ajoute sou efò ou yo pandan w ap sèvi L? Konsidere deklarasyon sa a, Sè Michelle D. Craig te fè: “Ou menm avèk mwen ka bay Kris la sa nou genyen, epi l ap miltipliye efò nou. Sa nou gen pou n ofri a plis ke ase—menm avèk frajilite ak feblès imen nou yo—si nou depann sou gras Bondye” (“Mekontantman Diven,” Lyawona, Nov. 2018, 54).

Matye 14:22–33; Mak 6:45–52; Jan 6:15–21

Jezikri envite m pou m mete laperèz ak dout mwen yo de kote epi egzèse lafwa nan li.

Imajine nan lespri ou detay sèn yo dekri nan Matye 14:22–33; Mak 6:45–52; ak Jan 6:15–21yo. Imajine kijan Pyè ak lòt disip yo dwe te santi yo. Kisa w aprann sou disip nan pawòl ak aksyon Sovè a nan vèsè sa yo? Kisa w aprann nan pawòl ak aksyon Pyè yo? (Gade tou 1 Nefi 3:7.) Kisa Senyè a envite ou pou w fè ki ka sanble ak soti nan bato a? Kisa w jwenn nan vèsè sa yo ki ba w kouraj pou w egzèse lafwa ou nan Jezikri?

Jan 6:22–71

Antanke yon disip Jezikri, mwen dwe dispoze pou m kwè ak aksepte laverite, menm lè sa difisil pou m fè.

Lè Jezi refere tèt Li kòm “pen lavi a” (Jan 6:48), anpil moun te twouve sa yon “pawòl difisil” (Jan 6:60). Kouman pawòl Pyè yo nan Jan 6:68–69 ka ede w lè doktrin Sovè a parèt difisil pou aksepte oubyen pratike? Kisa k enpresyone w nan temwayaj Pyè a? Ki kèk “pawòl lavi etènèl” (Jan 6:68) ki ede w rete angaje nan suiv Sovè a?

Gade tou nan M. Russell Ballard, “Kiyès pou n al jwenn?,” Lyawona, Nov. 2016, 90–92.

Imaj
senbòl etid familyal

Ide pou Etid Ekriti Familyal ak Sware Familyal

Matye 14:15–21.Konsidere kouman ou ta ka ede fanmi ou imajine ki kantite pen ak pwason sa t ap pran pou senk mil moun manje. Kisa mirak nan Matye 14:15–21 anseye nou konsènan Sovè a? Konsidere pou w pataje yon eksperyans kote w te santi ou pat gen ase pou w ofri epi Sovè a te miltipliye efò w.

Matye 14:22–33.Fanmi w ta ka anvi jwe wòl istwa ki nan vèsè sa yo. Poukisa disip yo te ka pè? Poukisa Pyè te kapab simonte laperèz li epi soti nan bato a? Kijan l te montre lafwa menm lè l te kòmanse koule? Nan ki fason nou tankou Pyè pafwa?

Jan 5:1–16.Envite manm fanmi ou pou yo note chak fwa yo wè fraz “vin geri” a nan vèsè sa yo. Nan ki fason Jezikri ka fè moun vin geri? Kilè ak ki fason li te geri nou?

Jan 6:28–58.Bay chak manm fanmi yon moso pen pou l manje, epi pale sou benefis nou resevwa nan pen ak lòt manje ki bay sante. Apresa, etidye vèsè sa yo ansanm, pandan n ap chèche poukisa yo rele Jezikri “pen lavi a” (Jan 6:35). Kisa sa ta ka vle di pou “manje” pen lavi a? (gade nan D. Todd Christofferson, “Pen Vivan Ki Sòti Desann Nan Syèl la,” Lyawona, Nov. 2017, 36–39).

Pou plis ide pou anseye timoun yo, gade nan plan leson semèn sa a nan Vini, Suiv Mwen—Pou Primèa.

Chan ki sijere: “Oh, quel amour,” Cantiques, no. 195.

Amelyore Etid Pèsonèl nou

Chèche pwòp enpresyon espirityèl pa w. Nan etid pèsonèl ak familyal ou yo, pa limite tèt ou a pasaj ekriti yo trete nan plan leson sa yo sèlman. Senyè a siman gen mesaj pou ou nan chapit sa yo ke yo pa kouvri la a. Chèche yo nan lapriyè.

Imaj
Jezi k ap leve Pyè soti nan dlo a

Kont Van an, Liz Lemon Swindle

Enprime