Nouvo Testaman 2023
27 Mas–2 Avril. Matye 14; Mak 6; Jan 5–6: “Pa Pè”


“27 Mas–2 Avril. Matye 14; Mak 6; Jan 5–6: ‘Pa Pè’” Vini, Suiv Mwen—Pou Primè: Nouvo Testaman 2023 (2022)

“27 Mas–2 Avril. Matye 14; Mak 6; Jan 5–6,” Vini, Suiv Mwen—Pou Primè: 2023

Imaj
Jezi k ap mache avèk disip k ap pote panye pen

27 Mas–2 Avril.

Matye 14; Mak 6; Jan 5–6

“Pa Pè”

Pandan w ap prepare pou anseye Matye 14; Mak 6; ak Jan 5–6la, chèche mesaj ki gen rapò avèk lavi timoun w ap anseye yo. Kisa w panse k ka ede yo konprann mesaj sa yo? Plan leson sa a ka ba w kèk ide.

Imaj
senbòl pataj

Envite Pataj

Montre foto Jezi k ap mache sou dlo a (gade plan leson semèn sa a nan Vini, Suiv Mwen—Pou Moun yo ak Fanmi yo, epi mande timoun yo pou yo pataje sa yo konnen sou istwa sa a.

Imaj
senbòl ansèyman

Anseye Doktrin nan: Timoun Ki Pi Piti yo

Jan 5:1–9

Jezikri konn sa m bezwen epi Li ka ede mwen.

Medite sou istwa Jezi k ap geri mesye bò pisin Betseba a. Kijan w ka ede timoun yo wè ke istwa a anseye sou bonte, lanmou, ak lòt kalite Jezi?

Aktivite Posib

  • Itilize foto Kris la k ap geri malad yo nan Betseba a (Liv Ilistrasyon Levanjil la, no.42) pou rakonte timoun yo istwa a ki nan Jan 5:1–9. Oubyen pase videyo “Jezi k ap geri yon mesye nan jou Sabba a” (ChurchofJesusChrist.org). Mande timoun yo pou yo imajine ke yo se moun Jezi te geri a. Kijan yo t ap santi yo lè Jezi te geri yo a?

  • Mande yo pou yo site kèk bagay ki difisil pou yo oubyen ki rann yo tris. Pale yo de yon lè nan lavi w kote w te resevwa èd Sovè a pandan yon eprèv difisil. Temwaye ke Jezi okouran tout pwoblèm nou epi li vle ede nou.

Matye 14: 13–21

Mwen suiv egzanp Jezi lè m janti avèk lòt moun.

Yon fason Jezi te montre lanmou sete lè L te nouri disip Li yo lè yo te grangou a. Kijan w ka ede timoun yo aprann sèvi lòt moun jan Jezi te fè a?.

Aktivite posib

  • Montre timoun yo yon panye ak kèlke pen pandan w ap rakonte istwa a ki nan Matye 14:13–21 an. Eksplike ke malgre Jezi te ale nan montay la pou L te ka poukont Li, moun yo te anvi rete bò kote Li. Rakonte timoun yo rès istwa a, epi mande yo pou yo koute kisa Jezi te fè pou L te montre jantiyès ak lanmou pou moun yo.

  • Mande yo pou yo rakonte fason yon moun te janti avèk yo. Apresa ede yo panse a kèk bagay yo ka fè semèn sa a pou yo janti avèk lòt moun. Pou chak repons yo bay, fè desen yon pen oubyen yon pwason sou tablo a. Di timoun yo lè yo fè bagay sa yo, yo suiv egzanp Jezi te bay la lè L te nouri senk mil moun ki te grangou yo.

Matye 14:22–33

Lafwa nan Jezikri ka ede nou pou nou pa pè.

Pyè te demontre gwo lafwa lè l te mache sou dlo a al jwenn Jezi a. Ki leson timoun yo ka tire nan istwa sa a?

Aktivite posib

  • Montre foto ki nan plan leson semèn sa a nan Vini, Suiv Mwen—Pou Moun yo ak Fanmi yo (gade tou Liv Ilistrasyon Levanjil la, no. 43) pandan w ap rakonte istwa ki nan Matye 14:22–33 la nan pwòp mo pa ou. Panse pou w itilize paj aktivite semèn sa a pou ede timoun yo rakonte w istwa a yomenm tou. Ou gen dwa pote yon ti bòl dlo epi envite timoun yo pou yo fè tankou y ap “mache” sou dlo a avèk dwèt yo.

  • Pase videyo “Poukisa w doute?” a (ChurchofJesusChrist.org), epi mande timoun yo poukisa Pyè te pè. Apresa mande yo pou yo pale de kèk moman kote yo te pè epi fè yo di kisa k te ede yo. Ede yo wè ke lafwa nan Jezikri ede nou simonte laperèz.

Imaj
senbòl ansèyman

Anseye Doktrin nan: Timoun Ki Pi Gran yo

Jan 5:17–47

Jezikri anseye m sou Pè Selès la.

Kijan ansèyman Jezi yo sou Pè Selès la ede timoun yo aprann osijè Pè Selès la?

Aktivite posib

  • Prepare de kalite kat ki sanble, ki gen mo Jezi te itilize pou anseye sou Pè Selès la nan Jan5yo ekri sou yo, tankou lanmou, lavi, ak zèv (gade Jan 5:20, 26,36). Mete kat yo fas anba, epi mande yo pou yo chèche sa ki matche yo kote y ap vire de kat alafwa. Lè yon jwenn de ki matche, li vèsè ki gen mo yo, epi mande yo kisa mo a anseye nou sou Pè Selès la.

  • Mande yo pou yo li Jan 5:30 epi konplete fraz sa a: “Se pa volonte pa m m ap chèche fè, men …” Kijan Kris la te fè volonte Pè Selès la? Kijan nou ka fè volonte Pè Selès la?

Imaj
Pen ak pwason

Jezi te mirakilezman nouri 5.000 moun avèk senk pen ak de pwason.

Jan 6:5–14.

Ti kontribisyon pa m yo kapab fè yon diferans.

Se yon jèn tigason ki te bay pen ak pwason Jezi te itilize pou L te nouri senk mil moun yo. Kijan w ka ede timoun w ap anseye yo wè ki fason yo ka kontribye nan travay Senyè a?

Aktivite posib

  • Ede yo imajine ki gwosè yon foul ki gen senk mil moun kapab ye. Kisa yo t ap santi si yo ta gen pou yo nouri tout kantite moun sa yo avèk senk pen ak de pwason sèlman?

  • Envite yon timoun pou l rakonte istwa nouri senk mil moun yo nan pwòp mo pa li. Mete aksan ke sete yon jèn tigason ki te bay pen ak pwason Senyè a te itilize pou L te fè mirak sa a. Kijan nou ka tankou tigason sa a nan Jan 6:9la? Envite timoun yo pou yo fè desen pen ak pwason sou papye epi ekri sou yo kèk bagay yo ka bay Senyè a pou ede nan travay Li a.

  • Ba yo yon ti jwèt kastèt pou yo fè. Kisa k t ap rive si youn nan pyès nan jwèt kastèt yo ta manke? Eksplike yo ke nou se tankou yon pyès jwèt kastèt—nou tout enpòtan, epi nou youn bezwen lòt. Ede timoun yo site kèk rezon ki fè yo enpòtan nan fanmi yo, nan klas Primè yo, nan fanmi Bondye a, ak nan lòt gwoup.

Matye 14:22–33

Lafwa nan Jezikri ka ede nou pou nou pa pè.

Lafwa ak laperèz jwe wòl enpòtan nan istwa Jezi ak Pyè k ap mache sou dlo a. Kisa timoun yo ka aprann nan istwa sa a?

Aktivite posib

  • Montre yo foto ki nan plan leson semèn sa a nan Vini, Suiv Mwen—Pou Moun yo ak Fanmi yo (gade tou Liv Ilistrasyon Levanjil la, no. 43). Mande timoun yo pou yo chèche fraz nan Matye 14:22–33 a ki dekri foto a.

  • Mande yo pou yo chèche siy lafwa ak siy laperèz pandan y ap li Matye 14:22–33 la. Ou ka pase videyo “Poukisa w doute?” a tou. (ChurchofJesusChrist.org). Kisa sa vle di pou nou gen lafwa nan Jezikri? Ede timoun yo panse a lè kote lafwa yo te ede yo simonte laperèz.

  • Mande timoun yo pou yo imagine yomenm ki te prezan epi ki te gen yon kamera lè Jezi ak Pyè t ap mache sou lanmè a. Ki moman yo t ap chwazi pou yo te fotografye e poukisa? Sigjere yo pou yo chèche nan Matye 14:22–33 pou yo ka jwenn ide. Envite yo pou yo desine moman yo te chwazi a, montre desen yo a, epi eksplike poukisa yo te chwazi moman sa a.

Imaj
senbòl aprantisaj

Ankouraje Aprantisaj Lakay

Si timoun yo fini paj aktivite semèn sa a, envite yo pou yo itilize li pou anseye fanmi yo sou sa yo te aprann jodia nan klas la. Oubyen ba yo yon kopi paj la pou yo ka fè l avèk fanmi yo lakay.

Amelyore Ansèyman nou

Envite pataj. Poze timoun yo kesyon sou sa yo panse, sa yo santi, ak eksperyans yo. W ap wè ke yo souvan gen ide ki senp men ki pwofon.

Enprime