Nouvo Testaman 2023
10–16 Avril. Matye 15–17; Mark 7–9: “Ou se Kris la”


“10–16 Avril. Matye 15–17; Mark 7–9: ‘Ou se Kris la’” Vini, Suiv Mwen—Pou Primè: Nouvo Testaman 2023 (2022)

“10–16 Avril. Matye 15–17; Mark 7–9 ” Vini, Suiv Mwen—Pou Primè: 2023

Imaj
Transfigirasyon Kris la

Transfigirasyon an, tablo Carl Heinrich Bloch

10–16 Avril.

Matye 15–17; Mak 7–9

“Ou se Kris la”

Pandan w ap medite sou Matye 15–17 ak Mak 7–9, pote atansyon a chichotman spirityèl ki ka ede w konnen kisa timoun yo ki nan klas ou a bezwen.

Imaj
senbòl pataj

Envite Pataj

Envite timoun yo di poukisa yo rekonesan pou dirijan yo nan Legliz la, enkli pwofèt la ak apot yo ak dirijan lokal yo. Kisa nou te tande yo anseye resamman?

Imaj
senbòl ansèyman

Anseye Doktrin nan: Timoun Ki Pi Piti yo

Matye 16: 13–17

Mwen ka rann temwayaj ke Jezikri se Pitit Gason Bondye.

Reflechi sou fason w ka itilize temwayaj Pyè a ak repons Jezi a pou anseye timoun yo kisa yon temwayaj ye epi pou pouse yo chèche gen pwòp temwayaj pa yo.

Aktivite Posib

  • Mande yo pou yo koute kisa Pyè te di pandan w ap li Matye 16:15–17la. (Gade “Chapit32: Pyè Temwaye de Kris la,” nan Istwa Nouvo Testaman yo, 76–77, oubyen videyo korespondan an nanChurchofJesusChrist.org.) Eksplike ke Pyè t ap rann temwayaj li konsènan Jezikri. Li vèsè yo ankò. (Oubyen pase videyo a ankò.) Fwa sa a, mande timoun yo pou yo chèche wè kiyès ki te di Pyè Jezikri sete Pitit Bondye.

  • Rann temwayaj ou konsènan Jezikri, epi eksplike yo ki fason ou te resevwa li. Envite timoun yo pou yo chèche jwenn pwòp temwayaj pa yo nan men Pè Selès la.

Matye 16:15–19

Jezikri bay pwofèt yo ak apot yo kle prètriz yo pou yo ka dirije Legliz Li a.

Sovè a konpare revelasyon avèk yon wòch epi otorite prètriz la avèk kle. Kijan w ka itilize konparezon sa yo pou ede timoun yo gen lafwa nan moun k ap dirije Legliz la?

Aktivite Posib

  • Montre timoun yo yon wòch pandan w ap li Matye 16:18 la avèk yo. Repete fraz “sou wòch sa a m ap bati legliz mwen an,” avèk yo, pandan w ap ajoute jès pou akonpaye mo yo. Eksplike ke Legliz la bati wou “wòch” revelasyon an.

  • Montre timoun yo kèk kle epi mande yo pou kisa nou itilize kle. Eksplike ke Pyè ak lòt Apot yo te resevwa kle prètriz yo nan men Jezi. Kle sa yo “ouvri” benediksyon pou nou epi yo louvri chemen pou al nan syèl la. Paregzanp, kle prètriz yo pèmèt nou batize ak pran sentsèn. Bay timoun yo kle an papye, epi fè yo ekri kèk benediksyon kle prètriz sa yo “ouvri.”

  • Panse pou w montre yon foto Prezidan Legliz la, epi rann temwayaj ke li detni tout kle prètriz yo jodia, jan Pyè te detni yo a.

Imaj
estati Pyè ki kenbe kle yo

Kle prètriz yo se otorite pou dirije itilizasyon prètriz la.

Matye 17:19–20

Lafwa m ka opere mirak.

Lè w li pwomès Jezi a ki di ke yon lafwa tankou yon grenn semans moutad kapab deplase yon montay la, ki enpresyon w resevwa osijè timoun w ap anseye yo?

Aktivite Posib

  • Li Matye 17:19–20 avèk timoun yo. Envite yo pou youn apre lòt yo desine gwo montay ak ti grenn semans sou tablo a. Eksplike ke montay yo se tankou bagay ki difisil pou nou fè yo. Ki kèk bagay ki ka sanble yo tankou montay pou nou? Itilize paj aktivite semèn sa a pou ede timoun yo reflechi sou fason lafwa kapab ede yo fè sa Bondye vle yo fè.

  • Mete foto yon montay sou yon bò nan sal la. Mande timoun yo pou yo site kèk bagay yo kapab fè pou yo ka vin gen plis lafwa nan Jezikri. Fè chak timoun ki sigjere yon bagay deplase montay lan vin pi pre lòt bò sal la. Li Matye 17:19–20, epi temwaye sou pouvwa lafwa nan lavi ou.

  • Chante ansanm yon kantik sou lafwa, tankou “La foi” (Chants pour les enfants, 50). Bay chak timoun yon semans pou l pote lakay li. Envite yo pou yo plante semans la epi mete l yon kote yo ka gade l grandi pou ede yo sonje pou yo gen lafwa nan Pè Selès la ak nan Jezikri.

Imaj
senbòl ansèyman

Anseye Doktrin nan: Timoun Ki Pi Gran yo

Matye 16: 13–17

Yon temwayaj konsènan Jezikri vini atravè revelasyon.

Kijan temwayaj Pyè a nan Matye 16:13–17 la ka ede timoun yo pandan y ap bati temwayaj yo.

Aktivite Posib

  • Mande timoun yo kisa yo t ap di si yon moun ta mande yo: “Kiyès Jezi ye?” Envite timoun yo pou yo li Matye 16:13–17 pou yo ka wè kijan Pyè te reponn kesyon sa a. Kijan l te akeri temwayaj li konsènan Jezi? Kisa nou ka fè pou ranfòse temwayaj nou?

  • Ede timoun yo konpare fason nou aprann verite spirityèl yo avèk fason nou aprann lòt verite yo. Paregzanp, kijan nou fè konn ki wotè yon moun oubyen kisa tanperati a ye. Kijan nou fè konnen ke Jezikri se Pitit Gason Bondye? Di yo kijan Sentespri a te temwaye w de Sovè a.

  • Rann temwmayaj ou konsènan Jezikri, epi bay timoun yo tach pou yo akeri oubyen fòtifye pwòp temwayaj pa yo konsènan Li.

Matye 16:15–19

Legliz Jezikri a dirije pa moun ki detni kle prètriz yo.

Etidye Matye 16:15–19 kapab bati lafwa timoun yo pou fè yo konnen ke Legliz Jezikri pou Sen Dènye Jou yo se retablisman menm Legliz Jezi te etabli pandan l t ap viv sou tè a.

Aktivite Posib

  • Ekri Matye 16:19 sou tablo a, pandan w ap elimine kèk mo, spesyalman mo “kle” a. Envite timoun yo pou yo chèche mo ki manke yo.

  • Pase video “Where Are the Keys (Kote Kle yo)?” (ChurchofJesusChrist.org), oubyen repase “Kle Prètriz yo” nan Gid Ekriti yo (scriptures.ChurchofJesusChrist.org). Kisa kle prètriz yo ye? Ki fason kle prètriz yo se vrè kle yo ye?

  • Ede timoun yo fè yon lis sou tablo a sou moun ki detni kle prètriz yo. “Kle Prètriz” nan Gid Ekriti yo (scriptures.ChurchofJesusChrist.org) gen yon lis ki ka ede yo. Envite yon moun nan pawas ou a ki detni kle sa yo pou vin pale nan klas la sou rezon k fè kle prètriz yo enpòtan.

  • Kache plizyè kle (oswa foto kle) nan tout sal la, epi envite timoun yo pou yo chèche yo. Chak fwa yo jwenn yon kle, ede timoun yo panse sou benediksyon nou jwenn gras ak kle prètriz yo (paregzanp, fanmi etènèl, batèm, ak sentsèn).

Matye 17:1–9

Jezikri se Pitit Gason Bondye.

Vèsè sa yo dekri youn nan okazyon ra nan ekriti yo kote yo tande vwa Bondye Papa a ki ap temwaye de Pitit Gason Byeneme l la. Etidye istwa sa a avèk timoun yo kapab bati lafwa yo nan Jezikri.

Aktivite Posib

  • Envite timoun yo pou yo fè desen sou sa yo te li nan Matyen 17:1–9yo. Mande yo pou youn eksplike lòt desen yo fè yo. (Gade “Chapit 33: Aparisyon nan Laglwa: Transfigirasyon an,” nan Istwa Nouvo Testaman yo, 78–79, oswa video koresondan an nan ChurchofJesusChrist.org.)

  • Bay timoun yo tan pou yo medite sou kisa istwa ki nan Matye 17:1–9 la anseye yo sou Jezikri. Envite youn pou ekri panse yo sou tablo a. Envite kèk timoun pou pataje kijan yo fè konnen ke Jezikri se Pitit Bondye.

Imaj
senbòl aprantisaj

Ankouraje Aprantisaj Lakay

Envite timoun yo pou yo mande paran yo oswa lòt manm nan fanmi yo kijan yo te akeri temwayaj yo konsènan Jezikri.

Amelyore Ansèyman Nou

Itilize mizik. Chan Primè yo ak kantik yo kapab ede timoun tout laj konprann ak sonje verite levanjil yo. Chante ka pèmèt timoun yo tou pou patisipe aktivman nan aprantisaj. (Gade nan Anseye nan fason Sovè a, 22.)

Enprime