Nouvo Testaman 2023
2–8 Oktòb. Efezyen: “Pou Pèfeksyonman Sen yo”


“2–8 Oktòb. Efezyen: “Pou Pèfeksyonman Sen yo,’” Vini, Suiv Mwen—Pou Moun yo ak Fanmi yo: Nouvo Testaman 2023 (2022)

“2–8 Oktòb. Efezyen,” Vini, Suiv Mwen—Pou Moun yo ak Fanmi yo: 2023

Imaj
yon fanmi k ap gade foto

2–8 Oktòb

Efezyen

“Pou Pèfeksyonman Sen yo“

Èske gen koneksyon ant mesaj nan konferans jeneral yo ak Epit Pòl te voye bay Efezyen yo?

Ekri enpresyon Ou yo

Lè levanjil la te kòmanse simaye nan Efèz, li te lakòz yon “gwo dezòd” (Travay 19:23) pami Efezyen yo. Atizan lokal yo ki te konn fè ti modèl tanp yo pou deyès payen yo te konsidere Krisyanis la kòm yon menas komnt mwayen sibzistans yo epi, byen vit, “yo te ranpli ak kòlè, … epi dezòd te gaye nan tout vil la” (gade Travay 19:27–29). Imajine ke w se yon nouvo konvèti nan levanjil la ki nan yon sitiyasyon konsa. Anpil Efezyen te aksepte levanjil la epi yo te viv li nan mitan “gwo boulvès” sa a (Travay 19:40), epi Pòl te asire yo ke “Kris la … se lapè nou” (Efezyen 2:13–14). Pawòl sa yo, ansanm ak envitasyon l bay pou n “fè tout amètim, tout kòlè, tout kalomni, ak tout mechanste disparèt nan mitan nou” (Efezyen 4:31), an sanble l tou osi enpòtan ak rekonfòtan jodia jan l te ye lè sa a. Pou Efezyen yo, menmjan pou chak nan nou, fòs pou n fè fas ak advèsite a soti “nan Senyè a, epi nan fòs tou puisans li” (gade Efezyen 6:10–13).

Imaj
senbòl etid pèsonèl

Ide pou Etid Ekriti Pèsonèl

Efezyen 1:4–11, 17–19

Bondye te chwazi oubyen preòdone m pou akonpli kèk responsablite sou tè a.

Pòl te pale avèk Sen yo kòm moun Bondye te “predestine” epi “chwazi … anvan fondasyon mond lan” pou vin pèp li. Sepandan, jan Prezidan Henry B. Eyring te remake, sa pa vledi “ke Bondye detèmine alavans kiyès nan pitit Li yo Li t ap sove ak pou kiyès ladan yo li t ap rann levanjil la disponib, alòske li t ap senpleman pa ‘chwazi’ moun ki pa t janm tande levanjil la.’ … Plan Bondye a pi eman e pi jis pase sa. Papa nou ki nan Syèl la pa ka tann pou l rasanble ak beni tout fanmi li” (Rasanble fanmi Bondye a,” Lyawona, Me 2017, 20–21). Tout pitit Bondye ka aksepte levanjil la ak òdonans li yo gras ak travay yo fè pou mò yo nan tanp sakre yo.

Malgre okenn moun pa predestine pou yo sove ni pou yo pa sove, revelasyon modèn nan anseye ke gen kèk moun ki te chwazi oubyen “preòdone” nan mond premòtèl la pou yo ranpli kèk responsablite nan akonpli objektif Bondye yo sou tè a. Pandan w ap li Efezyen 1 ak Sijè Levanjil yo, “Preòdinasyon” (topics.ChurchofJesusChrist.org), medite sou fason verite sa aplike pou ou.

Efezyen 1:10

Bondye ap “rasanble tout bagay fè yon sèl nan Kris la.”

Poukisa nou rekonesan dèske n ap viv nan “dispensasyon plenitid tan yo”? Kisa sa vledi pou “rasanble tout bagay fè yon sèl nan Kris la”? Pandan w ap medite sou fraz sa yo, li ekriti sa yo: Efezyen 4:13; 2 Nefi 30:7–8; Doktrin ak Alyans 110:11–16; 112:30–32; 128:18–21. Ou gendwa santi w enspire pou w ekri pwòp eksplikasyon ou de fraz sa yo.

Gade tou Èldè David A. Bednar, “Rasanble tout Bagay Fè yon Sèl nan Kris la,” Lyawona, Nov. 2018, 21–24

Efezyen 2:19–22; 3:1–7; 4:11–16

Legliz la fonde sou fondasyon apot ak pwofèt, epi Jezikri se wòch fondasyon an.

Selon Efezyen 2:19–22; 3:1–7; 4:11–16, poukisa nou gen pwofèt ak apot yo? Reflechi konsènan mesaj pwofèt ak apot yo nou te tande pandan konfernas jeneral. Kijan ensèyman yo akonpli objèktif Pòl te dekri yo? Pa egzanp, kijan ansèyman sa yo te ede ou pa kite “okenn van doktrin pa pote w ale”?

Kijan Jezikri se tankou yon pyè angilè pou Legliz la? Kijan Li se tankou yon pyè angilè nan lavi ou?

Gade tou Travay 4:10–12.

Imaj
pyè angilè nan yon batiman

Jezikri se tèt legliz la.

Efezyen 5:216:4

Suiv egzanp Sovè a ka fòtifye relasyon familyal mwen yo.

Pandan w ap li Efezyen 5:216:4, panse wkonsènan fason konsèy nan vèsè sa yo ta ka ranfòse relasyon familyal ou yo.

Li enpòtan pou n note ke pawòl Pòl yo nan Efezyen 5:22 te ekri nan kontèks koutim sosyal nan epòk la. Pwofèt yo ak apot yo jodia anseye ke gason pa siperyè fi yo epi konjwen yo dwe “asosye egal ego” (gade “Fanmi: Yon pwoklamasyon pou mond lan,” ChurchofJesusChrist.org). Menmsi sa, ou ka jwenn konsèy apwopriye nan Efezyen 5:23–33. Pa egzanp, kijan Kris la montre lanmou li pou Sen yo? Kisa sa enplike konsènan jan konjwen yo, kòm patnè egal, ta dwe trete youn lòt? Ki mesaj ou jwenn pou tèt ou nan vèsè sa yo?

Efezyen 6:10–18

Zam Bondye yo ap pwoteje nou kont mal.

Pandan w ap li Efezyen 6:10–18, konsidere poukisa Pòl te rele chak pati nan zam sa a fason l rele yo a. Kont kisa “tout zam Bondye” yo ap pwoteje nou? Kisa nou ka fè pou n pi totalman abiye nou avèk chak pyès nan zam sa a chak jou?

Gade tou 2 Nefi 1:23; Doktrin ak Alyans 27:15–18.

Imaj
senbòl etid familyal

Ide pou Etid Ekriti Familyal ak Sware Familyal

Efezyen 1:10.Pou anseye konsènan vèsè sa a, Èldè David A. Bednar te itilize egzanp yon kòd la (gade “Rasanble tout Bagay Fè yon Sèl nan Kris la”). Konsidere montre manm fanmi yo yon kòd epi kite yo kenbe ak egzaminen li pandan w ap pataje pati yo nan mesaj Eldè Bednard la. Kijan Bondye ap rasanble tout bagay ansanm nan Kris la.? Ki benediksyon nou resevwa akòz rasanbleman sa a?

Efezyen 2:4–10; 3:14–21.Envite manm fanmi yo pou yo pataje eksperyans kote yo konn santi amou ak mizèrikòd Bondye ak Jezikri yo dekri nan vèsè sa yo.

Efezyen 2:12–19.Fanmi w ka kontan bati kèk mi avèk zorye oubyen lòt bagay ou gen nan kay la, epi detwi yo apresa. Pandan Pòl te fè referans ak “miray” la an Janti yo ak Juif yoki kalte miray ki separe moun jodia? Kijan Jezikri te “kraze” miray sa yo? Kijan Li “rekonsilye [nou] nan Bondye”? (vèsè 16).

Efezyens 6:10–18.Fanmi w ta ka fè pwòp “zàm Bondye” pa yo kote y ap itilize atik menaje ki nan kay la. Videyo “The Armour of God” a (ChurchofJesusChrist.org) ka ede manm fanmi yo vizyalize zam sa a, epi yo ka jwenn senp eksplikasyon sou li nan” (Tout Zam Bondye yo” (Zanmi, Jen 2016, 24–25). Kijan chak pyès nan zam sa a pwoteje nou espirityèlman? Kisa nou ka fè pou youn ede lòt “abiye avèk tout zam Bondye yo” (Efezyen 6:11) chak jou?

Pou plis ide pou anseye timoun yo, gade plan leson semèn sa a nan Vini, Suiv Mwen—Pou Primèa.

Chan yo sigjere: “Sauveur d’ Israel,” Cantiques,, no. 6.

Amelyore Etid Pèsonèl

Kite Lespri a gide etid ou. Se pou w koute Lespri a pandan lap gide w al nan bagay yo ou bezwen aprann chak jou, menmsi sa pouse w pou etidye yon sijè ke ou pa t planifye pou w te etidye.

Imaj
mesye nan epòk Nouvo Testaman an zam

Mete zàm Bondye yo ka pwoteje nou espirityèlman.

Enprime