Nouvo Testaman 2023
23–29 Oktòb. 1 ak 2 Timote; Tit; Filemon: “Se Pou W yon Egzanp pou Kwayan yo”


23–29 Oktòb. 1 ak 2 Timote; Tit; Filemon: “Se Pou w Rete yon Egzanp pou Kwayan yo,’” Vini, Suiv Mwen—Pou Moun yo ak Fanmi yo: Nouvo Testaman 2023 (2022)

23–29 Oktòb. 1 ak 2 Timote; Tit; Filemon: “Se Pou W yon Egzanp pou Kwayan yo,” Vini, Suiv Mwen—Pou Moun yo ak Fanmi yo: 2023

Imaj
twa fi k ap mache deyò yon tanp

23–29 Oktòb

1 and 2 Timothy; Titus; Philemon

“Se pou W yon Egzanp pou Kwayan yo”

Pafwa li bon pou abòde etid ekriti w la avèk youn oubyen plis kesyon nan panse ou. Envite Lespri a pou l gide w jwenn repons pandan w ap etidye a, epi ekri nenpòt enspirasyon ou resevwa.

Ekri enpresyon ou

Nan epit Pòl te ekri Timote, Tit, ak Filemon yo, nou wè yon apèsi sou kè yon sèvitè Senyè a. Kontrè ak lòt epit Pòl te voye bay dè kongregasyon annantye, li te ekri epit sa yo voye bay moun endividyèlman—zanmi pwòch li ak asosye l yo nan travay Bondye a—epi lè w ap li yo, se tankou w ap tande yon konvèsasyon. Nou wè Pòl k ap ankouraje Timote ak Tit, de dirijan kongregasyon, nan sèvis yo legliz la. Nou wè l k ap envite zanmi li, Filemon, pou l padone yon Sen parèy li epi trete l tankou yon frè nan levanjil la. Pawòl Pòl yo pa t adrese avèk nou dirèkteman, e li gen dwa pa t janm ta imajine ke si anpil moun t apral li yo yon jou. Men, nan epit sa yo, nou jwenn konsèy ak ankourajman pou nou.

Imaj
senbòl etid pèsonèl

Ide pou Etid Ekriti Pèsonèl

Kiyès Timote ak Tit te ye?

Timote ak Tit te sèvi avèk Pòl nan kèk nan vwayaj misyonè l yo. Pandan sèvis yo, yo te vin gen respè ak konfyans Pòl. Nan apre, yo te aple Timote kòm dirijan Legliz la nan Efèz, epi yo te aple Tit kòm dirijan nan Krèt. Nan epit sa yo, Pòl te bay dirijan yo enstriksyon ak ankourajman konsènan responsablite yo, ki te enkli preche levanjil la ak aple moun pou sèvi kòm evèk.

Gade tou nan Diksyonè Bib la, “Paul Epistles,” “Timothy,” “Tit.”

Imaj
de sè misyonè k ap pale avèk yon jenòm

“Pèsonn pa dwe meprize anfans ou; men, se pou ou yon egzanp pou kwayan yo” (1 Timote 4:12).

1 Timote 4:10–16

“Se pou ou yon egzanp pou kwayan yo”

Timote te jèn anpil, men , Pòl te konnen li t ap vin yon gwo dirijan nan Legliz la malgre jenès li. Ki konsèy li te bay Timote nan 1 Timote 4:10–16? Kijan konsèy sa a ka ede w mennen lòt moun bay Sovè a ak levanjil li a?

Gade tou nan Alma 17:11.

2 Timote

“Paske se pa yon espri laperèz Bondye mete nan nou; men, se yon espri fòs, lanmou, ak sajes.”

Yo toujou di ke2 Timote se dènye epit Pòl te ekri, e se kòmsi li te konnen tan l sou tè a ta pral fini (gade 2 Timote 4:6–8). Kouman Timote te ka santi l, lè l te konnen pwochènman, li ta pral san dirijan ak mèt li fè konfyans la? Kisa Pòl te di pou l te ankouraje l? Ou ta ka li tou avèk pwoblèm pa w ak krent pa w nan panse w. Ki mesaj esperans ak ankourajman Senyè a gen pou ou nan 2 Timote?

Gade tou nan Kelly R. Johnson, “Pouvwa ki Dirab,” Lyawona, Nov. 2020, 112–14.

2 Timote 3

Viv levanjil la pote sekirite kont danje spirityèl dènye jou yo.

N ap viv nan “dènye jou” Pòl te pale yo, epi “tan difisil” yo rive (2 Timote 3:1). Pandan w ap li 2 Timote 3a, ekri peril dènye jou yo ki mansyone yo (gade 1 Timote 4:1–3tou):

Èske w ka panse ak kèk egzanp sou peril sa yo nan nan mond ki antoure la—oubyen nan pwòp lavi ou? Ki fason peril sa yo, tankou sa yo dekri nan vèsè 6, “glise antre nan [fwaye nou], e mennen[nou] kaptif”? Ki konsèy ou jwenn nan 2 Timote 3, ak lòt kote nan lèt sa yo, ki ta ka mete w ak fanmi w an sekirite anba danje spirityèl? (gade nan, paregzanp, 1 Timote 1:3–11; 2 Timote 2:15–16; Tit 2:1–8).

Kiyès Filemon te ye?

Filemon sete yon kretyen Pòl te konvèti nan levanjil la. Filemon te gen yon esklav ki te releOnesimis, ki sanble l te sove al nan peyi Romen yo. Se la a Onesimis te rankontre Pòl epi l te konvèti nan levanjil la. Pòl te voye Onesimis retounenbay Filemon avèk yon lèt pou ankouraje Filemon resevwa Onesimis “ki pa yon sèvitè ankò, men, ki yon frè byenneme kounyea” (Filemon 1:16).

Filemon

Disip Jezikri yo trete yonn ak lòt tankou frè ak sè.

Pandan w wp li lèt Pòl te voye bay Filemon an, medite sou fason ou ta ka aplike konsèy li a nan relasyon ou avèk lòt moun. Men kèk kesyon ou ta ka konsidere:

  • Vèsè 1–7: Kisa pawòl tankou “Konpayon travay” ak “Konpayon sòlda” sijere w konsènan relasyon nan pami Sen yo? Ki lè oiu santi yon frè oubyen yon sè nan Kris la “rafrechi w”?

  • Vèsè 8–16: Kisa sa vle di pou “Egzije” ak “enplore”? Poukisa Pòl te chwazi pou l enplore Filemon tan pou l ta egzije l? Kisa Pòl te espere akonpli lè l voye Onesimis retounen bay Filemon?

  • Vèsè 16: Kisa sa vle di nou se “yon frè [oubyen sè] byenneme … nan Senyè”? Èske ou konnen yon moun ou bezwen resevwa nan fason sa a?

Imaj
senbòl etid familyal

Ide pou Etid Ekriti Familyal ak Sware Familyal

1 Timote 2:9–10.Kisa sa vle di pou “dekore [tèt nou] … avèk bon travay”? Ki bon zèv fanmi an ta ka fè semèn sa a? Ou ta ka chante ansanm, yon chan konsènan fè byen, tankou “Have I Done Any Good?” (Cantiques,no. 194 (ansyen liv kantik la).

1 Timote 4:12.Pou ede manm fanmi w anvi vin “yon egzanp pou kwayan yo,” panse pou w envite yo pou yo desine foto sou fason moun konn bon egzanp pou yo. Nan ki fason moun sa yo enspire nou pou n suiv Jezikri? Mesaj Prezidan Thomas S. Monson nan “Ou Dwe Yon Egzanp ak yon Limyè a” (Lyawona, Nov. 2015, 86–88) ka bay kèk ide sou fason pou nou yon egzanp pou lòt moun.

1 Timote 6:7–12.Poukisa w panse “amou lajan” se “rasin tout mal”? Ki danje ki genyen nan santre lavi nou sou lajan? Kijan nou ka satisfè avèk benediksyon nou genyen yo?

2 Timote 3:14–17.Selon vèsè sa yo, ki benediksyon moun ki konnen ekriti yo e ki etidye yo resevwa? Petèt manm fanmi yo ta ka pataje kèk ekriti yo twouve k espesyalman “pwofitab.”

Filemon 1:17–21. Kisa Pòl te dispoze pou l te fè pou Onesim? Kouman sa sanble avèk sa Sovè a te fè avèk volonte l pou nou an? (gade tou nan }1 Timote 2:5–6; Doktrin ak Alyans 45:3–5). Kijan nou ka suiv egzanp Pòl avèk Sovè a?

Pou plis ide pou anseye timoun yo, gade plan leson semèn sa a nan Vini, Suiv Mwen—Pou Primè a..

Chan yo sigjere: “Petite est la lumière en moi, ” Chants pour les enfants, 144.

Amelyore ansèyman nou

Anseye senp doktrin klè. Levanjil Senyè a bèl nan senplisite li (gade Doktrin ak Alyans 133:57 Olye ke w eseye divèti fanmi w avèk leson ki mande anpil preparasyon, eseye anseye doktrin nan nan pite l ak senplisite li (gade 1 Timote 1:3–7

Imaj
timoun k ap li ekriti yo

“Depi w te timoun ou te konnen ekriti sen yo, ki kapab fè w saj pou gen sali atravè lafwa ki nan Jezikri” (2 Timote 3:15).

Enprime