Nouvo Testaman 2023
9–15 Oktòb. Filipyen; Kolosyen: “M Ka Fè Tout Bagay Atravè Kris la, Ki ban m Fòs”


“9–15 Oktòb. Filipyen; Kolosyen: “M Ka Fè Tout Bagay Atravè Kris la, Ki ban m Fòs’” Vini, Suiv Mwen—Pou Moun yo ak Fanmi yo: Nouvo Testaman 2023 (2022)

“9–15 Oktòb. Filipyen; Kolosyen,” Vini, Suiv Mwen—Pou Moun yo ak Fanmi yo: 2023

Imaj
Pòl k ap dikte yon lèt nan prizon an

9–15 Oktòb

Filipyen; Kolosyen

“M Ka Fè Tout Bagay Atravè Kris la, Ki ban m Fòs”

Ki dènye fwa w te li enpresyon spirityèl ou te ekri pandan w t ap etidye Nouvo Testaman an? Li ta ka itil pou w ta repase enpresyon w te resevwa yo.

Ekri enpresyon w yo

Pòl te ekri epit li te voye bay Filipyen ak Kolosyen yo pandan l te nan prizon nan Wòm. Men lèt sa yo pa t gen ton w t ap atann nan men yon moun ki nan prizon. Pòl te pale plis konsènan lajwa, rejwisans, ak rekonesans pase l te pale konsènan afliksyon ak eprèv. Li te di: “Yo anonse Kris la, epi sa fè m kontan, wi, epi m ap pi kontan toujou” (Filipyen 1:18). Epi “malgre mwen pa la avèk nou nan kò m, mwen la nan lespri m. Mwen kontan wè … jan nou kenbe lafwa nou fèm nan Kris la” (Kolosyen 2:5). Sètènman, “lapè Bondye” Pòl te santi nan sikonstans difisil li yo “depase tout konpreyansyon” (Filipyen 4:7), men neanmwen li se yon reyalite. Nan pwòp eprèv pa nou yo, nou ka santi menm lapè sa a epi “toujou rejwi nan Senyè a” (Filipyen 4:4). Jan Pòl te fè a, nou ka repoze nou totalman sou Jezikri, “ki ba nou redanmsyon an” (Kolosyen 1:14). Nou ka di jan Pòl te di a: “M ka fè tout bagay gras ak Kris la, ki ban m fòs” (Filipyen 4:13; gade tou Kolosyen 1:11).

Imaj
senbòl etid pèsonèl

Ide pou Etid Ekriti Pèsonèl

Filipyen 2:5–11; Kolosyen 1:12–23

Lafwa m fonde sou Jezikri.

Prezidan Russell M. Nelson te di ke lè li te fokis etid ekriti yo sou vèsè yo konsènan Jezikri, li te gen yon enpak sou li tèlan ke li te santi l tankou “yon moun diferan!” (“Rale Pouvwa Jezikri nan Lavi Nou,” Lyawona, Me 2017, 39). Anvizaje suiv egzanp li pandan w ap li Filipyen ak Kolosyen (gade espesyalman Filipyen 2:5–11; Kolosyen 1:12–23). Kisa w aprann konsènan Senyè a? Kijan verite sa yo ka ede w vin “yon gason ” oswa fi diferan?

Filipyen 2:12–13

Èske nou “travay pou pwòp sali [nou]”?

Gen kèk moun ki itilize ekspresyon “travay pou pwòp sali nou” (Filipyen 2:12) pou sipòte ide ke se sèlman pa pwòp efò nou nou sove. Men, sa se yon vizyon limite, menmjan sa limite pou n konprann ansèyman Lòt moun itilize ansèyman Pòl “se pa lagras nou sove atravè lafwa” a (Efezyen 2:8)—pou pretann ke pa gen okenn travay ki nesesè pou sali. Sepandan, ekriti yo, ki enkli ekri Pòl yo, klèman anseye ke nou bezwen gras Jezikri ak efò pèsonèl pou n ka resevwa sali. Epi menm nan meyè efò nou pou n travay pou sali nou, “se Bondye ki travay nan nou” (Filipyen 2:13; gade tou Filipyen 1:6; 2 Nefi 25:23; Diksyonè Bib la, “Gras”).

Filipyen 3:4–14

Levanjil Jezikri a vo tout sakrifis.

Pòl te renonse a anpil bagay lè l te konvèti nan levanjil Jezikri a, enkli gwo pozisyon enpòtan l te genyen nan sosyete Juif la antanke Farizyen. Nan Filipyen 3:4–14, chèche wè kisa Pòl te jwenn paske l te dispoze pou l te fè sakrifis pou levanjil la. Kijan l te santi l konsènan sakrifis li yo?

Apresa reflechi sou pwòp kondisyon disip pa w. Kisa w te sakrifye pou levanjil Jezikri a? Kisa w te resevwa? Èske gen lòt sakrifis adisyonèl ou santi ou bezwen fè pou w ka vin yon disip pi devwe Sovè a.

Gade tou 3 Nefi 9:19–20; Doktrin ak Alyans 58:2–5; Taylor G. Godoy, “Yon Jou Anplis,” Lyawona, Me 2018, 34–36.

Filipyen 4:1–13

M ka jwenn lajwa nan Kris la, kèlkeswa sikonstans mwen.

Lavi Pòl se yon ilistrasyon vivant sou verite ki eksprime pa Russell M. Nelson ki di: “Lè lavi nou santre sou … Jezikri ak levanjil li a, nou ka santi lajwa kèlkeswa sa kap pase—oswa pap pase—nan lavi nou. Lajwa soti nan Limenm e gras avèk Li” (Lajwa ak Sivi Espirityèl,” Lyawona,Nov. 2016,82).

Pandan w ap li Filipyen an—patikilyèman chapit 4 la,—chèche deklarasyon ki ka ede w jwenn lajwa nan nenpòt sikonstans nan lavi ou. Kilè w konn santi “lapè Bondye” pandan yon moman difisil? (vèsè 7). Kilè w konn jwenn fòs “atravè Kris la” pou w fè bagay ki difisil? (vèsè 13). Poukisa w panse li enpòtan pou nou “kontan” nan tout sikonstans? (vèsè 11). Kijan pratike vèti yo dekri nan vèsè 8 yo ka ede w jwenn lajwa nan sikonstans w ap viv yo?

Gade Alma 33:23; Dieter F. Uchtdorf, “Rekonesan nan tout sikonstans,” Lyawona, Me 2014, 70–77.

Kolosyen 3:1-17

Disip Jezikri yo vin “nouvo” pandan yap viv levanjil li a.

Kijan w ka di ke Jezikri ap ede w vin yon “nouvo gason [oswa yon nouvo fi]”? Yon fason pou medite sou sa se pou eksplore Kolosyen 3:1–17 epi fè yon lis sou atitid, atribi, ak aksyon “ansyen moun” nan epi yon lòt lis sou atitid, atribi, ak aksyon “nouvo moun” nan.

Ekri panse w yo konsènan fason Sovè a ap chanje w, konsa nou ka repase yo alavni epi medite sou fason w ap pwogrese.

Imaj
senbòl etid familyal

Ide pou Etid Ekriti Familyal ak Sware Familyal

Filipyen.Fanmi w ka petèt remake ke mo lajwa oswa rejwi yo repete souvan nan Filipyen. Chak fwa w rankontre youn nan mo sa yo, ou ta ka kanpe epi diskite sou sa Pòl te anseye konsènan fason pou nou jwenn lajwa.

Filipyen 2:14–16.Kijan nou ka “briye tankou limyè pou mond la”?

Filipyen 4:8.Manm fanmi yo ta ka idantifye kèk bagay pou yo “panse” ki koresponn avèk deskripsyon nan vèsè sa a (gade tou Atik Lafwa 1:13). Kijan fanmi w beni lè w suiv konsèy Pòl la?

Kolosyen 1:23; 2:7.Petèt fanmi w ta ka li vèsè sa yo pandan yo chita bò yon pyebwa oubyen pandan y ap gade foto yon pyebwa (tankou sa ki akonpaye plan leson sa a). Kisa sa vledi pou nou “fonde” ak “anrasine” nan Kris la? Kijan nou youn ka ede youn lòt fòtifye rasin espirityèl nou yo?

Kolosyen 2:2–3.Fanmi ou gendwa kontan ranpli yon “bwat sekrè” avèk bagay yo ki reprezante “richès” ak “trezò sajès ak konesans” ou jwenn nan levanjil la.

Pou plis ide pou anseye timoun yo, gade plan leson semèn sa a nan Vini, Suiv Mwen—Pou Primè.

Chan yo sigjere: “Hosanna, au grand Roi!,” Cantiques, no. 34.

Amelyore Ansèyman Nou

Viv temwayaj ou. Èldè Neal A. Maxwell te anseye: “Se sa w ye ou anseye.” “Y ap pi sonje karakteristik ou yo … pase yon verite patikilye nan yon leson patikilye” (nan Anseye nan Fason Sovè a13).

Imaj
pyebwa avèk anpil rasin

Pòl te anseye ke lafwa nou ta dwe “anrasinen” nan Jezikri (Kolosyen 2:7).

Enprime