Nouvo Testaman 2023
30 Oktòb–5 Novanm. Ebre 1–6: “Jezikri, ‘Otè Sali Etènèl la‘”


“30 Oktòb 5 Novanm. Ebre 1–6: ‘“Jezikri, ‘Otè Sali Etènèl la’” Vini, Suiv Mwen—Pou Moun yo ak Fanmi yo: Nouvo Testaman 2023 (2022)

“30 Oktòb 5 Novanm. Ebre 1–6,” Vini, Suiv Mwen—Pou Moun yo ak Fanmi yo: 2023

Imaj
Kris la ki kanpe avè yon tifi

Pomad Gilead,, Annie Henrie

30 Oktòb 5 Novanm

Ebre 1–6

Jezikri, “Otè Sali Etènèl la”

Ekri enpresyon espirityèl w yo ap ede w rekonèt sa Sentespri a vle w anseye. Aji sou enpresyon w yo demontre ke w gen lafwa ke enspirasyon sa yo reyèl.

Ekri enpresyon ou

Nou tout renonse ak yon bagay pou n ka aksepte levanjil Jezikri a—keseswa move abitid, kwayans enkòrèk, move frekantasyon, oubyen yon lòt bagay. Pou Janti yo nan ansyen Legliz Kretyen an, konvèsyon te souvan vle di abandone fodye. Sepandan, pou Ebre yo (oubyen Juif) yo, si l pat pi difisil, konvèsyon te yon tijan pi konplike. Apretou, kwayans ak tradisyon yo te atache yo te anrasinen nan adorasyon vrè Bondye a ak ansèyman pwofèt li yo, depi dè milenè. Men, Apot yo te anseye ke lwa Moyiz la te akonpli nan Jezikri epi te gen yon lwa siperyè kounyeya pou kwayan yo. Èske aksepte Krisyanis la te vledi pou Ebre yo te abandone kwayans ak istwa yo te gen anvan yo? Epit Ebre yo te chèche ede reponn kesyon sa yo kote l anseye ke lwa Moyiz la, pwofèt yo, ak òdonans yo, tout enpòtan, men, Jezikri pi gran pase tout (gade Ebre 1:1–4; 3:1–6; 7:23–28). Anfèt, tout bagay sa yo pwente nou sou Kris la, epi yo temwaye de Kris la kòm Pitit Gason Bondye ak Mesi yo te pwomèt la ke Juif yo t ap tann nan.

Konvèsyon, nan ansyen epòk sa yo ak jodia, vle di fè Jezikri tounen pwen santral adorasyon ak lavi nou. Li vle di kenbe laverite a fèm epi debarase nou avèk bagay ki distrè nou lwen Li, paske li se “otè sali etènèl pou tout moun ki obeyi l” (Ebre 5:9).

Imaj
senbòl etid pèsonèl

Ide pou Etid Ekriti Pèsonèl

Kiyès ki te ekri Epit Ebre yo?

Gen kèk spesyalis ki te mande tèt yo si sete vre Pòl te ekri Epit Ebre yo. Stil literè epit Ebre yo yon ti jan diferan de lòt lèt Pòl yo, epi, premye vèsyon tèks yo pa gen non otè a ladan yo. Men, paske ide yo eksprime nan Ebre yo koresponn avèk lòt ansèyman Pòl yo, Sen Dènye Jou yo, nan kenbe tradisyon kretyen yo, jeneralman aksepte ide ke Pòl te omwen patisipe nan ekri epit sa a.

Gade tou nan Diksyonè Bib la, “Epit Pòl yo.”

Ebre 1-5

Jezikri se “pòtre egzat” Pè Selès la.

Anpil Juif te twouve sa difisil pou yo te aksepte Jezikri kòm Pitit Gason Bondye. Note fason Lèt Pòl la te voye bay Ebre yo temwaye konsènan Li. Paregzanp, pandan w ap li senk premye chapit yo, ou ta ka fè yon lis tit, ak wòl, ak stribi, ak zèv ou wè ki mansyone. Kisa bagay sa yo anseye nou sou Sovè a? Kisa yo anseye nou sou Pè Selès la?

Kisa deklarasyon sa a Èldè Jeffrey R. Holland te fè a ajoute sou fason ou konprann ansèyman ki nan chapit sa yo? “Jezi … te vini pou amelyore vizyon moun yo te genyen de Bondye a epi pou l te sipliye yo pou yo te renmen Pè Selès la jan l toujou renmen yo e l ap toujou renmen yo a. … Konsa, nouri moun ki grangou, geri malad, reprimande ipokrizi, priye pou lafwa—sete Kris la ki t ap montre nou chemen Papa a” (Grandè Bondye,” Liahona, Nov. 2003, 72).

Ebre 2:9–18; 4:12–16; 5:7–8

Jezikri te soufri tout bagay pou l ka konprann ak ede moun k ap soufri.

Èske w santi w ka “apwoche bò twòn lagras la avèk asirans” epi chèche mizèrikòd? (Ebre 4:16). Youn nan mesaj Epit Pòl te voye bay Ebre yo sèke, malgre peche nou ak feblès nou, nou ka gen aksè a Bondye epi gras li alapòte nou. Kisa w jwenn nan Ebre 2:9–18; 4:12–16; 5:7–8 ki ranfòse konfyans ou ke Jezikri ap ede w nan pwoblèm ou nan mòtalite a? Panse pou w ekri sa w panse ak sa w santi osijè sa Sovè a fè pou ou nan yon jounal.

Cade tou nan Mozya 3:7–11; Alma 7:11–13; 34; Matye S. Holland, “The Exquisite Gift of the Son,” Lyawona, Nov. 2020, 45–47.

Ebre 3:74:11

Benediksyon Bondye yo disponib pou moun ki “pa andisi kè [yo].”

Lè l te raple yo istwa ansyen Izrayelit yo, Pòl te espere pèsyade Juif yo pou yo te evite fè menm erè zansèt yo te fè yo—ki sete rejte benediksyon Bondye yo akoz enkredilite. (Ou ka li istwa Pòl yo rakonte nan Resansman 14:1–12, 26–35.)

Konsidere fason Ebre 3:74:11 ka aplike pou ou. Pou fè sa, ou gen dwa medite sou kesyon tankou sa yo:

  • Kouman Izrayelit yo te pwovoke Senyè a? (gade nan Ebre 3:8–11). Ki konsekans ki genyen nan andisi kè nou?

  • Kilè m konn kite kè m andisi? Èske gen benediksyon Bondye vle ban mwen ke m pa resevwa paske m manke lafwa?

  • Kisa m ka fè pou m devlope yon kè dou ki kontri? (gade nan Ether 4:15; Pwovèb 3:5–6; Alma 5:14–15).

Gade tou nan 1 Nefi 2:16; 15:6–11; Jakòb 1:7–8; Alma 12:33–36; Neill F. Marriott, “Livre Kè Nou bay Bondye,” Lyawona, Nov. 2015, 30–32.

Imaj
senbòl etid familyal

Ide pou Etid Ekriti Familyal ak Sware Familyal

Ebre 1:8–9.Nan ki fason Jezi montre ke l renmen ladwati epi l rayi inikite? Si nou gen dezi ki pa jis, kisa nou ka fè pou n chanje yo?

Ebre 2:1–4.Èske w ka panse a yon bagay pou ede fanmi w konprann kisa sa vle di pou n kenbe fèm nan verite levanjil “nou tande yo”? Ou ta ka ilistre sa avèk yon objè ki difisil pou w kenbe. Kijan efò nou pou kenbe temwayaj nou se tankou atrape objè sa a ak kenbe li? Kijan nou ka asire nou ke “bagay nou tande yo” pa “soti” nan lespri nou? (vèsè 1).

Ebre 2:9–10.Pou eksplore fraz “kapitèn sali yo” a, ou ta ka kòmanse diskite kisa yon kapitèn ye. Kisa sa vle di? Kijan Jezikri se tankou yon kapitèn pou noumenm ak sali nou?

Ebre 5:1–5.Vèsè sa yo ka ede w fè yon diskisyon sou kisa sa vle di pou Bondye aple nou atravè yon moun ki gen otorite. Kisa nou ka aprann nan egzanp Jezikri a sou resevwa ak ranpli apèl?

Imaj
Moyiz k ap òdone Arawon

“Pèsonn pa ka bay tèt li grad granprèt la. Se Bondye sèlman ki ka rele yon moun nan plas sa a, jan sa te fèt pou Arawon an” (Wbre 5:4). Moyiz aple Aawon nan ministè a, pa Harry Anderson

Pou plis ide pou anseye timoun yo, gade plan leson semèn sa a nan Vini, Suiv Mwen—Pou Primè a.

Chan yo sigjere: “Oh! J ai Besoin de Toi,” Cantiques, no. 57.

Amelyore etid pèsonèl nou

Eseye diferan apwòch. Olye pou w toujou etidye ekriti yo nan menm fason an, panse a lòt diferan ide pou etid. Pou kèk ide, gade seksyon “Ide pou amelyore Etid Ekriti Pèsonèl Ou” a nan kòmansman manyèl sa a.

Imaj
Jezikri

Limyè mond lan, Walter Rane

Enprime