Nouvo Testaman 2023
20–26 Novanm. 1. 1 ak 2 Pyè: “Rejwi avèk yon Lajwa Endeskriptib ak yon Laglwa Total”


“20–26 Novanm. 1 ak 2 Pyè: ‘Rejwi avèk yon Lajwa Endeskriptib ak yon Laglwa Total, ’” Vini, Suiv Mwen—Pou Moun yo ak Fanmi yo: Nouvo Testaman 2023 (2022)

“20–26 Novanm. 1 ak 2 Pyè,” Vini, Suiv Mwen—Pou Moun yo ak Fanmi yo: 2023

Imaj
Jezikri k ap preche levanjil la nan mond èspri a

Kris la k ap preche nan Mond Espri a, pa Robert T. Barrett

20–26 Novanm

1 ak 2 Pyè

“Rejwi avèk yon Lajwa Endeskriptib ak yon Laglwa Total”

Pandan w ap li Epit Pyè yo, ou gendwa resevwa enpresyin espirityèl. Rapidman ekri yo pandan w “ankò nan Lespri a” (Doktrin ak Alyans 76:80) pou w ka byen kapte sa y ap anseye w yo.

Ekri Enpresyon w yo

Yon ti tan apre Rezirèksyon l lan, Sovè a te fè yon pwofesi ki dwe te twouble Pyè. Li te predi ke Pyè tap vin yon mati pou lafwa li, lè yo mennen l “kote [l] pa t ap vle … , sa ki te vledi pa ki lanmò li t ap glorifye Bondye” (Jan 21:18–19). Ane aprè, lè Pyè te ekri epit li yo, li te konnen ke mati sa a yo te pwofetize l la te pwòch: “Mwen konnen m pa lwen mouri. Se Senyè a menm ki fè m konn sa” (2 Pyè 1:14). Epoutan, pawòl Pyè yo pa t gen laperèz ni pesimis. Men olyesa, li te anseye Sen yo pou yo “rejwi grandman,” menmsi kounyeya yo “oblije gen lapenn akoz tout tantasyon yo.” Li te konseye yo pou yo te sonje ke “eprèv lafwa [yo] a” t ap mennen nan “louwanj ak onè ak laglwa lè Jezikri parèt” ak nan “sali pou nanm [yo]” (1 Pyè 1:6–7,9). Lafwa Pyè dwe te siman rekonfòte premye Sen sa yo, menmjan l ankouraje Sen yo jodia, ki yomenm tou yo “patisipe nan soufrans Kris yo, pou ke, lè laglwa li va revele, [nou] ka kontan avèk gwo lajwa” (1 Pyè 4:13).

Imaj
senbòl etid pèsonèl

Ide pou Etid Ekriti Pèsonèl

1 Pyè 1:3–9; 2:19–24; 3:14–17; 4:12–19

M ka jwenn lajwa pandan moman eprèv ak soufrans yo.

Peryòd apre Krisifiksyon Kris la pa te yon moman fasil pou moun yon Kretyen, epi premye epit Pyè a rekonèt sa. Nan kat premye chapit yo, ou pral remake mo ak fraz ki dekri gwo difikilte: loudè, tantasyon, dèy, eprèv difisil, ak soufrans (gade 1 Pyè 1:6; 2:19; 4:12–13). Men ou pral remake mo ki sanble yo agreyab tou—ou gendwa vle pou fè yon lis sou sa w jwenn. Pa egzanp, lè w ap li 1 Pyè 1:3–9; 2:19–24; 3:14–17; ak 4:12–19, kisa ki ba ou espwa ke ou ka jwenn lajwa menm nan mitan sikonstans difisil?

Ou gendwa li tou mesaj Prezidan Russell M. Nelson “Lajwa ak Sivi Espirityèl” (Lyawona,, Nov. 2016, 81–84) epi pou chèche jwenn similarite ant sa Pyè te anseye ak sa Prezidan Nelson te anseye. Kisa ki nan plan sali a ak levanjil Jezikri a ki ba nou lajwa?

Gade tou Ricardo P. Giménez, “Jwenn Refij anba Loraj yo nan Lavi,” Lyawona, Me 2020, 101–3.

1 Pyè 3:18–20; 4:1–6

Levanjil la preche bay mò yo pou yo ka jije yo avèk egalite.

Yon jou, chak moun pral kanpe devan ba jijman an pou yo “rann kont bay moun ki pare pou jije vivan yo ak mò yo” (1 Pyè 4:5). Kijan Bondye ka jije tout moun ekitableman lè opòtinite pou yo konprann ak viv levanjil la si diferan konsa? Remake kijan doktrin ke Pyè te anseye nan 1 Pyè 3:18–20; 4:6 ede reponn kesyon sa a. Kijan vèsè sa yo fòtifye lafwa ou nan egalite ak jistis Bondye?

Pou eksplore doktrin sa a pi plis, etidye Doktrin ak Alyans 138, yon revelasyon Prezidan Joseph F. Smith te resevwa pandan l t ap medite sou ekri Pyè yo. Ki verite adisyonèl Prezidan Smith te aprann?

Gade tou Sijè Levanjil al, “Batèm pou Mò yo,” topics.ChurchofJesusChrist.org.

2 Pyè 1:1–11

Atravè pouvwa Jezikri, m ka devlope nati divin mwen.

Èske w janm santi l enposib pou w vin tankou Jezikri ak devlope atribi li yo? Èldè Robert D. Hales te ofri panse ankourajan sa a sou fason nou ka devlope atribi kretyen yo: “Atribi Sovè a … se trè karaktè ki mele ansanm, ajoute youn sou lòt, ki devlope nan nou nan fason entèaktif. Otremandi, nou pa ka jwenn yon karakteristik kretyen san nou pa jwenn ak enfliyanse lòt tou. Lè yon karakteristik vin solid, anpil lòt vin solid tou” (Vin yon Disip Senyè Nou an Jezikri,” Lyawona, Me 2017, 46).

Imaj
yon tapisri ki tise konplike

Chak kalite kretyen nou devlope ede nou tise yon tapisri disip spirityèl.

Lè ou li 2 Pyè 1:1–11, medite sou atribi yo “sou nati divin lan” lki site nan vèsè sa yo. Nan eksperyans ou, kijan yo te “antrelase,” jan Eldè Hales te dekri a? Kijan yo bati youn sou lòt? Ki lòt bagay ou aprann nan vèsè sa yo konsènan pwosesis pou vin plis tankou Kris la?

Ou gendwa medite tou sou “anpil gwo pwomès ki gen anpil valè” Bondye bay Sen yo—enkli oumenm (2 Pyè 1:4). Mwsaj Eldè David A. Bednar la “Anpil Gwo Pwomès ki Gen Anpil Valè” (Lyawona, Nov. 2017, 90–93) ka ede ou konprann kisa pwomès sa yo ye ak kijan pou resevwa yo.

Imaj
senbòl etid familyal

Ide pou Etid Ekriti Familyal ak Sware Familyal

1 Pyè 2:5–10.Pandan w ap li vèsè sa yo avèk fanmi ou, panse pou w itilize wòch pou ede manm fanmi an vizyalize ansèyman Pyè ki di Sovè a se “wòch prensipal fondasyon” nou an. Kijan nou sanble avèk “wòch [vivan] anime” Bondye itilize pou bati wayòm ni an? Kisa nou aprann nan men Pyè sou Sovè a ak wòl nou nan wayòm Li an? Ki mesaj Pyè genyen pou fanmi ou?

1 Pyè 3:8–17.Kijan nou ka “toujou pare pou bay yon repons” a moun ki kesyone nou sou lafwa nou yo? Fanmi w gendwa jwe wòl kote sitiyasyon kote yon moun apwoche yo avèk yon kesyon konsènan levanjil la.

1 Pyè 3:18–20; 4:6.Kisa fanmi w ka fè pou santi koneksyon ak zansèt nou yo? Petèt ou ta ka selebre anivèsè zansèt ki mouri yo nan prepare repa favori yo, gade foto yo, oswa rakonte istwa sou lavi yo. Si posib, ou ta ka planifye tou pou resevwa òdinans pou zansèt ou yo nan tanp lan (pou èd, vizite FamilySearch.org).

2 Pyè 1:16–21.Nan vèsè sa yo, Pyè raple Sen yo eksperyans li sou Mòn Transfigirasyon an (gade Matye 17:1–9tou.) Kisa nou aprann apati vèsè sa yo konsènan ansèyman pwofèt yo? (gade tou Doktrin ak Alyans 1:38). Kisa k ba nou konfyans pou n suiv pwofèt vivan nou an jodia?

Pou plis ide pou anseye timoun yo, gade plan leson semèn sa a nan Vini, Suiv Mwen—Pou Primè.

Chan yo sigjere: “Ma généalogie,” Chants pour les enfants, 100.

Amelyore Ansèyman Nou

“Se pou ou toujou pare.” Moman enfòmèl yo pou anseye nan fwaye a ka pase vit, konsa, li enpòtan pou w pwofite de yo lè yo prezante. Kijan w ka efòse w pou w “toujou pare” pou w anseye manm fanmi ou yo verite levanjil yo e pataje “esperans ki nan ou a” (1 Pyè 3:15) lè moman ansèyman yo prezante? (Gade Anseye nan Fason Sovè a,16.)

Imaj
Pyè k ap preche devan yon gwoup moun

Byenke Pyè te rankontre anpil pèsekisyon ak opozisyon, li te rete djanm nan temwayaj li sou Kris la.

Enprime