Nouvo Testaman 2023
4–10 Desanm. Revelasyon 1–5: “Glwa, ak Pouvwa, pou … Timounton an pou Tout tan gen tan”


“4–10 Desanm. Revelasyon 1–5: ‘Glwa, ak pouvwa, pou … Timouton an pou tout tan gen tan,’” Vini, Suiv Mwen—Pou Moun yo ak Fanmi yo: Nouvo Testaman 2023 (2022)

“4–10 Desanm. Revelasyon 1–5,” Vini, Suiv Mwen—Pou Moun yo ak Fanmi yo: 2023

Imaj
yon ti mouton ki chita sou zèb

4–10 Desanm

Revelasyon 1–5

‘Glwa, pouvwa, pou … Timouton an pou tout tan gen tan’

Panse pou w ekri kesyon ou genyen konsènan sa w ap li nan Revelation an. Apresa ou ka chèche repons pou kesyon w yo oubyen diskite yo avèk yon manm fanmi oubyen nan klas nan Legliz la.

Ekri Enpresyon w yo

Èske w janm konn gen difikilte pou w eksprime pou lòt moun sa w te santi pandan yon eksperyans spirityèl puisan? Langaj toulèjou a ka parèt ensifizan pou dekri santiman ak enpresyon spirityèl yo. Petèt se rezon sa Jan te itilize yon senbolis ak imaj si rich konsa pou l dekri revelasyon majestye l la. Li ta ka senpleman deklare ke l te wè Jezikri, men pou ede nou konprann eksperyans li a, li dekri Sovè a kote l itilize pawòl tankou sa yo: “Je li te tankou de flanm dife,” “yon epe file de bò k ap soti nan bouch li,” epi “figi l menm te klere tankou gwo solèy midi” (Revelasyon 1:14–16). Pandan w ap li liv Revelasyon, eseye dekouvri ki mesaj Jan te vle w aprann ak santi, menmsi w pa konprann siyifikasyon ki dèyè chak senbòl. Poukisa li konpare kongregasyon Legliz yo avèk chandelye, Satan avèk yon dragon, epi Jezikri avèk yon anyo? Finalman, ou pa oblije konprann chak senbòl ki nan liv Revelasyon an pou w konprann tèm enpòtan l yo, enkli tèm ki pi dominan an: Jezikri ak disip li yo pral triyonfe sou wayòm lèzòm ak Satan yo.

Imaj
senbòl etid pèsonèl

Ide pou Etid Ekriti Pèsonèl

Vizyon Jan an anseye konsènan plan Pè Selès la pou sove pitit li yo.

Liv Revelasyon an ka difisil pou w konprann, men pa dekouraje. Pwomès Jan an gendwa enspire w pou w kontinye eseye: “Benediksyon pou moun ki li, ak moun ki tande ak konprann pawòl pwofesi sa a, epi ki kenbe bagay sa yo ki ekri ladan l yo, paske tan pou Senyè a vini an pwòch” (Joseph Smith Tradiksyon, Revelasyon 1:3 [nan Apendiks Bib la], italik ajoute).

Yon fason pou w etidye Revelasyon se pou w chèche koneksyon li avèk plan sali a. Apèsi jeneral sa a gendwa ede w:

Pandan w ap li, mande tèt ou: “Kisa sa anseye m konsènan plan Bondye a? Kisa Bondye te fè pou ede m simonte mal epi retounen jwenn Li? Ki pwomès li te fè moun ki fidèl yo?”

Li gendwa itil tou pou konnen ke Doktrin ak Alyans 77 eksplike kèk nan senbòl ki iitilize nan Revelasyon yo. Anplis, Tradiksyon Joseph Smith la klarifye anpil pasaj nan Revelasyon an, donk tcheke referans yo ak apendiks Bib la regilyèman.

Gade Diksyonè Bib la tou, “Jan,” “Revelasyon, Jan” an.”

Revelasyon 1

Jezikri se Pitit Gason Vivan Bondye Vivan an.

Premye chapit nan Revelasyon an dekri aparisyon Jezikri ak Jan nan yon vizyon. Petèt ou ta ka fè yon lis sou tout bagay chapit sa a di konsènan Jezikri, enkli kimoun li ye, kisa li fè pou nou, ak kisa li renmen.

Kèk bagay ou aprann pral soti nan senbòl yo. Medite sou kisa Senyè a gendwa ap eseye anseye nou konsènan Limenm atravè senbòl sa yo. Pa egzanp, note ke Sovè a rele tèt li “kòmansman an ak finisman an” epi “premye a ak dènye a.” Poukisa ou panse tit sa yo siyifikatif? Kisa tit sa yo anseye nou konsènan Sovè a?

Revelasyon 2-3

Jezikri konnen m pèsonèlman epi l ap ede m simonte difikilte m yo.

Pawòl Sovè a nan Revelasyon 2–3 yo revele ke l te konprann siksè ak difikilte patikilye ak chak branch nan Legliz la nan epòk Jan an. Li te louwe efò Sen yo epi avèti yo tou sou bagay yo te bezwen chanje yo. Kisa nou aprann nan louwanj ak avètisman Sovè a bay yo?

Sovè a konprann siksè ak lit ou yo, epi li vle ede ou. Note pwomès li souvan ofri moun ki triyonfe yo. Kisa ki enpresyone w nan pwomès sa yo? Kisa Senyè a gendwa vle pou nou simonte? Kisa nou ka fè pou n resevwa èd li?

Revelasyon 4–5

Se sèl Jezikri ki te ka rann plan Pè Selès la posib.

Kisa nou aprann konsènan Pè Selès la nan Revelasyon 4 ak konsènan Jezikri nan Revelasyon 5? Konsidere kisa li dwe te sanble lè nou tout te reyalize ke Jezikri (“Ti Mouton” an) ta pral rann plan Papa a posib (Sovè a te ka “louvri liv la, epi … kase sèt sele yo” [Revelasyon 5:5]). Poukisa se sèlman Jezikri ki te ka fè sa? Kijan w ka montre lafwa nan li kòm Sovè ou?

Gade tou Jòb 38:4–7; Doktrin ak Alyans 77:1–7.

Imaj
senbòl etid familyal

Ide pou Etid Ekriti Familyal ak Sware Familyal

Revelasyon 1:20.Poukisa Jezi te konpare legliz li a avèk chandelye? (gade Matye 5:14–16). Chante yon chan konsènan yon limyè nan yon chandelye, tankou “Petite est la lumière en moi” (Chants pour les enfants, 96).

Revelasyon 2–3.Imajine ke Senyè a ta mande Jan pou l bay fanmi w yon mesaj tankou sa l te voye bay legliz yo pandan epòk sa a. Kisa l t ap di ki t ap byen pase? Kijan w ka amelyore?

Revelasyon 3:15–16.Apre yo fin li twa vèsè sa yo, fanmi w ta kapab bwè yon bagay ki tyèd ki gen pi bon gou cho oswa frèt. Kisa sa vledi pou spirityèlman tyèd?

Revelasyon 3:20.Montre foto Sovè a k ap frape nan yon pòt (gade fen prezantasyon sa a) pandan fanmi w ap li Revelasyon 3:20. Poukisa Jezi frape olye li jis rantre? Manm fanmi yo ta ka youn apre lòt frape nan yon pòt. Apresa yon lòt moun nan fanmi an ta ka sigjere yon fason nou ka “louvri pòt la” pou Sovè a epi kite manm fanmi an antre. Kijan nou t ap santi nou si Sovè a te lakay nou?

Revelasyon 4:10–11.Kisa sa vledi pou n adore Pè Selès la? Kisa nou konnen konsènan li ki fè nou vle adore li?

Revelasyon 5: 6, 12–13.Poukisa yo rele Jezikri “Ti Mounton” an? Kisa tit sa a anseye nou konsènan li?

Pou plis ide pou anseye timoun yo, gade plan leson semèn sa a nan Vini, Suiv Mwen—Pou Primè a.

Chan yo sigjere: “Jesus Né, Bien humblement,” Cantiques,, no. 96.

Amelyore Ansèyman Nou

Ankouraje kesyon yo. Kesyon yo se yon endikasyon ke manm fanmi yo pare pou aprann epi bay yon ide sou fason yo reyaji ak sa y ap anseye yo a. Anseye fanmi w kijan pou yo jwenn repons nan ekriti yo. (Gade Anseye nan Fason Sovè a, 25–26.)

Imaj
Kris la k ap frape nan yon pòt

Kite l antre,, pa Greg K. Olsen

Enprime