Nouvo Testaman 2023
18–24 Desanm. Nwèl: “Bòn Nouvèl ki Pote Gwo Lajwa”


“18–24 Desanm. Nwèl: ‘Bòn Nouvèl ki Pote Gwo Lajwa’” Vini, Suiv Mwen—Pou Moun yo ak Fanmi yo: Nouvo Testaman 2023 (2022)

“18–24 Desanm. Nwèl,” Vini, Suiv Mwen—Pou Moun yo ak Fanmi yo: 2023

Imaj
Bebe ki fèk fèt

Ti Mouton, Jenedy Paige

18–24 Desanm

Nwèl

“Bòn Nouvèl ki Pote Gwo Lajwa”

Konsidere nan ki fason lè w medite sou nesans Sovè a Misyon li, sa ka ede pote lespri lapè ki sakre nan epòk Nwèl la.

Ekri Enpresyon w yo

Poukisa nesans yon tibebe pote yon si gwo lajwa konsa? Petèt paske yon nouvo tibebe ka yon senbòl espwa. Gen yon bagay nan yon nouvo lavi tou nèf ki plen posiblite ki envite pou n reflechi sou lavi a rezève pou timoun sa a ak ki bèl bagay li pral akonpli. Sa pa t janm pi vre pase lè nesans Pitit Gason Bondye a, Jezikri. Pa t janm gen plis espwa yo te plase sou yon timoun konsa, epi pa t janm gen yon timoun ki te fèt avèk si anpil pwomès konsa.

Lè yon zanj te envite bèje yo pou yo te chèche yon tibebe ki te fèk fèt nan yon etab la, li te ba yo yon mesaj osijè timoun sa a tou. Sete yon mesaj esperans—ke tibebe sa a te vin sou tè a pou l te ranpli yon misyon sakre. Bèje yo te “simaye mesaj la … epi tout moun ki te tande l te etone pou sa bèje yo t ap rakonte yo. Men Mari te kenbe tout bagay sa yo nan kè li, epi l te medite sou yo nan kè l” (Lik 2:17–19). Petèt li ta bon pou w ta suiv egzanp Mari a nan Nwèl sa a: pou w ta medite nan kè w sou sa w te tande sou Sovè a ane sa a. Kijan l te akonpli misyon redanmsyon l lan, daprè sa w li yo? Epi, pi enpòtan toujou, kijan misyon l lan te chanje lavi ou? Apresa, ou ta ka santi w enspire pou w suiv egzanp bèje yo: kouman wap fè pou fè “toupatou konen” sa Jezikri fè pou ou?

Imaj
senbòl etid pèsonèl

Ide pou Etid Ekriti Pèsonèl

Matye 1:18–25; 2:1–12; Lik 1:26–38; 2:1–20

Jezikri te konsanti pou l te vin fèt pami nou sou tè a.

Menmsi w te deja li oubyen tande istwa nesans Jezikri a anpil fwa anvan sa, etidye l fwa sa a avèk panse sa a nan lespri ou: “Nwèl se pa sèlman yon selebrasyon pou raple nou kijan Jezi te vini nan mond lan, men, pou fè nou konnen kiyès Li ye tou—Senyè nou ak Sovè nou an, Jezikri—ak poukisa Li te vini” (Craig C. Christensen, “La pénitude de l’histoire de Noel” Devosyon Nwèl Premye Prezidans lan, Des. 4, 2016], broadcasts.lds.org

Kisa w konnen konsènan kiyès Jezikri te ye anvan L te fèt? (gade nan, paregzanp, Jan 17:5; Mozya 3:5; Doktrin ak Alyans 76:13–14, 20–24; Moyiz 4:2). Kijan konesans sa a afekte fason w santi w lè w ap li apwopo nesans li?

Kisa w konnen sou rezon ki te fè Jezikri te vini sou latè a? (gade paregzanp nan, Lik 4:16–21; Jan 3:16–17; 3 Nefi 27:13–16; Doktrin ak Alyans 20:20–28). Kijan konesans sa a afekte fason w santi w apwopo Sovè a? Ki efè l genyen sou lavi ou?

Gade nan 2 Korentyen 8:9; Ebre 2:7–18; 1 Nefi 11:13–33; Alma 7:10–13; “Nativite a” (video), ChurchofJesusChrist.org.

1 Korentyen 15:21–26; Kolosyen 1:12–22; 1 Pyè 2:21–25

Jezikri te ranpli misyon l lan epi l te rann posib pou m eritye lavi etènèl.

Byenke anpil evènman mirakile te antoure istwa nesans Kris la, nesans Li t ap tankou nenpòt lòt si se pa t pou gwo travay Li te akonpli nan apre nan lavi L la. Jan prezidan Gordon B. Hinckley te di: “Tibebe Jezi nan Betleyèm nan t ap sèlman yon lòt tibebe tankou tout lòt san Kris redanmtè Jetsemani ak Kalvè a, ak san Rezirèksyon triyonfan L lan” (Mèvèy ak Vrè Istwa Nwèl la,” Ensign, Des. 2000,5).

Imaj
Jezi ajenou nan Jaden Jetsemane an

Jetsemane,pa J. Kirk Richards

Gen prèv sou misyon divin Sovè a ak amou puisan Li pou lòt moun nan tout Nouvo Testaman an. Ki pasaj oubyen resi ki vin nan lespri w? Ou ta ka gade nan tout dokimantasyon sa a oubyen nan jounal etid ou pou w repase kèk nan enpresyon ou te ekri yo. Epitou, ou ta ka li 1 Korentyen 15:21–26; Kolosyen 1:12–22; 1 Pyè 2:21–25 epi medite sou fason Sovè a ak travay li a beni lavi ou. Kisa w santi w enspire pou w chanje nan lavi w? Kijan w pral rale nan pouvwa Sovè a?

Imaj
senbòl etid familyal

Ide pou Etid Ekriti Familyal ak Sware Familyal

Matye 1:18–25; 2:1–12; Lik 1:26–38; 2:1–20.Kijan w ka selebre nesans Jezikri avèk fanmi w? Men kèk ide, oubyen ou ka vini ak pwòp ide pa w:

  • Li oubyen jwe wòl kèk pati nan istwa Nativite a ansanm.

  • Gade video “The Christ Child” la nan (ChurchofJesusChrist.org).

  • Eksplore kèk nan resous ki nan “Jezikri” koleksyon ki nan Medyatèk Levanjil la, espesyalman nan seksyon ki rele “His Birth (Christmas)” la.

  • Gade yon Devosyon Nwèl Premye Prezidans lan(broadcasts.ChurchofJesusChrist.org).

  • Chante kantik Nwèl ansanm, oubyen chwazi kèk vwazen oubyen zanmi pou n al vizite epi chante pou yo (gade nan Cantiques; nos.123–137).

  • Rann yon sèvis.

  • Mande manm fanmi w pou yo chèche detay sou istwa Nativite a ki ka ba yo ide sou dekorasyon yo ta ka fè pou raple yo Jezikri.

1 Korentyen 15:21–26; Kolosyen 1:12–22; 1 Pyè 2:21–25.Poukisa nou rekonesan dèske Jezi te fèt? Ki kado Li ban nou? Kijan nou ka montre L rekonesans nou? Fanmi w ta ka chante yon kantik ki anseye our family could sing a song that teaches about His mission, such as “He Sent His Son” (Children’s Songbook, 34–35).

Kris Vivan an: Temwayaj Apot yo.” Si w vle ede fanmi w konsantre yo sou Sovè a pou epòk Nwèl la, petèt ou te ka pase kèk tan ap li oubyen etidye ansanm avèk yo “Kris Vivan an: Temwayaj Apot yo” (ChurchofJesusChrist.org). Petèt ou ta ka aprann kèk pasaj nan “Kris Vivan an” pa kè oubyen chèche deskripsyon sou lavi Sovè a nan Nouvo Testaman an ki kore deklarasyon k ladan l yo. Ou ta ka dwa envite chak manm fanmi an pou yo ekri temwayaj yo konsènan Jezikri tou, epi, si l santi l pouse pou fè sa, li l pou fanmi an.

Pou plis ide pou anseye timoun yo, gade nan plan leson semèn sa a nan Vini, Suiv Mwen—Pou Primè a.

Chan yo sijere: “Un jour dans une humble étable,” Chants pou les enfants, 25.

Amelyore Etid Pèsonèl

Chèche Jezikri. Ekriti yo anseye nou ke tout bagay temwaye de Jezikri (gade nan Moyiz 6:62–63), konsa, nou ta dwe chèche L nan tout bagay. Pandan w ap li ekriti yo, panse pou w ekri oubyen make vèsè ki anseye w sou li yo. Nan jou k ap vini yo k ap rapwoche de Nwèl la, pran tan pou w gade bò kote w pou w ka chèche bagay ki temwaye de Jezikri.

Imaj
Mari, Joseph, ak bèje yo ak tibebe Jezi

Nativite a, Brian Call

Enprime