Ansyen Testaman 2022
12–18 Septanm. Ezayi 13–14; 24–30; 35: “Yon Travay Mèveye ak Yon Pwodij”


“12–18 Septanm. Ezayi 13–14; 24–30; 35: ‘Yon Travay Mèveye ak Yon Pwodij,’” Vini, Suiv Mwen—Pou Moun yo ak Fanmi yo: 2022: Ansyen Testaman 2022 (2021)

“12–18 Septanm. Ezayi 13–14; 24–30; 35,” Vini, Suiv Mwen—Pou Moun yo ak Fanmi yo: 2022

Imaj
Joseph Smith ki ap gade Pè Selès la ak Jezikri nan Boskè Sakre a

Boskè Sakre, pa Brent Borup

12–18 Septanm.

Ezayi 13–14; 24–30;35

“Yon Travay Mèveye ak yon Pwodij”

Prezidant Bonnie H. Cordon te anseye: “Ekriti yo eklere lespri nou, nouri lespri nou, yo reponn kesyon nou yo, ogmante konfyans nou nan Senyè a, epi ede nou santre lavi nou sou Li” (“Mete konfyans ou nan Senyè a epi pa apiye sou sajès pa w,” Lyawona, Me 2017,7).

Ekri Enpresyon w yo

Youn nan bagay Senyè a mande pwofèt yo pou fè se avèti sou konsekans peche. Nan ka pwofèt Ansyen Testaman yo, souvan sa te siyifi di dirijan puisan wayòm puisan yo ke yo dwe repanti sinon y ap detwi. Se te yon travay danjere, men Ezayi pa t pè, e avètisman li te voye bay wayòm ki te egziste yo nan epòk li a—enkli Izrayèl, Jide, ak nasyon ki te bò kote yo—te dirèk (gade nan Ezayi 13–23).

Sepandan, Ezayi te gen yon mesaj espwa tou. Menmsi destriksyon ki te pwofetize yo te rive finalman sou wayòm sa yo, Ezayi te prevwa yon chans pou retablisman ak renouvèlman. Senyè a t ap envite pèp Li a pou yo retounen vin jwenn Li. Li t ap fè “kote sab la te cho a… pral tounen yon letan. Tè sèk yo pral plen sous dlo” (Ezayi 35:7). Li t ap fè “yon travay mèveye ak yon pwodij”Ezayi 29:14, pandan li tap retabli pou Izrayèl benediksyon Li te pwomèt li yo. Ni Izrayèl ni okenn lòt moun ki t ap viv nan epòk sa a pa t viv pou yo te wè travay mèveye sa a. Men nou ap wè dènye akonplisman l jodi a. An reyalite, nou ladan l!

Imaj
senbòl etid pèsonèl

Ide pou Etid Ekriti Pèsonèl

Ezayi 13:1–11, 19–22; 14:1–20

Wayòm ki mechan yo nan mond lan ak dirijan yo ap tonbe.

Yo rele Ezayi 13–14 “fado” (yon mesaj pwofetik konsènan) Babillòn (Ezayi 13:1). Babilòn, ki te yon wayòm puisan avèk yon dirijan puisan yon lè, konsidere kounyeya kòm istwa ansyen. Donk, poukisa mesaj ki te pou Babilòn nan enpòtan pou nou jodi a? Nan ekriti yo, Babilòn senbolize ògèy, monden, ak peche e jodi a nou antoure pa tout bagay sa yo. Reflechi sou senbòl sa a pandan w ap li Ezayi 13:1–11, 19–22; 14:1–20. Ou gen dwa eseye poze kèk kesyon tankou sa yo::

  • Ki resanblans ki genyen ant avètisman Ezayi te bay Babilòn yo ak pwofesi konsènan mond lan avan Dezyèm Vini Sovè a? (gade nan Ezayi 13:1–11; Doktrin ak Alyans 45:26–42).

  • Ki similarite ou wè ant ògèy way Babilòn nan ak ògèy Satan? (gade nan Ezayi 14:4–20; Moyiz 4:1–4). Ki avètisman ou jwenn pou tèt pa w nan vèsè sa yo?

  • Kijan Senyè a bay “repo anba tray w ap pase ak laperèz ou genyen”? Ezayi 14:3

Imaj
Jezi nan rad wouj

L Ap Retounen Pou Gouvène ak Reye, pa MaryR. Sauer

Ezayi 24:21–23; 25:6–8; 26:19; 28:16

Bagay Ezayi ekri yo oryante m nan direksyon Jezikri.

Ansèyman Ezayi yo refere souvan a misyon Sovè a, ki enkli sakrifis ekspyatwa Li a, Rezirèksyon, ak Dezyèm Vini Li an. Ki aspè nan misyon L lan ki vin nan tèt ou pandan w ap li vèsè sa yo: Ezayi 24:21–23; 25:6–8; 26:19; 28:16? Ki lòt pasaj ou jwenn ki fè w sonje Sovè a?

Gade tou nan Ezayi 22:22–25.

Ezayi 24:1–12; 28:7–8; 29:7–10; 30:8–14

Apostazi vle di vire do bay Senyè a ak pwofèt Li yo.

Pou l te avèti nou sou konsekans ki genyen nan vire do bay Senyè a ak rejte pwofèt Li yo, Ezayi te sèvi avèk yon kantite metafò. Bagay sa yo enkli yon tè vid (Ezayi 24:1–12), sou anba tafya (Ezayi 28:7–8), grangou ak swaf (Ezayi 29:7–10), ak yon mi oswa yo veso ki kraze (Ezayi 30:8–14). Lè w baze sou sa w li nan vèsè sa yo, poukisa li enpòtan pou nou respekte alyans nou yo? Panse sou sa w ap fè pou w rete fidèl a Senyè a ak sèvitè L yo?

Gade tou nan M. Russell Ballard, “Rete nan Bato a epi Kenbe Fèm!Liahona, Nov. 2014, 89–92; Gospel Topics, “Apostasy,” topics.ChurchofJesusChrist.org.

Ezayi 29; 30:18–26;35

Senyè a kapab retabli bagay ki pèdi oswa ki kraze yo.

Lè moun yo oswa sosyete yo vire do bay Senyè a, Satan vle nou panse ke konsekans yo ireparab. Sepandan, Ezayi te dekri kèk nan bagay mèveye Senyè a ap fè lè moun repanti epi tounen vin jwenn Li. Kisa ou aprann nan Ezayi 29:13–24; 30:18–26;35 konsènan Senyè a, lanmou L ak pouvwa L?

Yon fason Senyè a manifeste pouvwa L nan epòk pa nou an se nan Retablisman levanjil Li a. Ezayi 29 genyen ladann plizyè pasaj ki gen rapò ak evenman Retablisman sa a. Pa egzanp:

Ki panse oswa enpresyon ou genyen sou Retablisman levanjil la lè w li pasaj sa yo?

Gade tou nan “Retablisman Plenitid Levanjil Jezikri a: Yon Pwoklamasyon Bisantnè pou Mond lan” (ChurchofJesusChrist.org).

Imaj
senbòl etid familyal

Ide pou Etid Ekriti Familyal ak Sware Familyal

Ezayi 25:4–9.Èske ou janm fè eksperyans benediksyon yon abri an sekirite pandan yon tanpèt oubyen lonbray nan yon jou ete ki cho? (gade nan vèsè 4). Pale de sa pandan w ap li vèsè sa yo ak lòt deskripsyon Senyè a ke nou jwenn nan Ezayi 25:4–9. Ki resanblans ki genyen ant Senyè a ak bagay sa yo?

Ezayi 25:8–9; 26:19.Montre foto Sovè a nan Jetsemane, sou kwa a, ak apre Rezirèksyon an kapab ede fanmi w wè koneksyon ant vèsè sa yo ak Jezikri (gade nan Gospel Art Book, nimewo. 56, 57, 58,59). Envite fanmi w pou eksplike poukisa yo “rejwi nan sali li” (Isaiah 25:9).

Ezayi 29:11–18Vèsè sa yo kapab ede fanmi w diskite “travay mèveye ak pwodij” la (vèsè14) Retablisman levanjil la ak aparisyon Liv Mòmon an. Poukisa bagay sa yo mèveye ak ekstrawòdinè pou nou? Envite manm fanmi yo pou yo jwenn lakay yo kèk objè ki reprezante benediksyon mèveye Retablisman an.

Ezayi 35.Fanmi w ta kapab kontan desine foto imaj nan chapit sa a ki ede nou konprann kijan Jezikri ap bati Siyon nan epòk pa nou an. Kisa nou aprann nan imaj sa yo? Kisa nou ka fè pou nou ede bati Siyon?

Pou plis ide pou anseye timoun yo, gade nan plan leson semèn sa a nan Vini, Suiv Mwen—Pou Primè a.

Chan yo sigjere: “Par un beau printemps doré,” Chants pour les Enfants,88.

Amelyore Ansèyman Nou

Bay timoun yo posiblite pou yo eksprime kreyativite yo. Lè timoun yo kreye yon bagay ki gen rapò avèk yon prensip levanjil, ou ede yo pi byen konprann prensip la. Kite yo konstwi, fè desen, kolorye, ekri, ak kreye. (Gade nan Anseye nan Fason Sovè a,25.)

Imaj
Mari ak Jan ap gade Jezi sou kwa a

“Se li menm ki Bondye nou. Nou te mete tout espwa nou nan li. Li delivre nou! ” (Ezayi 25:9). James Tissot (Fransè, 1836–1902). Madanm, Men Pitit Gason W Lan (Stabat Mater), 1886–1894. Akwarèl opak sou grafit sou papye velen gri, Imaj: 11 11/16 x 6 in. (29.7 x 15.2 cm). Brooklyn Museum, achte pa souskripsyon piblik, 00.159.300

Enprime