Ansyen Testaman 2022
12–18 Septanm. Ezayi 13–14; 24–30; 35: “Yon Travay Mèveye ak Yon Pwodij”


“12–18 Septanm. Ezayi 13–14; 24–30; 35: ‘Yon Travay Mèveye ak Yon Pwodij,’” Vini, Suiv Mwen—Pou Primè: Ansyen Testaman 2022 (2021)

“12–18 Septanm. Ezayi 13–14; 24–30; 35” Vini, Suiv Mwen—Pou Primè: 2022

Imaj
Joseph Smith ki ap gade Pè Selès la ak Jezikri nan Boskè Sakre a

Boskè Sakre, pa Brent Borup

12–18 Septanm.

Ezayi 13–14; 24–30;35

“Yon travay mèveye ak yon pwodij”

Apre w fin etidye Ezayi 13–14; 24–30;35 nan lapriyè, planifye aktivite pou ede timoun yo aprann. Ide pou aktivite ki anba la a yo kapab adapte pou nenpòt gwoup laj.

Ekri Enpresyon w yo

Imaj
senbòl pataj

Envite Pataj

Envite timoun yo pou yo kanpe si yo ta renmen pataje yon bagay yo te aprann resamman apwopo levanjil la lakay yo oubyen nan Legliz la. Bay chak timoun opòtinite pou l pataje.

Imaj
senbòl ansèyman

Anseye Doktrin nan: Timoun ki Pi Piti yo

Ezayi 14:12–14

Te gen yon lagè nan syèl la.

Anvan mond lan te kreye, Pè Selès la te chwazi Jezikri pou l te vin Sovè nou. Ezayi 14:12–14 dekri ògèy Satan te montre nan Konsèy premòtèl la nan Syèl la.

Aktivite posib

  • Itilize “Entwodiksyon: Plan Papa nou ki nan Syèl la” (nan Istwa Ansyen Testaman, 1–3) oubyen kantik “I Lived in Heaven” (Children’s Songbook,4) pou pale timoun yo de Gè ki te genyen nan Syèl la anvan nou te fèt. (Pandan w ap fè sa, mete gwoup mo ki soti nan Ezayi 14:12–14 ki dekri Satan.) Apre sa, envite chak timoun pou l rakonte w istwa a lè tou pa l rive. Souliye ke Jezikri te suiv plan Pè Selès la epi Li te vin tounen Sovè nou.

  • Sou tablo a, desine yon kè ki gen mo Satan an ak yon figi tris andedan li. Eksplike ke Satan te di nan kè li: “M ap moute rive jouk nan syèl la. Mwen pral mete fotèy mwen pi wo pase zetwal Bondye yo” (Ezayi 14:13), ki vle di li te vle pou l te pi byen pase Pè Selès la. Envite yon timoun pou l desine yon lòt kè, fwa sa a avèk mo Jezi ak yon figi souriyan andedan li. Ede timoun yo konprann ke Jezi te vle fè sa Pè Selès la te mande L pou L fè a (gade nan Moyiz 4:1–2). Kijan nou ka suiv egzanp Jezi?

Imaj
Jezi resisite a parèt devan yon fi nan tonm nan

“Li pral fè pa janm gen lanmò ankò” (Ezayi 25:8).

Ezayi 25:8

Jezikri te resisite.

Jezikri ka konsole doulè nou santi osijè lanmò a. Paske li te gen viktwa sou lanmò, nou tout ap resisite tou.

Aktivite posib

  • Montre foto Rezirèksyon Jezikri a, epi mande timoun yo pou yo di yon bagay yo konnen konsènan foto a. Si sa nesesè, pataje istwa Jezi ki resisite a avèk yo (gade “Jezi Resisite,” nan Istwa Nouvo Testaman, 139–44). Jwe oubyen chante yon chan sou Rezirèksyon an, tankou “Jésus est ressuscité” (Chants pour les enfants,44), epi envite timoun yo di kijan sa fè yo santi yo paske yo konnen Jezi te leve soti anba lanmò.

  • Pale yo de yon moun ou konnen ki mouri. Kijan nou santi nou lè nou yon moun nou renmen mouri? Envite yo pou yo desine figi yon moun ki ap kriye. Apre sa li Ezayi 25:8 pou yo. Kisa Jezi ap fè pou dlo nan je nou lè nou sonje yon moun ki mouri? Envite timoun yo pou yo fè desen yon figi souriyan. Rann temwayaj ou ke, paske Jezikri te resisite, nou ka santi nou konsole lè yon moun mouri epi nou konnen nou tout ap resisite yon jou.

Ezayi 29:12, 14

Senyè a te retabli Legliz Li a pa lantremiz Joseph Smith.

Retablisman levanjil la se “yon travay mèveye ak yon pwodij” (Ezayi 29:14). Rakonte timoun yo kèk nan bagay mèveye Senyè a te fè—epi Li kontinye ap fè—pou retabli levanjil Li a nan epòk nou an.

Aktivite posib

  • Envite timoun yo pou yo pataje sa yo konnen konsènan Joseph Smith. Si sa nesesè, pataje “Premye Vizyon Joseph Smith” la avèk yo (nan Istwa ki nan Doktrin ak Alyans, 9–12). Li Ezayi 29:12, epi eksplike ke menm si anpil moun pa t konsidere Joseph Smith kòm yon moun “save,” Jezikri te retabli levanjil la pa lentèmedyè li.

  • Li Ezayi 29:14 pou timoun yo, epi pataje avèk yo lòt mo ki vle di menm bagay tankou “mèveye” ak “mèvèy. Afiche kèk bagay ki reprezante kèk nan travay mèveye Senyè a fè pandan dènye jou yo, tankou foto Premye Vizyon an oswa Joseph Smith ki ap resevwa prètriz la (gade nan Liv Ilistrasyon Levanjil la, nos. 90, 93,94) oubyen yon kopi Liv Mòmon an. Envite timoun yo pou yo chwazi youn epi di poukisa li mèveye pou yo.

Imaj
senbòl ansèyman

Anseye Doktrin nan: Timoun Ki Pi Gran yo

Ezayi 24:3–5; 29:7–10; 30:8–14

Apostazi vle di vire do bay Senyè a ak pwofèt Li yo.

Li avètisman Ezayi bay sou danje apostazi kapab ede timoun yo pran rezolisyon pou yo rete fidèl anvè Senyè a epi pou yo suiv pwofèt Li yo.

Aktivite posib

  • Ekri mo apostazi a sou tablo a. Envite timoun yo chèche definisyon “Apostazi” nan Gid Ekriti yo nan (scriptures.ChurchofJesusChrist.org). Mande yo pou yo li Ezayi 24:5; 30:9–11 epi fè yon lis bagay moun te fè nan epòk Ezayi a ki te mennen yo nan apostazi. Apre sa envite timoun yo pou yo chanje bagay yo ki sou lis la pou montre kisa nou ka fè pou nou rete fidèl anvè Senyè a.

  • Divize klas la an gwoup de moun, epi bay chak gwoup li youn nan pasaj sa yo: Ezayi 24:3–5; Ezayi 29:7–10; oswa Ezayi 30:8–14. Envite yo desine foto ki reprezante sa yo li yo. Pandan y ap pataje desen yo, ede yo diskite sou pawòl Ezayi te anseye sou rezon k fè nou dwe rete fidèl anvè Senyè a.

Ezayi 29:13– 15, 18,24

Retablisman levanjil la se yon “travay mèveye.”

Kijan w ka ede timoun yo konprann ke yo fè pati “travay mèveye” Senyè a (Ezayi 29:14) nan dènye jou yo?

Aktivite posib

  • Montre yo foto kèk nan evenman mèveye ki te rive lè levanjil la te retabli (gade nan Liv Ilistrasyon Levanjil la, nos. 90–95, oswa paj aktivite semèn sa a). Li ansanm Ezayi 29:14, 18,24, epi envite timoun yo chèche mo ak ekspresyon ki gen rapò avèk evenman ki nan foto yo. Mande yo kijan yo ka ede nan “travay mèveye” Senyè a (vèsè 14).

  • Pataje yon brèf eksperyans pou ede timoun yo konprann kisa retablisman vle di. Pa gzanp, pale sou yon bagay ki te pèdi ak kijan w te jwenn li. Ede yo konpare sa avèk Retablisman levanjil la. Selon Ezayi 29:13–15, poukisa nou bezwen Retablisman an? Ki travay mèveye Senyè a te fè pou retabli levanjil Li a?

Ezayi 14:3; 25:8; 28:16

Ansèyman Ezayi yo pwente m sou Jezikri.

Ansèyman Ezayi yo pwente timoun w ap anseye yo sou Sovè a epi yo ede yo sonje sa L fè pou yo.

Aktivite posib

  • Ekri referans ekriti sa yo sou moso papye separe: Ezayi 14:3; Ezayi 25:8; Ezayi 28:16; Matye 11:28–30; 1 Korentyen 15:53–57; Elaman 5:12. Bay timoun yo papye yo, epi envite yo pou yo ekri sou papye kèk verite yo aprann nan vèsè sa yo epi travay ansanm pou matche vèsè ki anseye menm verite yo. Selon vèsè sa yo, ki gwo bagay Senyè a fè pou nou?

  • Mande yo pou yo chwazi yon ekspresyon nan Ezayi 14:3; 25:8; oswa 28:16 ki raple yo Jezikri. Envite yo pou yo ekri ekspresyon an la sou yon moso papye epi desine yon foto Sovè a ke yo ka mete lakay yo.

Imaj
senbòl aprantisaj

Ankouraje Aprantisaj Lakay

Envite timoun yo ekri yon nòt oubyen desine foto yon bagay yo te aprann nan klas la jodi a. Ankouraje yo pou yo pataje l avèk fanmi yo oswa yon manm klas la ki pa t vin nan Primè jodi a.

Amelyore Ansèyman Nou

Adapte aktivite yo pou akomode timoun ki andikape yo. Ti adaptasyon nan aktivite yo kapab asire ke tout timoun yo ka aprann. Pa egzanp, si yon aktivite sigjere pou w montre yon foto, ou gen dwa fè yo chante yon chan pito olye ke w enkli timoun ki pa wè byen yo.

Enprime