Ansyen Testaman 2022
29 Out- 4 Septanm: Pwovèb 1-4; 15-16; 22; 31; Eklezyas 1-3; 11-12: “Lakrent pou Bondye se Kòmansman Lasajès”


29 Out- 4 Septanm: Pwovèb 1-4; 15-16; 22; 31; Eklezyas 1-3; 11-12: “Lakrent pou Bondye se Kòmansman Lasajès” Vini, Suiv Mwen—Pou Primè: Ansyen Testaman 2022 (2021)

29 Out- 4 Septanm: Pwovèb 1-4; 15-16; 22; 31; Eklezyas 1-3; 11-12: Vini, Suiv Mwen—Pou Primè: Ansyen Testaman 2022

Imaj
yon mesye k ap li ekriti yo

29 Out-4 Septmanm

Pwovèb 1-4; 15–16; 22; 31; Eklezyas 1–3; 11–12

“Lakrent pou Bondye se Kòmansman Lasajès”

Pandan w ap li ekriti yo, panse a timoun w ap anseye yo. Ki mesaj nan ekriti sa yo ka ede yo santi yo pi pre Papa nou Ki nan Syèl la ak Jezikri?

Ekri Enpresyon w yo

Imaj
senbòl pataj

Envite Pataj

Desinen yon foto sou tablo an de bagay ki te mansyone nan liv Pwovèb yo, tankou yon kè, yon limyè, oubyen yon chemen. Ede timoun yo li Pwovèb 3:5; 4:18-26, epi envite yo pou yo pataje yon bagay yo te aprann konsènan bagay sa yo nan ekriti yo.

Imaj
senbòl ansèyman

Anseye Doktrin nan: Timoun ki pi Piti yo

Pwovèb 3:5

Mwen ka renmen Senyè a avèk tout kè mwen.

Lè nou fè Senyè a konfyans ak tout kè nou, nou gen lafwa nan Li e nou konnen ke L ap ede nou.

Aktivite posib

  • Kite youn nan timoun yo kenbe yon foto Sovè a pandan w ap li pwovèb 3:5. Di timoun sa konfyans nan Senyè a vle di pou ou. Envite timoun yo pou yo fè yon kè avèk men yo oubyen pou yo mete men yo sou kè yo pandan y ap repete fraz “fè Senyè a konfyans ak tout kè w” plizyè fwa.

  • Desinen yon gwo kè sou tablo an, epi ede timoun yo panse ak bagay yo ka fè pou montre ke y ap fè Senyè a konfyans. Envite yo pou yo desinen ide yo anndan kè a oubyen sou yon fèy papye. Ankouraje yo pou yo pataje bi yo a avèk fanmi yo.

Imaj
de timoun k ap pale

Timoun yo ka bay yon “repons dou” avèk mo janti (Pwovèb 15:1).

Pwovèb 15:1,18

M ka itilize mo janti.

Nan sitiyasyon fristran, nou ka tante reponn avèk kòlè. Pwovèb 15:1,18 ansenye nou kijan nou ka evite kòlè.

Aktivite posib

  • Li Pwovèb 15:1 bay timoun yo, epi eksplike nenpòt fraz oubyen mo yo gendwa pa konnen. Pataje kèk egzanp sitiyasyon kote yon timoun ka santi l an kòlè (tankou yon diskisyon avèk yon frè oubyen on sè). Ede yo panse ak “repons dou,” oubyen mo janti, yo te ka bay olye de mo kòlè. Ede yo pratike di bagay sa yo dousman oubyen nan yon vwa kalm.

  • Chante ansanm yon kantik sou jantiyès, tankou “Soyons Gentils” (Chants pour les enfants,83). Kisa kantik sa a anseye nou sou padone lòt moun?

  • Pou ede timoun yo konprann sa sa vle di pou “lan a la kòlè” (Pwovèb 15:18), bay yon istwa pèsonèl konsènan lè oumenm (oubyen on moun ou konnen) te santi l fache men chwazi pou l janti. Envite timoun yo pou pataje pwòp egzanp pa yo. Ede timoun yo panse a kèk bagay ki bon yo ka fè olye yo an kòlè. Pa egzanp, yo ta ka panse ak Jezi, mande Papa nou Ki nan Syèl la pou ede yo, chante yon chan Primè, oubyen, si posib, annik elwaye yo.

Pwovèb 22:9

M ka pataje sa m genyen avèk lòt moun.

Timoun piti yo ka aprann ede moun bò kote yo ki nan bezwen. Kijan ou ka enspire yo pataje sa yo genyen ak lòt moun?

Aktivite posib

  • Montre timoun yo plizyè foto ak lòt moun k ap sèvi oubyen ede moun ki nan bezwen, enkli foto Sovè a (tankou Liv Ilistrasyon Levanjil la, nos. 42, 44,46). Mande timoun yo pou yo di w sa k ap pase nan chak foto. Li Pwovèb 22:9pou timoun yo. Eksplike ke youn nan fason nou ka sèvi se lè nou bay “pòv yo manje” men gen anpil lòt fason nou ka ede sa k nan bezwen. Envite timoun yo pou yo desine yomenm k ap ede yon moun ki nan bezwen.

  • Vini nan klas la ak plizyè bagay ke ou ka pataje ak timoun yo, tankou foto oubyen kreyon. Pandan w ap bay chak timoun yo youn, di, “M ap pataje avèk [non timoun].” Kite timoun yo pran tou pou yo pataje bagay la youn avèk lòt. Ki lòt bagay nou ka fè pou pataje ak lòt moun?

  • Chante ansanm yon kantik sou sèvis, tankou “Donne, dit le ruisseau” (Chants pour les enfants,116). Oubyen montre videyo “Gordon Hinckley: Leson m te Aprann kòm yon Gason” (ChurchofJesusChrist.org). Mande yo kijan yo santi yo lè y ap priye.

Imaj
senbòl ansèyman

Anseye Doktrin nan: Timoun ki pi Gran yo

Pwovèb 1:7; 2:5; 15:33; 16:6; Eklezyas 12:13

Pou w “gen lakrent pou Bondye” sa vle di ou renmen L ak obeyi Li.

Youn nan mesaj enpòtan nan Pwovèb ak Eklezyas se “gen lakrent pou Bondye, epi kenbe kòmandman L yo” (Eklezyas 12:13). Reflechi sou kijan w ap ede timoun yo konprann kisa savle di pou nou “vin jwenn Kris la.”

Aktivite posib

  • Envite timoun pou fè lis bagay moun ka pè. Apresa mande yo pou yo li Pwovèb 1:7 ak Eklezyas 12:13. Kisa sa vledi pou n gen lakrent Bondye? Pou ede reponn kesyon sa a, mande timoun yo pou yo li vèsè yo ankò, ranplase mo “lakrent” lan avèk mo “reverans.” Repete aktivite sa a ak mo tankou “lanmou,” “obeyisans,” oubyen “obeyi.” Nan ki fason chanjman konpreyansyon nou de sa sa vle di pou gen lakrent Bondye?

  • Envite chak timoun pou yo chwazi youn nan vèsè sa yo pou nou li, chèche mo “lakrent”: Pwovèb 1:7; 2:5; 15:33; 16:6. Mande timoun yo pou pataje sa vèsè yo ansenye konsènan benediksyon ki vini lè nou gen lakrent Senyè a, sa vle di nou montre reverans ak respè anvè Li menm (gade tou Pwovèb 14:26-27). Kijan nou ka montre Bondye ke nou renmen L e respekte L?

Pwovèb 3:5–7

“Konfye ou nan Senyè a avèk tout kè ou.”

  • Li ansanm Pwovèb 3:5-7, epi envite timoun yo pou yo fè lis bagay vèsè sa yo di nou dwe fè ak sa nou pa dwe fè. Mande yo sa yo santi chak bagay sa yo ka vle di. Ki kalite nou jwenn nan moun nou fè konfyans? Ki kalite Senyè a genyen ki ede nou fè L konfyans?

  • Pou montre sa sa vle di pou nou pa “apiye sou pwòp konpreyansyon nou,” kite timoun yo apiye yon bwa oubyen yon kreyen kont plizyè bagay, tankou yon liv oubyen on mòso papye. Ki bagay ki te mache pi byen? Poukisa l enpòtan pou nou “fè Bondye konfyans” e pa apiye sou pwòp konpreyansyon nou?

Pwovèb 15:1,18; 16:32

“Yon repons dous ap kalme yon moun ki ankòlè.”

Souvan lè nou pale avèk kòlè sa fè yon sitiyasyon vin pi mal. Vèsè sa yo ansenye ke pawòl ak atitid nou yo ka elwaye kòlè.

Aktivite posib

  • Ekri mo kòlè ak chirepit sou tablo a, epi pataje yon ekzanp diskisyon timoun kapab genyen. Apresa mande timoun yo pou yo li Pwovèb 15:1,18; 16:32 apresa chèche konsèy yo ta ka bay timoun k ap diskite yo. Chak fwa yon timoun pataje yon ide, envite yo efase yon pati nan mo ki sou tablo a. Envite yo pou yo ranplase mo sa yo ak lòt mo ki dekri atribi Kretyen ki pote lapè.

  • Ede timoun yo panse ak istwa nan ekriti yo kote Sovè a te yon modèl de sa ki te ansenye nan Pwovèb 15:1,18; 16:32. Pou ide, yo ta ka gade nan Jan 8:1-11; 18:1-11. Chante ansanm yon chan sou suiv egzanp Sovè a, tankou “Jésus-Christ est mon modèle” (Chants pour les enfants, 40–41). Kijan nou ka suiv egzanp Jezi a lè nou aji ak manm fanmi nou, zanmi ak lòt moun?

Imaj
senbòl aprantisaj

Ankouraje Aprantisaj Lakay

Ede timoun yo pran yon vèsè yo te li nan klas la ke yo te renmen. Ankouraje yo pataje vèsè sa a ak fanmi yo epi di sa yo te aprann de li.

Amelyore Ansèyman Nou

Amelyore w antanke yon enstriktè nan fason Kris la. Reflechi sou fason w ka ede timoun yo bati lafwa yo nan Pè Selès la ak nan Jezikri. Kesyon evalyasyon pèsonèl nan paj 37 nan Ansèyman nan Fason Sovè a ka ede.

Enprime