Ansyen Testaman 2022
19–25 Septanm. Ezayi 40–49: “Konsole W Pèp Mwen an”


“19–25 Septanm. Ezayi 40–49: ‘Konsole W Pèp Mwen an’” Vini, Suiv Mwen—Pou Primè: Ansyen Testaman 2022 (2021)

“19–25 Septanm. Ezayi 40–49,” Vini, Suiv Mwen—Pou Primè: 2022

Imaj
Jezikri ki ap geri yon mesye ki avèg

Healing the Blind Man [Geri Mesye Ki Avèg la], pa Carl Heinrich Bloch

19–25 Septanm.

Ezayi 40–49

“Konsole W Pèp Mwen an”

Anpil pasaj nan Ezayi 40–49 la ka ede timoun yo ogmante lanmou yo pou Senyè a ak lafwa yo nan Li. Chèche èd Lespri a pou w ka jwenn pasaj sa yo pandan w ap etidye.

Ekri Enpresyon W yo

Imaj
senbòl pataj

Envite Pataj

Li Ezayi 40:9 avèk timoun yo, epi envite yo pou yo fè kòm si y ap monte yon “mòn byen wo a” epi apresa pran tou pou yo leve vwa yo pou yo pataje yon bagay yo te aprann nan ekriti yo resamman—lakay yo oubyen nan Legliz la.

Imaj
senbòl ansèyman

Anseye Doktrin nan: Timoun ki pi Piti yo

Ezayi 43:10

M ka yon temwen Senyè a.

Senyè a te raple Izrayelit yo ke yo te temwen anpil gwo bagay Li te fè pou yo. Li te vle pou yomenm (ak nou tout) se temwen Li, pou ede lòt moun konnen pouvwa L ak bonte Li.

Aktivite Posib

  • Rakonte timoun yo yon bagay ou te temwen. Ede yo panse a kèk eksperyans yo te fè e ke youn ka rakonte lòt oubyen ke yo te obsève kòm “temwen” —pa egzanp, yon bon ti manje yo te manje, yon kote yo te vizite, oubyen yon moun yo te konnen. Li pou timoun yo nan Ezayi 43:10: “Men pawòl Senyè a di: -Se nou menm menm ki pou sèvi m temwen. Se nou menm mwen te chwazi pou sèvi m.” Di timoun yo ke lè nou batize nou pwomèt pou nou vin yon temwen Jezikri (gade nan Mozya 18:9). Kisa sa vle di pou yon moun temwen Senyè a?

  • Mande timoun yo pou yo pataje sa yo konnen konsènan Jezikri ak levanjil Li a. Montre yo foto pou ba yo ide (pa egzanp, foto Rezirèksyon Sovè a, Liv Mòmon an, tanp, ak pwofèt vivan an). Envite yo pou yo pale de sa yo ta ka pataje avèk lòt moun kòm temwen Senyè a.

Ezayi 43:11

“Pa gen lòt ki ka delivre nou pase mwen menm.”

Jezikri se sèl moun ki ka sove nou anba peche ak lanmò. Reflechi sou fason w ka enspire timoun yo pou yo mete konfyans yo nan Li.

Aktivite Posib

  • Envite timoun yo pou yo imajine yon sitiyasyon kote yo ta ka bezwen èd (tankou lè yo malad oubyen yo pran nan yon tanpèt). Montre yo plizyè objè (oswa foto objè), kèk ki t ap ede yo nan sitiyasyon an ak kèk lòt ki pa t ap ede yo. Pa egzanp, yon parapli t ap ede nan yon tanpèt, men yon vè dlo ak yon kreyon pa t ap ede. Mande yo pou yo chwazi objè ki t ap ede yo nan sitiyasyon sa a. Montre yo foto Sovè a pou ede yo pale de fason Li ede nou.

  • Li pou yo Ezayi 43:11, epi mande yo montre yon foto Jezi lè yo tande mo “sovè” a. Temwaye ke, paske Jezikri te soufri epi L te mouri pou nou epi L te resisite, Li se sèl moun ki ka sove nou anba peche nou ak lanmò.

Imaj
vag lanmè

Nou ka gen “lajistis tankou vag lanmè” (Ezayi 48:18).

Ezayi 48:18.

Respekte kòmandman yo pote lapè.

Senyè a pwomèt lapè tankou “yon rivyè” ak lajistis tankou “vag lanmè” pou moun ki respekte kòmandman L yo.

Aktivite Posib

  • Li pou timoun yo Ezayi 48:8–9. Envite yo pou yo bouje men yo ak bra yo tankou yon rivyè ak vag lanmè. Di kijan respekete kòmandman Bondye yo ede w santi lapè tankou yon rivyè oswa solid tankou yon vag lanmè.

  • Desine yon rivyè sou tablo a. Ede timoun yo panse a kòmandman Bondye ba nou yo. Ekri kòmandman sa yo sou moso papye (oubyen desine imaj senp sou yo), epi fè chak timoun yo tache kòmandman yo sou rivyè a sou tablo a lè tou pa yo rive. Ede timoun yo aprann kijan respekte kòmandman yo pote lapè.

  • Chante ansanm yon kantik sou kòmandman yo, tankou “Pour trouver la paix”” (Chants pour les enfants, 68-69). Kisa chan sa a anseye sou rezon ki fè nou dwe respekte kòmandman yo?

Imaj
senbòl ansèyman

Anseye Doktrin nan: Timoun ki Pi Gran yo

Ezayi 40:3–5

M ka prepare “chemen Senyè a.”

Nou ede pwofesi ki nan Ezayi 40:3–5 la akonpli lè nou ede lòt moun resevwa Senyè a nan lavi yo.

Aktivite Posib

  • Mande youn nan timoun yo pou l li Ezayi 40:3 pandan chak nan lòt timoun yo ap li youn nan pasaj sa yo epi chèche mo ak ekspresyon ki sanble ladan yo: Mak 1:3–4 (Jan Batis); Alma 7:9 (Alma); Doktrin ak Alyans 33:10–11 (misyonè dènye jou yo). Ede yo idantifye kiyès ki ap prepare “chemen Senyè a” nan chak nan pasaj yo. Kijan moun sa yo te prepare chemen Senyè a? Kisa nou ka fè pou nou ede?

  • Desine yon chemen sou tablo a, epi li Ezayi 40:3–5avèk timoun yo. Mande yo pou yo fè lis obstak ki ta ka anpeche moun suiv Sovè a, epi envite yo pou yo desine obstak ki sou chemen an. Fè yo efase obstak yo amezi w ap pale de fason nou ka ede moun simonte yo.

Ezayi 41:10; 43:1–5; 48:10

Senyè a avèk mwen nan eprèv mwen yo.

Lè nou fè alyans avèk Senyè a, Li pwomèt L ap avèk nou—menm pandan eprèv nou yo. Ede timoun yo wè tèt yo kòm moun ki fè pati pèp alyans Senyè a e kòm moun ki ap resevwa pwomès Li yo.

Aktivite Posib

  • Ekri sou tablo a Mwen se… ak Mwen ap… Envite timoun yo li Ezayi 41:10 ak Ezayi 43:1–5 pou yo ka wè kimoun Senyè a di Li ye ak kisa L di L ap fè. Ki lòt ekspreyon yo repete nan vèsè sa yo? Kijan mesaj sa yo ta kapab ba nou rekonfò ak espwa pandan tan difisil?

  • Li ansanm Ezayi 48:10, epi pale de kisa yon founèz ye ak fason diferan yo itilize l. Eksplike ke se nan founèz yo pirifye metal yo. Poukisa yon founèz se yon bon fason pou dekri afliksyon? Kijan afliksyon nou yo ka pirifye nou? (gade nan Alma 62:41).

Ezayi 49:14–16

Senyè a p ap janm bliye m.

Lè nou santi nou lwen Senyè a akozde peche, eprèv, oswa nenpòt lòt rezon, mesaj ki nan Ezayi 49:14–16 la ka pote rekonfò.

Aktivite Posib

  • Mande timoun yo pou yo li Ezayi 49:14. Kisa ki ta kapab ka fè moun santi yo bliye yo oubyen abandone yo? Kijan nou ka ede lòt moun konnen ke Senyè a pa bliye yo? Kijan nou ka konnen ke Li pa bliye nou?

  • Envite timoun yo pale de yon moun yo konnen ke yo p ap janm bliye, tankou yon manm fanmi yo oubyen yon zanmi. Diskite sou kijan yon manman plen lanmou santi l apwopo pitit li ak kijan Senyè a santi L apwopo nou. Apre sa mande timoun yo pou yo li Ezayi 49:15–16. Selon vèsè sa yo, poukisa Senyè a p ap janm bliye nou? Envite timoun yo pou yo pataje sa yo santi konsènan Jezikri.

Imaj
senbòl aprantisaj

Ankouraje Aprantisaj Lakay

Envite timoun yo panse a yon bagay yo te aprann jodi a ke yo ta renmen aprann plis sou li. Ede yo ekri yon kesyon sou li ke yo ka poze yon paran oubyen yon lòt manm fanmi yo.

Amelyore Ansèyman Nou

Adapte w a bezwen timoun yo. Si w ap anseye timoun piti men ou santi w enspire pou w anseye yo youn nan prensip ki nan plan leson sa a pou “Timoun ki pi Gran yo” oubyen vise vèsa, adapte youn nan aktivite yo sigjere pou prensip sa a pou w ka reponn bezwen ak kapasite timoun w ap anseye yo.

Enprime