Ansyen Testaman 2022
26 Septanm–2 Oktòb. Ezayi 50–57: “Li te Pran Soufrans Nou Yo, Li Te Pran Doulè Nou Yo Sou Do L”


“26 Septanm–2 Oktòb. Ezayi 50–57: ‘Li te Pran Soufrans Nou Yopou nou, Li te Pran Doulè Nou Yo Sou Do L,’” Vini, Suiv Mwen—Pou Primè: Ansyen Testaman 2022 (2021)

“26 Septanm–2 Oktòb. Ezayi 50–57,” Vini, Suiv Mwen—Pou Primè: 2022

Imaj
Kris la ki gen yon kouwòn pikan epi gen yo sòlda ki ap moke L

The Mocking of Christ [Moke Kris la], pa Carl Heinrich Bloch

26 Septanm–2 Oktòb.

Ezayi 50–57

“Li Te Pran Soufrans Nou Yo, Li Te Pran Doulè Nou Yo Sou Do L”

Ezayi 50–57 gen kèk bèl langaj timoun w ap anseye yo gen dwa pa konprann. Pandan w ap prepare w pou w anseye a, medite sou verite senp pawòl sa yo ap anseye yo ak kijan w ta ka ede timoun yo aprann yo.

Ekri Enpresyon W yo

Imaj
senbòl pataj

Envite Pataj

Ankouraje timoun yo pou yo di kijan yo fè konnen Jezikri renmen yo. Mande yo pou yo di kisa y ap fè pou montre ke yo renmen Jezi.

Imaj
senbòl ansèyman

Anseye Doktrin nan: Timoun Ki Pi Piti yo

Ezayi 53:4

Jezikri te soufri pou mwen paske Li renmen mwen.

Atravè sakrifis ekspyatwa L la, Jezikri te soufri pou peche nou epi L te pran sou tèt Li “soufrans nou” ak “lapenn nou.” Kijan w pral temwaye de Ekspyasyon Sovè a bay timoun yo?

Aktivite Posib

  • Montre foto Sovè a ki ap soufri sou kwa a ak nan Jaden Jetsemane a (gade nan Liv Ilistrasyon Levanjil la, nos. 56, 57, oswa chapit 51–53 nan Istwa Nouvo Testaman yo). Mande timoun yo kisa yo wè nan foto yo epi fè yo di kisa yo konnen sou sa k ap pase a. Poukisa Jezi te soufri pou nou?

  • Li pou timoun yo nan Ezayi 53:4: “Li Te Pran Soufrans Nou Yo, Li Te Pran Doulè Nou Yo Sou Do L” Montre yo yon bagay ki lou (oubyen foto youn bagay lou), epi envite yo pou yo fè kòm si y ap leve yon bagay ki lou. Eksplike ke “soufrans” ak “lapenn” (oswa tristès) kapab lou ak difisil pou nou pote. Temwaye ke Jezikri ap ede nou pote bagay sa yo paske Li renmen nou.

Ezayi 55:6 .

Mwen ka chèche Senyè a epi priye Li.

Reflechi sou fason w ka ede timoun yo konprann kisa “chèche” Jezi pandan tout lavi yo vle di.

Aktivite Posib

  • Kache yon foto Jezi yon kote nan sal la, epi envite timoun yo jwenn li. Li pawòl sa yo “Tounen vin jwenn Senyè a, pandan nou ka jwenn li an” nan Ezayi 55:6. Mande timoun yo site kèk fason yo ka chèche Senyè a—ki ka vle di vledi y ap eseye ak tout fòs pou aprann sou Li ak rapwoche yo de Li. Chak fwa yon timoun bay yon repons, kache foto a ankò, epi envite l pou l “chèche” l.

  • Ede timoun yo aprann pawòl ki nan chan “Sans tarder, je recherche mon Sauveur” (Chants pour les enfants,67) oubyen yon lòt kantik sou rapwoche de Sovè a. Itilize paj aktivite semèn sa a pou ede timoun yo chwazi yon bagay yo pral fè pou yo “chèche … Senyè a.”

  • Li fraz “Tounen vin jwenn Senyè a, pandan nou ka jwenn li an” nan Ezayi 55:6. Kijan nou fè apèl a Pè Selès la? Mande timoun yo pou yo pale sou sa yo di nan priyè yo. Temwaye ke Papa nou ki nan Syèl la renmen yo epi L tande lè yo priye.

Imaj
senbòl ansèyman

Anseye Doktrin nan: Timoun ki pi Gran yo

Ezayi 51–52

Senyè a envite m pou m “mete fòs [mwen].”

Nan Ezayi51 ak52, Senyè a itilize ekspresyon tankou “reveye,” “kanpe,” ak “mete fòs ou sou ou” pou l enspire pèp Li a kijan pou yo reyalize potansyèl divin yo. Konsidere kijan ekspresyon sa yo ta kapab enspire timoun w ap anseye yo.

Aktivite Posib

  • Anvan klas la, ekri sou tablo a kèk ekspresyon nan Ezayi 51–52 ki eksprime aksyon Senyè a te vle pèp Li a fè, tankou “Leve je nou gade syèl la,” “Leve,” “Kanpe,” “Souke pousyè ki sou ou,” ak “Fè fèt ansanm” (Ezayi 51:6,17; 52:2,9). Envite timoun yo pou yo pran tan pou youn apre lòt yo fè senaryo avèk youn nan ekspresyon yo pandan rès klas la ap eseye devine kisa sa y ap fè a ye. Apre tou pa yo chak, montre yo ekspresyon an nan ekriti yo, epi diskite avèk yo sou sans espirityèl fekspresyon an. Ki bagay Senyè a mande nou pou nou fè? Kijan nou ka fè chak nan bagay sa yo?

  • Envite timoun yo pou yo li Ezayi 51:1, 4,7 epi idantifye a kiyès Senyè a ap pale ak kisa L vle pou yo fè. Kisa “koute” Senyè a vle di? Pou ilistre sa, mande youn nan timoun yo bay senp enstriksyon ke lòt yo dwe suiv. Poukisa l pafwa difisil pou nou koute Senyè a ak obeyi Li? Kijan nou ka montre Senyè a ke nou “koute” Li?

Imaj
eskilti Kris la ki ap pote kwa a

Because of Love [Akozde Lanmou], pa eskiltè Angela Johnson

Ezayi 53:3–9

Jezikri te pran peche m yo ak soufrans mwen yo sou tèt li.

Kijan w ka itilize pawòl Ezayi yo pou ede timoun yo konprann pi plis kisa Sovè a te fè pou yo?

Aktivite Posib

  • Montre plizyè foto ki dekri soufrans ak lanmò Jezikri (gade, pa egzanp, Liv Ilistrasyon Levanjil la, no. 56, 57, 58). Li ansanm Ezayi 53:3–6,9, epi envite timoun yo pou yo chèche ekspresyon ki dekri evenman ki nan foto yo. Temwaye ke dè santèn ane anvan Jezikri te soufri pou nou, pwofèt tankou Ezayi t ap anseye sou evenman enpòtan sa yo. Poukisa l tap enpòtan pou moun yo te konnen bagay sa yo anpil ane konds alavans? (gade nan Alma 39:15–19).

  • Envite timoun yo li Ezayi 53:4–7 epi chèche mo ki dekri sa Sovè a te soufri pou nou. Envite youn pou ekri mo sa yo sou tablo a. Poukisa L te soufri pou “soufrans,” “lapenn,” ak “inikite” nou? (gade tou nan Alma 7:11–12). Di timoun yo kijan Sovè a te ede w pote soufrans ak lapenn ou. Fè yo pou yo di kijan yo santi yo osijè Sovè a ak sa Li fè pou yo.

Ezayi 55:7–9

Fason Senyè a pi bon pase fason pa m.

Lè nou konprann ke panse ak fason Senyè a pi bon pase pa nou, l ap vin pi fasil pou nou mete konfyans nan Li.

Aktivite Posib

  • Mande timoun yo kot kiyès yo ta prale si yo ta gen yon pwoblèm difisil, ak poukisa. Li avèk timoun yo Ezayi 55:8–9, epi mande yo koute pou yo ka tande rezon ki fè nou dwe chèche direksyon nan men Senyè a lè nou bezwen èd.

  • Desine syèl la ak tè a sou tablo a, epi rele yo Syèl ak Tè. Apresa envite yo pou yo li Ezayi 55:9 pou wè kisa Senyè te konpare a syèl yo ak tè a, epi mande yo ajoute lòt tit sa yo sou desen yo a. Kisa i fason ak panse Senyè a “pi bon” pase pa nou vle di? Poukisa li enpòtan pou nou konn sa?

  • Diskite avèk timoun yo sou kèk fason Senyè a ki pi bon pase pa nou. Pa egzanp, kijan Li trete moun ki fè peche? (gade nan Mak 2:15–17). Kijan L dirije lòt moun? (gade Matye 20:25–28). Kijan fason L yo diferan de fason lòt moun? Di timoun yo kijan w ta aprann pou w mete konfyans nan fason ak panse Senyè a.

Imaj
senbòl aprantisaj

Ankouraje Aprantisaj Lakay

Sigjere timoun yo pou yo fikse yon bi ki ka ede yo rapwoche de Jezikri, baze sou yon bagay yo te aprann nan klas la jodia. Envite yo pou yo pataje bi sa a avèk yon manm fanmi yo.

Amelyore Ansèyman nou

Ede timoun ki pi piti yo aprann nan ekriti yo. Pou ede timoun ki pi piti yo aprann nan ekriti yo, konsantre sou yon sèl vèsè ekriti oubyen menm yosou yon ekspresyon kle. Pafwa ou ta kapab li yon pasaj, epi envite timoun yo pou yo kanpe oubyen leve men yo lè yo tande yon mo oswa yon ekspresyon espesifik ou ta renmen yo kapte.

Enprime