Ansyen Testaman 2022
17–23 Oktòb. Jeremi 30–33; 36; Lamantasyon1; 3: “M Ap Fè Kriye yo Tounen Lajwa”


“17–23 Oktòb. 30–33; 36; Lamantasyon1; 3: ‘M ap fè Kriye yo Tounen Lajwa,’” Vini, Suiv Mwen—Pou Primè: Ansyen Testaman 2022 (2021)

“17–23 Oktòb. Jeremi 30–33; 36; Lamantasyon1; 3,” Vini, Suiv Mwen—Pou Primè: 2022

Imaj
ekri Jeremi, pwofèt la

Kri Jeremi, Pwofèt la, nan yon gravi ki fèt pa the Nazarene School

17–23 Oktòb

Jeremi 30–33; 36; Lamantasyon1; 3

“M Ap Fè Kriye yo Tounen lajwa”

Liv Jeremi an ak liv Lamantasyon an ta kapab difisil pou timoun konprann, men klas ou a ka toujou aprann leson nan prensip yo anseye nan liv sa yo. Kisa w santi w enspire pou w pataje?

Ekri Enpresyon w yo

Imaj
senbòl pataj

Envite Pataj

Distribiye yon kopi Bib la. Pandan timoun yo kenbe liv la, mande yo pou yo pataje yon bagay yo renmen konsènan Ansyen Testaman an—petèt yon prensip oubyen yon istwa prefere yo ta aprann ladan l lakay yo oubyen nan legliz la.

Imaj
senbòl ansèyman

Anseye Doktrin nan: Timoun ki pi Piti yo

Jeremi 31:3

Pè Selès la ak Jezi renmen m.

Santi “lanmou etènèl” Pè Selès la ak Jezikri ap ede timoun w ap anseye yo vin pi pre Yo.

Aktivite posib

  • Montre timoun yo kèk bagay (oubyen foto foto bagay) ki dire lontan ak kèk ki pa dire, tankou yon pyès lajan ak yon moso fwi. Mande timoun yo kiyès ki ap dire pi lontan, epi diskite poukisa kèk bagay dire pi lontan pase lòt. Li Jeremi 31:3, epi ede yo konprann ke lanmou Pè Selès la ak Jezikri genyen pou yo a “etènèl.”

  • Mande timoun yo pou yo pataje kijan Pè Selès la ak Jezikri montre “lanmou” pou yo (Jeremi 31:3). Pou bay timoun yo ide, chante yon kantik sou lanmou Yo pou nou, tankou “Je ressens son amour” ou “Mon Père Céleste m aime” (Chants pour les enfants, 74–75, 228–29). Si sa posib, montre foto kèk bagay yo mansyone nan chan an. Kijan nou santi nou lè nou panse a lanmou Pè Selès la ak Jezikri?

Imaj
yon tifi ki ap li ekriti yo

Ekriti yo ka enspire nou pou nou repanti epi tounen al jwenn Senyè a.

Jeremi 36:1–4

Ekriti yo se pawòl Bondye.

Senyè a te di Jeremi pou l ekri pawòl Li yo, epi sa Jeremi te ekri yo te prezève pou nou nan liv Jeremi an. Ede timoun yo apwofondi lanmou yo pou ekriti yo, kote nou jwenn pawòl Bondye a.

Aktivite posib

  • Envite youn nan timoun yo pou l fè kòm si se li se Jeremi, epi envite lòt timoun yo pou yo fè kòm si yo se Bawouk. Ede timoun ki ap aji tankou Jeremi an di kèk pawòl ki nan Jeremi 36:3 pandan lòt yo ap fè kòm si y ap ekri yo, jan Bawouk te fè a. Temwaye ke jodia ekriti yo se “pawòl Senyè a” (Jeremi 36:4) ke Li te mande pwofèt yo pou yo ekri a.

  • Montre yon liv timoun ak yon liv ekriti, epi mande timoun yo pou yo pale de diferans yo remake ant liv sa yo. Kisa k fè ekriti yo espesyal? Ede timoun yo konprann ke ekriti yo se pawòl Bondye ke pwofèt yo ekri, menm jan liv Jeremi an se sa Bondye te di Jeremi pou l te ekri.

Jeremi 36:4–10.

Mwen ka pataje sa m ap aprann nan ekriti yo.

Timoun yo ka gen yon gwo enfliyans sou moun bò kote yo. Menm jan avèk Bawouk, yo ka pataje sa y ap aprann nan ekriti yo avèk lòt moun.

Aktivite posib

  • Envite timoun yo pou yo fè aksyon ki mache avèk mo w ap li yo (oubyen rezime yo) Jeremi 36:4–10, tankou fè kòmsi w ap ekri nan yon liv (gade nan vèsè 4), kenbe bawo yon prizon (gade nan vèsè 5), epi li ekriti yo pou moun yo (gade nan vèsè 8,10). Souliye ke Bawouk te gen kouraj pou l te li pawòl Jeremi yo bay moun yo malgre dirijan nan Jerizalèm yo pa t vle l fè sa. Ede timoun yo sonje yon bagay yo te aprann nan Ansyen Testaman an ak reflechi sou fason yo ka pataje l avèk lòt moun.

  • Chante yon kantik sou ekriti yo, tankou “Quand je lis l’Ecriture sainteChants pour les enfants,66). Pataje temwayaj ou konsènan ekriti yo, epi envite timoun yo pou yo fè menm bagay la tou.

Imaj
senbòl ansèyman

Anseye Doktrin nan: Timoun Ki Pi Gran yo

Jeremi 31:31–34; 32:38–41

M ka respekte alyans mwen yo avèk Bondye.

Ansèyman Jeremi yo sou nouvo alyans etènèl Senyè a ka ede timoun w ap anseye yo fòtifye dezi yo pou yo respekte alyans yo.

Aktivite Posib

  • Desine yon kè sou tablo a, epi envite mwatye nan timoun yo pou yo li Jeremi 31:31–34 epi pou lòt mwatye a li Jeremi 32:38–41. Envite gwoup yo pou yo ekri nan kè a kèk bagay yo aprann nan vèsè yo a sou alyans nou avèk Bondye. Ki diferans ki genyen ant lwa Bondye a ekri nan kè nou (gade nan Jeremi 31:33) ak annik li l nan ekriti yo? Poukisa nou vle fè alyans avèk Senyè a? Poukisa Li vle fè alyans avèk nou?

  • Pou renouvle alyans nou fè lè nou batize, envite timoun yo fè yon tablo de kolòn sou yon moso papye avèk tit sa yo Pwomès Mwen yo ak Pwomès Bondye yo. Mande yo pou yo ranpli tablo a pandan y ap itilize seksyon ki pote tit “Alyans Batèm nan” nan atik nan Sijè Levanjil la ki rele “Batèm” nan (topics.ChurchofJesusChrist.org) ou Mozya 18:10,13; Doktrin ak Alyans 20:37. Envite timoun yo pou afiche papye a lakay yo pou raple yo pou yo respekte alyans yo.

Jeremi 36

Ekriti yo se pawòl Bondye.

Istwa ki nan Jeremi 36 la ka ede timoun yo aprann nan egzanp moun ki te aksepte pawòl Senyè a nan ekriti yo.

Aktivite Posib

  • Ekri kesyon sa yo sou tablo a: Poukisa? Kiyès ki te bay ekriti yo valè? Kiyès ki pa t fè sa? Li ansanm Jeremi 36:1–3, epi mande timoun yo poukisa Senyè a te vle pou Jeremi ekri pawòl sa yo. Apre sa mande timoun yo pou yo travay ansanm de pa de pou yo li Jeremi 36:5–8, 20–25 epi idantifye kiyès ki te montre yo te bay ekriti yo valè ak kiyès ki pa t fè sa. Di poukisa ou bay ekriti yo valè. Pataje yon pasaj ekriti oubyen istwa ki espesyalman siyifikatif pou ou. Envite timoun yo pou yo pataje tou.

  • Envite timoun yo itilize paj aktivite sa a pou è pratik kote youn ap pataje avèk lòt istwa ki nan Jeremi 36la. Envite yo pou yo pataje temwayaj yo konsènan ekriti yo.

Lamantasyon 1:1–2,16; 3:22–26

Sovè a fè l posib pou m jwenn padon pou peche m yo.

Jan liv Lamantasyon an dekri l sou fòm pwezi a, souvan nou santi nou gen lapenn lè nou peche. Santiman sa yo ka enspire nou pou nou chanje epi pou nou mande Pè Selès la padon.

Aktivite Posib

  • Eksplike timoun yo ke paske Izrayelit yo pa t repanti, Jerizalèm ak tanp ki te ladan l lan te detwi. Mande timoun yo pou yo di kijan yo t ap santi yo si yo t ap viv nan Jerizalèm nan epòk sa a. Li ansanm Lamantasyon 1:1–2,16. Ki mo ak ekspresyon nan vèsè sa yo ki ede nou konprann kijan Izrayelit yo kapab te santi yo? Kijan mesaj ki nan Lamantasyon 3:22–26 a ta kapab ba yo espwa?

  • Mande timoun yo pou yo panse a yon tan kote yo te santi yo tris pou yon move chwa yo te fè. Kisa yo jwenn nan Lamantasyon 3:22–26 ki ede yo konnen Senyè a dispoze pou L padone yo?

Imaj
senbòl aprantisaj

Ankouraje Aprantisaj Lakay

Envite timoun yo pou yo mande fanmi yo pataje eksperyans ki an rapò avèk prensip ou te etidye yo nan klas la. Pa egzanp, si w te diskite sou ekriti yo, timoun yo ta kapab mande yon manm fanmi yo pou l pataje kijan li fè konnen ekriti yo se verite.

Amelyore Ansèyman Nou

Kenbe atansyon timoun yo. Ou gen dwa reflechi sou kèk fason kreyatif pou angaje timoun ki pi piti yo. Pa egzanp, itilize foto, chan, jwèt, ak lòt aktivite.

Enprime