Ansyen Testaman 2022
3–9 Oktòb. Ezayi 58-66: “Redanmtè a ap Vin nan Siyon”


“3–9 Oktòb. Ezayi 58-66: “Redanmtè a ap Vin nan Siyon” Vini, Suiv Mwen—Pou Primè: Ansyen Testaman 2022 (2021)

“3–9 Oktòb. Ezayi 58-66,” Vini, Suiv Mwen—Pou Primè: 2022

Imaj
Jezi k ap anseye nan yon sinagòg

Jesus in the Synagogue at Nazareth [Jezi nan Sinagòg la nan Nazarèt], pa GregK. Olsen

3–9 Oktòb

Ezayi 58-66

“Redanmtè a ap Vin nan Siyon”

Ide aktivite nan plan leson semèn sa a la pou enspire kreyativite w. Pa santi w oblije suiv yo alalèt; suiv chichotman Lespri a anvan ak pandan leson an.

Ekri Enpresyon w yo

Imaj
senbòl pataj

Envite Pataj

Anpil nan pawòl Ezayi yo temwaye e ansenye konsènan Sovè a. Montre yon foto Jezi, epi envite timoun yo pou yo di yon bagay yo te aprann konsènan Li semèn sa a.

Imaj
senbòl ansèyman

Anseye Doktrin nan: Timoun Ki Pi Piti yo

Ezayi 58:13–14

Saba a kapab yon delis pou mwen.

Jou Saba a se yon lè pou nou sonje Senyè a epi pou nou pran repo nan aktivite semèn nou yo. Kijan w ka ede timoun w ap anseye yo fè Saba a tounen yon delis?

Aktivite Posib

  • Mande timoun yo pou yo repete gwoup mo sa yo “Rele Saba a yon delis, jou sen Senyè a” (Ezayi 58:13) plizyè fwa. Eksplike ke “delis” vle di yon bagay ki pote lajwa pou nou. Envite timoun yo pou yo pataje kèk bagay ki pote lajwa pou yo. Temwaye ke Senyè a te ba nou jou Saba a paske L vle pou nou gen lajwa. Di timoun yo poukisa Saba a se yon delis pou ou.

  • Li Ezayi 58:14pou timoun yo: “Apre sa ou ap gen delis nan Senyè a.” Eksplike timoun yo ke jou Saba a se yon jou espesyal —yon kote nou ka reflechi sou sa Papa nou Ki nan Syèl la ak Jezikri te fè pou ede nou gen lajwa. Ede timoun yo panse a kèk bagay yo ka fè jou Saba a pou yo sonje Pè Selès la ak Jezikri. Envite yo desine ide yo epi pou youn pataje foto yo avèk lòt epi tou avèk fanmi yo.

Imaj
dam k ap limen yon lanp luil avèk yon lanp ke yon mesye kenbe

“Senyè a ap yon limyè etènèl pou ou” (Ezayi 60:19). Yon Don Limyè, pa Eva Timothy

Ezayi 60: 1–3

M ka klere limyè Senyè a pou lòt moun.

Ezayi te pwofetize ke nan dènye jou yo, pèp Senyè a t ap yon limyè pou moun ki nan fènwa. Konsidere kijan ou ka ede timoun yo “leve” epi “klere.”

Aktivite Posib

  • Envite timoun yo fèmen zye yo pandan w ap li Ezayi 60:1-3. Mande yo pou yo ouvri je yo lè yo tande mo “limyè” epi fèmen yo lè yo tande mo “fènwa.” Eksplike ke Jezikri ak levanjil Li a tankou yon limyè ki ede nou wè wout pou nou retounen al jwenn Papa nou Ki nan Syèl la.

  • Bay chak timoun yon foto yon limyè (tankou yon solèy, yon balèn, oubyen yon anpoul elektrik). Ede timoun yo panse a fason yo ka pataje limyè Sovè a avèk lòt moun. Pandan chak ide ap pataje, envite yo pou yo “leve” epi “klere” limyè yo an avèk foto yo an. Di timoun yo fason ou te wè yo ap pataje limyè Sovè a.

  • Chante ansanm yon chan sou pataj limyè, tankou “Petite est la lumière en moi” (Chants pour les enfants,96). Ede timoun yo rekonèt pawòl nan chante a ki ranfòse sa yo te aprann nan Ezayi 60:1-3.

Ezayi 61:1–3

Jezikri se Sovè ak Redanmtè mwen

Ezayi 61:1-3 bay deskripsyon puisan sou misyon Sovè a pou anseye ak geri. Chèche fason pou ede timoun yo wè jan Jezikri ka anseye ak geri yo pèsonèlman

Aktivite posib

  • Kite timoun yo kenbe foto Jezi ki ap anseye, ki ap geri moun, ak ki ap ede lòt moun pandan w ap li Ezayi 61:1 (gade nan Liv Ilistrasyon Levanjil la). Eksplike ke Bondye te voye Jezikri pou fè tout bagay sa yo pou nou. Envite timoun yo pou yo pataje sa yo santi konsènan Jezikri. Rann temwayaj sou lanmou Sovè a pou chak timoun yo.

  • Ezayi 61:3 dekri moun ki koute ak obeyi Senyè kòm “pyebwa lajistis.” Desine yon pyebwa sou tablo a, epi envite timoun yo pou yo reflechi sou bagay jis yo ka fè. Pou chak ide, fè timoun yo desine yon fèy sou pyebwa a.

Imaj
senbòl ansèyman

Anseye Doktrin nan: Timoun ki pi Gran yo

Ezayi 58:6-11

Jèn beni m ak lòt moun ki nan bezwen.

Kèk nan timoun w ap anseye yo gen dwa gran ase pou yo jene. Men menm sa ki poko gran ase ka jwi de lwa jèn Senyè an epi prepare yo pou yo jene lè yo prè.

Aktivite posib

  • Ekri sou tablo an Poukisa nou jene? epi Kijan nou jene? Envite timoun yo pou yo ekri kèk repons sou tablo a. Ankouraje yo pou yo revize “Jèn, Jene” nan Gid pou Ekriti yo sou (scriptures.ChurchofJesusChrist.org) ak Ezayi 58:6-11 pou yo jwenn repons adisyonèl. Kijan Ezayi 58:6-11 ka ede nou lè jèn difisil?

  • Pataje eksperyans pèsonèl jèn ou avèk timoun yo, oubyen pataje yon istwa magazin Legliz la konsènan jèn. Mete anfaz sou benediksyon espirityèl ki soti nan jèn. Si gen nan timoun yo ki konn jene, envite yo pataje eksperyans yo. Ankouraje timoun yo pou yo pale avèk paran yo pwochen Dimanch Jèn nan konsènan sa jene vle di. Ede yo konprann sa jene vle di avèk yon objektif sensè ak yon kè ki ap priye.

  • Li ansanm Ezayi 58:6-7, epi eksplike ke yon fason nou “bay moun ki grangou manje” lè nou jene se lè nou bay kòb nou ta pral depanse pou achte manje a kòm yon ofrand jèn. Montre timoun yo yon anvlòp donasyon pou dim ak ofrand jèn, epi eksplike kijan nou ka ranpli l. Envite timoun yo li Ezayi 58:8-10, pandan y ap chèche benediksyon Senyè a pwomèt nou lè nou jene. Kijan jèn ka beni noumenm ak moun ki nan bezwen yo?

Ezayi 61:1–3

Jezikri se Sovè ak Redanmtè mwen

Reflechi konsènan fason ou ta ka pi byen itilize pawòl Ezayi an pou fòtifye Temwanyaj timoun yo de Jezikri kòm Sovè ak Redanmtè yo.

Aktivite Posib

  • Bay timoun yo kèk minit pou yo li Ezayi 61:1-3 pou kont yo. Apre sa envite yo ekri sa vèsè sa yo anseye yo sou Jezikri nan yon moso papye oubyen nan yon jounal etid Envite kèk timoun nan klas la pou yo pataje panse yo.

  • Envite timoun yo pou yo pataje yon ekspresyon nan vèsè sa yo ki espesyalman enpòtan pou yo epi fè yo eksplike poukisa. Kijan vèsè sa yo ede nou konprann sa Jezikri te vin fè sou tè a?

Ezayi 65: 17–25

Milenyòm nan se pral yon tan lapè ak lajwa.

Ezayi te wè yon lè kote pèp Bondye an ap gen lapè ak lajwa. Pwofesi sa ap fèt lè Jezikri retounen sou tè a epi reye pou mil an—yon epòk ki rele Milenyòm.

Aktivite Posib

  • Ezayi 65:17-25 dekri kijan tè a ap ye lè Sovè a vini ankò. Divize timoun yo an gwoup epi bay chak gwoup kèk vèsè pou yo li. Apre kèk minit, fè yon lis ansanm sou tablo a konsènan jan lavi ap diferan nan “nouvo tè” ke yo dekri nan vèsè sa yo (vèsè 17). Poukisa lè sa a ap yon lè pou nou “kontan e rejwi pou tout tan”? (vèsè18).

  • Anvan klas la, prepare papye ak mo ak fraz ki soti nan dizyèm atik lafwa a. Envite youn nan timoun yo pou resite atik lafwa a, epi mande timoun yo pou yo mete pawòl yo nan òd. Ede timoun yo konprann sa atik lafwa a ansenye yo konsènan Milenyòm nan.

Imaj
senbòl aprantisaj

Ankouraje Aprantisaj Lakay

Envite timoun yo pou yo pataje yon bagay yo aprann jodi a sou Sovè a avèk fanmi yo. Ankouraje yo pou yo li ekriti yo avèk fanmi yo semèn sa a.

Amelyore Ansèyman nou

Poze kesyon ki enspire. Poze kesyon ki envite timoun yo ale pi lwen pase rakonte bagay ki pase. Pa ekzanp, panse a kesyon ki ankouraje yo pataje temwayaj yo ak eksperyans yo.

Enprime