Ansyen Testaman 2022
24-30 Oktòb. Ezekyèl 1–3; 33–34; 36–37; 47: “Yon Nouvo Espri M ap Mete Nan Ou”


“24–30 Oktòb. Ezekyèl 1-3; 33-34; 36-37; 47: “Yon Nouvo Espri M ap Mete nan Ou” Vini, Suiv Mwen—Pou Primè: Ansyen Testaman 2022 (2021)

“24–30 Oktòb. Ezekyèl 1-3; 33-34; 36-37; 47” Vini, Suiv Mwen—Pou Primè: 2022

Imaj
Jezi avèk mouton

Vini, Suiv Mwen, pa Scott Sumner

24–30 Oktòb.

Ezekyèl 1-3; 33–34; 36–37; 47

”Yon Nouvo Espri M ap Mete nan Ou”

Ou pa p gen tan pou ou ansenye tout prensip nan Ezekyèl yo. Chèche gid spirityèl konsènan sa pou ou souliye, epi ankouraje timoun yo kontinye aprann lakay yo.

Ekri Enpresyon w yo

Imaj
senbòl pataj

Envite Pataj

Kite kèk timoun pran tout rale foto yon bagay yo te aprann nan ekriti yo sa pa gen lontan. Lòt timoun yo ka devine sa chak timoun ap desinen.

Imaj
senbòl ansèyman

Anseye Doktrin nan: Timoun ki pi Piti yo

Ezekyèl 3:17

Pwofèt tankou moun k ap siveye pou prevni nou de danje.

Ezekyèl te tankou yon moun k ap siveye, avèti Izrayelit yo de danje yo pa t ka wè. Ede timoun yo wè kijan pwofèt nou yo jodi an tankou moun k ap siveye.

Aktivite posib

  • Li pou timoun yo sa Senyè a te di Ezekyèl nan Ezekyèl 3:17. Envite yo fè aksyon ki ale avèk pawòl, tankou lonje dwèt yo sou zye yo, zòrèy ak bouch yo lè yo li mo “siveye,” “tande,” ak “bouch.”

  • Mennen timoun yo nan yon pwomnade nan sal la. Avèti yo de danje ki sou chemen an, tankou rivyè pou vole ladan, branch pou eskive, oubyen bèt pou nou evite. Kite lòt timoun gen wòl dirijan an. Pale konsènan jan pwofèt avèti nou de danje nou pa ka wè.

  • Montre yon foto pwofèt aktyèl la pandan w ap chante yon chan ansanm konsènan pwofèt, tankou dènyè vèsè nan “Suis Les Prophètes” (Chants Pour Les Enfants, 110-11). Di timoun yo kijan pwofèt la se yon moun k ap veye pou ou.

Ezekyèl 37:15-19

Ekriti yo anseye m konsènan Jezikri.

Ezekyèl te konpare kay Izrayèl la ak de bwa ki pral vin youn. Bwa sa yo senbolize Bib la ak Liv Mòmon an, ki ansanm temwanye de Jezikri.

Aktivite posib

  • Bay kèk timoun kopi Liv Mòmon an; bay lòt timoun kopi Bib lan. Fè rezime Ezekyèl 37:15-19 eksplike ke Senyè a te di Ezekyèl pou l ekri sou de bwa ki reprezante Bib la ak Liv Mòmon an. Li vèsè17, epi envite chak timoun pou jwenn yon moun ki gen yon liv ekriti ki diferan de pa yo an epi “mete yo ansanm” pou yo ka vin “fè youn nan men yo.” Pale konsènan jan ni Bib la ak Liv Mòmon an ede nou fòtifye lafwa nou nan Papa nou Ki nan Syèl la ak Jezikri.

  • Avèk foto nan Liv Ilistrasyon Levanjil la Liv Vini, Suiv Mwen oubyen ane ki te pase, ede timoun yo pataje istwa konsènan Jezi nan Bib la ak nan Liv Mòmon an. Mande yo pou yo pataje poukisa yo rekonesan paske yo gen de liv ekriti sa yo.

Imaj
dezè ak lamè mòt

Ezekyèl te wè yon rivyè ki koule de tanp la ki t al geri mè mòt lan nan yon vizyon.

Ezekyèl 47:1–12

Gran benediksyon soti nan tanp la?

Vizyon Ezekyèl la de yon rivyè ki koule sot nan yon tanp ka ede timoun yo aprann ke tanp la pote benediksyon nan lavi nou.

Aktivite posib

  • Montre timoun yo yon vè dlo. Kijan dlo beni nou? Rakonte timoun yo istwa vizyon Ezekyèl kote dlo t ap koule sot nan tanp lan (gade Ezekyèl47:1-12). Montre foto nan plan leson semèn sa a nan Vini, Suiv Mwen—Pou Moun yo ak Fanmi yo (gade videyo “And the River Will Grow,” tou ChurchofJesusChrist.org). Pale timoun yo de benediksyon ou te resevwa, ki menmjan ak rivyè nan vizyon Ezekyèl la, te koule sot nan tanp lan.

  • Envite timoun yo pou yo desine yomenm ki apral nan tanp. Chante yon chan ansanm ki dekri benediksyon tanp, tankou “Ensemble à Tous Jamais” (Chants Pour Les Enfants,188) Kisa chan sa a ansenye nou konsènan fason tanp lan beni nou?

Imaj
senbòl ansèyman

Anseye Doktrin nan: Timoun ki pi Gran yo

Ezekyèl 2:3–4; 3:7; 36:26–27

Jezikri ka ede m chanje kè m.

Ezekyèl te itilize fraz tankou “nouvo kè” ak “nouvo lespri” pou ansenye konsènan tip chanjman Sovè a te mennen nan lavi nou.

Aktivite posib

  • Mande timoun yo pou yo chache nan Ezekyèl 2:3–4; 3:7 pou mo ki dekri Izrayelit yo. Apresa envite yo li Ezekyèl 36:26-27 pou yo aprann jan Sovè a te ofri pou ede yo chanje. Ki pawòl ki ka dekri “nouvo kè” ak “nouvo espri” Li bannou? (gade, pa egzanp, Mozya 3:19; 5:2).

  • Mande timoun yo pou yo panse ak bagay “kè di” oubyen “tèt di” (Ezekyèl 2:4; 3:7) ka fè. Pa egzanp, kijan yo ka reyaji apre konsèy paran oubyen pwofèt la? Kisa yo ta ka fè lè yo wè yon moun nan bezwen? Kijan nou ka aji diferamman lè Sovè a adousi kè nou?

Ezekyèl 37:19–23

Bib la ak Liv Mòmon an ede “rasanble” nou avèk Jezikri.

Bwa Jida Ezekyèl la (Bib la) ak “bwa Jozèf” la (Liv Mòmon an) travay ansanm pou rasanble Izrayèl pou Sovè a (gade Ezekyèl 37:19).

Aktivite posib

  • Kenbe yon kopi Bib la ak Liv Mòmon an, epi mande timoun yo poukisa yo santi l bon pou yo gen toude liv sa yo. Li pou yo Ezekyèl 37:19, epi eksplike ke “bwa Jozèf” la fè referans ak Liv Mòmon an, ke desandan Jozèf an Ejipt yo te ekri, e “bwa Jida a” fè referans ak Bib la, ke juif yo te ekri. Apre sa li vèsè 21-23 a ansanm ak 2 Nefi 3:12, epi fè lis benediksyon ki vini lè nou gen toude liv sa yo.

  • Mete yon foto Jezikri nan mitan sal la, epi envite timoun yo deplase chèz yo al lòt kote nan mi sal lan. Apresa mande yo pou yo itilize Gid Ekriti yo Pou yo jwenn ekriti nan Bib la ak nan Liv Mòmon an ki ansenye yo konsènan Jezikri (Si nesesè, montre yo kijan pou yo fè sa). Apre chak timoun pataje yon ekriti, envite tout timoun yo pou yo avanse chèz yo an pi pre foto Jezikri an. Kontinye jiskaske tout moun te “rasanble” vin jwenn Li.

Ezekyèl 47:1–12

Benediksyon tanp yo ka beni kè nou ak fanmi nou.

Dlo k ap koule nan tanp nan vizyon Ezekyèl la te pote lavi bay tout bagay li te touche. Menm jan an, benediksyon ki sot nan tanp lan ka geri nou spirityèlman epi pote lavi etènèl pou nou.

Aktivite posib

  • Fè yon lis mo ak fraz kle sou tablo a ki gen rapò ak Ezekyèl 47:1-12, tankou tanp, rivyè, dezè, Lamè Mòt, Anpil Pwason, ak yon pyebwa ki chaje fwi. Envite chak timoun pou yo chwazi youn nan bagay sa yo pou yo desinen. Apresa li vèsè yo ansanm, epi envite timoun yo pataje desen yo lè eleman pa yo an mansyone. Ki benediksyon ki vini de rivyè nan vizyon sa a? (gade vèsè 8-9,12). Ede timoun yo wè jan benediksyon sa yo se tankou benediksyon Papa nou Ki nan Syèl la ak Sovè a ofri tout moun ki respekte alyans tanp yo.

  • Montre videyo “Epi Rivyè a ap Grandi” a nan (ChurchofJesusChrist.org). Oubyen li ansanm sa Eldè Dale G. Renlund te ansenye konsènan vizyon Ezekyèl la nan “Istwa Familyal ak Travay Tanp: Sèlman ak Gerizon” (Liahona, Me 2018, 47-48). Di timoun yo kijan istwa familyal ak travay tanp te mennen gerizon Sovè a pou ou. Envite timoun yo pou yo pataje sa yo santi konsènan tanp.

Imaj
senbòl aprantisaj

Ankouraje Aprantisaj Lakay

Envite timoun yo pou yo pataje sa yo te aprann jodi an ak fanmi yo ak yon bagay yo ta renmen aprann plis de li.

Amelyore ansèyman nou

Ankouraje aprantisaj lakay. “Youn nan objektif ou antanke enstriktè ta dwe pou ankouraje moun w ap anseye yo pou yo viv pwòp eksperyans pa yo avèk ekriti yo—endividyèlman epi avèk fanmi yo.“ ((Ansenye nan Fason Senyè an, 36).

Enprime