Ansyen Testaman 2022
31 Oktòb–6 Novanm. Danyèl 1–6: “Pa gen Okenn Lòt Bondye ki Ka Delivre Konsa”


“31 Oktòb–6 Novanm. Danyèl 1–6: ‘Pa gen Okenn Lòt Bondye ki Ka Delivre Konsa,’” Vini, Suiv Mwen—Pou Primè: Ansyen Testaman 2022 (2021)

“31 Oktòb–6 Novanm. Danyèl 1–6,” Vini, Suiv Mwen—Pou Primè: 2022

Imaj
Danyèl ki ap entèprete rèv wa a

Daniel Interprets Nebuchadnezzar’s Dream [Danyèl Entèprete Rèv Nebikadneza a], pa Grant Romney Clawson

31 Oktòb–6 Novanm

Danyèl 1–6

“Pa gen Okenn Lòt Bondye ki Ka Delivre Konsa”

Pandan w ap li Danyèl 1–6 la, pran nòt sou verite ou santi w enspire pou w ede timoun yo dekouvri.

Ekri Enpresyon w yo

Imaj
senbòl pataj

Envite Pataj

Ekspoze foto sou evenman ki nan Danyèl 1–6 yo (gade nanplan leson semèn sa a nan Vini, Suiv Mwen—Pou Moun yo ak Fanmi yo ou Liv Ilistrasyon Levanjil la, no. 23, 24, 25, 26). Mande timoun yo pou yo pataje sa yo konnen sou evenman ki nan foto yo. Envite yo pou yo pale de yon lè kote yo te chwazi suiv Sovè a, jan Danyèl ak zanmi l yo te fè a.

Imaj
senbòl ansèyman

Anseye Doktrin nan: Timoun ki pi Piti yo

Danyèl 1:1–17

Pè Selès la vle m pran swen kò mwen.

Danyèl ak zanmi l yo te refize vyann ak diven wa a te ofri yo a paske yo te vle suiv kòmandman Bondye yo epi evite fè kò yo mal. Jodi a Pawòl Sajès la ede nou evite sibstans ki ka fè kò nou mal.

Aktivite Posib

  • Pataje avèk timoun yo “Danyèl ak zanmi l yo” (nan Istwa Ansyen Testaman yo, oubyen rezime Danyèl 1:1–17. Envite timoun yo pou yo fè senaryo sou istwa a. Ede yo konprann kijan Senyè a te beni Danyèl ak zanmi l yo paske yo te chwazi obeyi Li (gade nan vèsè 17). Ki benediksyon nou resevwa nan men Bondye lè nou chwazi sa ki byen?

  • Montre timoun yo foto kèk bagay Pawòl Sajès la anseye nou pou nou manje oswa itilize ak bagay li di nou pou nou pa manje ni itilize (gadee Doktrin ak Alyans 89). Envite timoun yo pou yo fè kòm si y ap manje bon bagay yo epi ou yo di non pou move bagay yo. Temwaye ke Senyè a beni nou lè nou pran swen kò nou. Chante ansanm yon chan sou pran swen kò nou, tankou “Je demeure dans un temple” ” (Chants pour les enfants, 73). Kisa chan sa a anseye nou?

Imaj
kat tigason ki atab e ki refize vyann lòm ofri

Ilistrasyon Danyèl ak zanmi l yo ki refize manje wa a, pa Brian Call

Danyèl 1; 3; 6

Bondye ap beni m lè m chwazi pou m suiv Jezikri.

Liv Danyèl la gen istwa moun ki te chwazi suiv kòmandman Bondye yo menm lè l te difisil pou yo te fè sa. Kijan w ka ede timoun yo aprann nan egzanp sa yo?

Aktivite Posib

  • Chèche foto istwa ki nan Danyèl 1, 3, ak6 (gade paj aktivite semèn sa a, plan leson semèn sa a nan Vini, Suiv Mwen—Pou Moun yo ak Fanmi yo, oswa Liv Ilistrasyon Levanjil la, nos. 23, 25, 26). Mete foto yo fas anba sou tablo a oubyen atè a. Envite yon timoun vire youn nan foto yo, epi ede l rakonte istwa l reprezante a. (Pou èd, gade “Danyèl ak zanmi l yo,” “Chadrak, Michak, ak Abèd-Nego,” ak “Danyèl nan Twou kote Lyon yo ye a” nan Istwa Ansyen Testaman.) Apre chak istwa, diskite sou kesyon tankou sa yo: Kisa pèp la te fè pou suiv Senyè a? Kijan Senyè a te beni yo? Di yo kijan ou jwenn benediksyon paske w chwazi suiv Jezikri. Mande timoun yo pou pataje eksperyans pa yo.

  • Envite timoun yo fè senaryol sou sitiyasyon kote yo ka montre lafwa yo nan Bondye nan respekte kòmandman L yo. Bagay sa yo enkli janti anvè frè n ak sè nou, pale yon moun de Sovè a, oubyen priye chak swa. Montre foto Chadrak, Michak, ak Abèd–nego nan founèz dife a (gade nan Liv Ilistrasyon Levanjil, no. 25), epi mande timoun yo pou yo konte moun ki nan founèz la. Li Danyèl 3:24–25 pou chèche jwenn kiyès ki te nan founèz la. Pataje temwayaj ou ke Senyè a avèk nou lè nou suiv Li.

Danyèl 6

Pè Selès la vle pou m priye souvan.

Danyèl te dispoze riske lavi l pou l te ka priye Pè Selès la chak jou. Kijan nou ka ede timoun yo devlope yon dezi menm jan an pou priye a?

Aktivite Posib

  • Rakonte istwa ki nan Danyèl 6 la (gade nan “Danyèl nan Twou kote Lyon yo ye a” nan Istwa Ansyen Testaman yo) , epi envite desine yon foto nan istwa a. Mande timoun yo pou yo itilize foto yo pou youn rakonte lòt istwa a. Poukisa Pè Selès la vle pou nou priye L? Di poukisa priyè si enpòtan pou you.

  • Pale timoun yo de lè kote yo ka priye, tankou lè yo pè, lè yo fè erè, oubyen lè yo bezwen èd nan lekòl. Poukisa li bon pou nou priye nan sitiyasyon sa yo? Anseye timoun yo ke kèlkeswa kote yo ye, yo ka toujou priye nan kè yo.

  • Chante ansanm yon kantik sou lapriyè, tankou “Le front baissé” (Chants pour les Enfants,10). Pale timoun yo de bagay yo ka priye pou yo.

Imaj
senbòl ansèyman

Anseye Doktrin nan: Timoun Ki Pi Gran yo

Danyèl 1; 3; 6

M ka fè sa ki byen menm lè sa difisil.

Istwa ki nan Danyèl 1, 3, ak6 yo ka bay timoun w ap anseye yo kouraj ak lafwa pou yo fè bon chwa., menm lè yo santi yo poukont yo.

Aktivite Posib

  • Desine sou tablo a plizyè flèch pou yo tout pwente nan menm direksyon an epi apre sa yon flèch ki pwente nan direksyon opoze a. Kiresanblans ki genyen ant Danyèl ak zanmi l yo e flèch sa a? Envite timoun yo bay egzanp ki soti nan istwa ki nan ki nan Danyèl 1, 3, ak6 yo (gade nan“Danyèl ak Zanmi L yo,” “Chadrach, Meshach, ak Abed-nego,” ak “Danyèl nan Twou kote Lyon yo ye a” nan Istwa Ansyen Testaman yo). Mande timoun yo poukisa yo panse li t ap difisil pou Danyèl ak zanmi l yo fè bon chwa. Kijan Senyè a te beni yo paske yo te chwazi sa ki byen?

  • Ede yo panse a sitiyasyon kote yo ta ka pran presyon pou yo fè yon chwa. Envite yo pataje eksperyans kote yo te beni pout♪chwazi sa ki byen menm lè sa difisil. Chante ansanm yon chan ki an rapò avèk sijè sa a, tankou “Bien choisir” (Cantiques, no.154).

Danyèl 2

Legliz Jezikri pou Sen Dènye Jou yo se wayòm Bondye a sou tè a.

Lè Danyèl te bay Nebikadneza entèpretasyon enspire sou rèv li a, li te wè yon wòch “yon wòch te pran desann soti kote l’ soti a, san se pa pesonn ki voye l” (Danyèl 2:45). Wòch sa a reprezante Legliz Jezikri pou Sen Dènye Jou yo, ki destine pou l ranpli tè a.

Aktivite Posib

  • Li Danyèl 2:31–35, 44–45 avèk timoun yo, epi envite yo desine yon foto sou sa Nebikadneza te wè nan rèv li a. Mande yo kisa yo aprann nan vèsè sa yo sou wòch ki nan rèv la. Eksplike ke wòch sa a reprezante Legliz Jezikri pou Sen Dènye Jou yo. Mande timoun yo pou yo site kèk bagay Pè Selès la te fè pou etabli Legliz Li a nan dènye jou yo. Pou ba yo ide, montre yo foto sou evenman nan Retablisman Legliz la (gade Liv Ilistrasyon Levanjil la, nos. 90–95).

  • Bay chak timoun yon moso papye chifonnen pou reprezante wòch ki nan rèv Nebikadneza a. Mande chak timoun pou l pataje kijan li fè konnen Legliz la te retabli pa Bondye. Pandan timoun yo ap pataje, envite yo pou yo bay “wòch” yo a. Vlope wòch yo ansanm kote w ap itilize tep oubyen fisèl pou yo fòme yon gwo wòch. Temwaye ke amezi n ap fòtifye ak pataje levanjil la avèk lòt moun, n ap ini nan lafwa nou pou nou ede wayòm Bondye a “[ranpli] tout tè a” (Danyèl 2:35).

Imaj
senbòl aprantisaj

Ankouraje Aprantisaj Lakay

Envite timoun yo pou yo fè yon bagay semèn sa a ki montre lafwa yo nan Jezikri.

Amelyore Ansèyman Nou

Ede timoun yo rekonèt Lespri a. Pandan w ap fè eksperyans espirityèl avèk timoun yo, ede yo rekonèt enfliyans Sentespri a.

Enprime