Ansyen Testaman 2022
14–20 Novanm. Amòs; Abdias: “Chèche Senyè a, epi w ap Viv”


“14–20 Novanm. Amòs; Abdias: “Chèche Senyè a, epi w ap Viv” Vini, Suiv Mwen—Pou Primè: Ansyen Testaman 2022 (2021)

“14–20 Novanm. Amòs; Abdias ” Vini, Suiv Mwen—Pou Primè: 2022

Imaj
Figi Jezi ke balèn limen nan yon sal fènwa

Pen Lavi, pa Kris Young

14–20 Novanm

Amòs; Abdias

“Chèche Senyè a, epi w ap Viv“

Pandan w fokis sou ansèyman vrè doktrin nan fason ki senp, ou bay Sentespri a opòtinite pou temwaye bay timoun yo. Itilize aktivite ki nan plan leson sa a—oubyen kreye pa w—pou ede w ansenye prensip levanjil la nan fason senp.

Ekri Enpresyon w yo

Imaj
senbòl pataj

Envite Pataj

Mande timoun yo pou yo pataje on bagay yo te aprann resamman lakay oubyen nan legliz. Pa ekzanp, mande si yo te jwenn yon ekriti prefere oubyen si yo te tande yon mesaj yo ka pataje avèk klas la.

Imaj
senbòl ansèyman

Anseye Doktrin nan: Timoun ki pi Piti yo

Amòs 3:7; 7:14-15

Pwofèt yo se mesaje Jezikri.

Youn nan bagay ki pi enpòtan timoun yo ka konnen de pwofèt sèke yo se mesaje Jezikri. Ide sa yo ka ede ou ansenye veritie enpòtan sa a.

Aktivite posib

  • Chichote bay youn nan timoun yo yon mesaj pou rès klas la (tankou mande timoun yo pou yo kanpe sou on sèl pye oubyen vire touwon), epi mande l pou l pataje mesaj la ak lòt timoun yo. Repete aktivite sa, pèmèt kèk lòt timoun vin mesaje a. Ede yo konprann kijan mesaje nan aktivite sa a tankou on pwofèt, ki pataje mesaj Bondye a avèk nou. Pataje kèk ekzanp mesaj resan ki sot nan pwofèt vivan yo ki te ede w vin pi pre Jezikri.

  • Envite yon timoun kanpe devan sal la epi pretann ke l se pwofèt Amòs. Pandan w ap pataje kèk fè konsènan Amòs nan Amòs 7:14-15, bay timoun nan foto oubyen on bagay pou l kenbe ki gen chak fè yo, tankou yon foto mouton, yon fwi, ak Senyè a. Eksplike ke Amòs te yon bejè ke Senyè a te aple pou vin mesaje L. Apresa montre yon foto Senyè a ak pwofèt vivan an, epi eksplike ke Senyè a kontinye aple mesaje jodi a. Li Amòs 3:7 a wot vwa, epi mande timoun yo pou yo lonje dwèt sou foto apwopriye an lè yo tande mo “Senyè” ak ”pwofèt.” Pataje temwayaj ou ke menm jan ak nan jou Amòs yo, Jezikri pale avèk nou pa mwayen pwofèt Li yo.

  • Pataje yon istwa ki sot nan yon magazin resan legliz la konsènan pwofèt vivan an oubyen konsènan eksperyans manm Legliz la te genyen lè yo te suiv konsèy pwofèt lan. (Gade tou “Rankontre Pwofèt ak Apòt jounen jodi yo“ sou ChurchofJesusChrist.org.)

  • Chante oubyen jwe yon chan konsènan pwofèt, tankou “Suis Les Prophètes” (Chants Pour Les Enfants, 110-11) pandan timoun yo ap travay nan paj aktivite semèn nan. Fè timoun yo prete atansyon ak fraz nan chan an ki ansenye jan pwofèt yo gide chemen an al jwenn Jezikri.

Amòs 5:14

Si m chèche byen, Senyè a ap avèk mwen.

Amòs te envite Izrayelit yo “chèche bon bagay, e pa mechanste” e li te pwomèt yo si yo te fè sa, “Senyè a …. t ap avèk yo.” Kijan w ap ede timoun yo reponn a envitasyon sa a epi resevwa pwomès sa a?

Aktivite posib

  • Afiche plizyè foto timoun k ap fè bon bagay, tankou ede lòt moun oubyen pran sentsèn. Kite chak timoun pran tou dekri youn nan foto yo pandan lòt timoun yo ap devine ki foto l ap dekri a. Li Amòs 5:14, epi ede timoun yo panse ak fason y ap “chèche byen” chak jou.

  • Envite yo pou yo desine tèt yo k ap fè yon bagay ki byen. Li Amòs 5:14, epi mete aksan sou pwomès Senyè a ke L ap avèk nou lè nou fè sa ki byen an. Envite timoun yo ajoute sou desen yo a yon foto Jezi ki kanpe avèk yo.

Imaj
senbòl ansèyman

Anseye Doktrin nan: Timoun ki pi Gran yo

Imaj
Apot modèn k ap bay youn lòt lanmen nan konferans jeneral

Senyè a revele verite bay pwofèt Li yo.

Amòs 3:7

Pwofèt yo se mesaje Jezikri.

Amòs 3:7 se yon bon ekriti pou ede timoun yo rekonèt ke lè nou koute pwofèt la, n ap koute yon mesaje Jezikri.

Aktivite posib

  • Ede timoun yo memorize tout oubyen yon pati nan Amòs 3:7 la. Pa ekzanp, ba yo kèk minit pou li vèsè a plizyè fwa pandn w ap ekri chak de mo vèsè a sou tablo a. Envite timoun yo pou yo fèmen ekriti yo epi resite vèsè a ansanm awotvwa, pandan y ap itilize poul ki sou tablo a. Apresa efase kèk mo alafwa jiskaske timoun yo ka repete tout vèsè a san okenn èd. Kisa istwa sa a anseye nou sou pwofèt? Kijan pwofèt vivan nou an ede nou konnen sa Sovè a vle nou fè?

  • Ekri plizyè kesyon konsènan pwofèt sou moso papye, tankou kesyon sa yo: Poukisa nou dwe gen pwofèt? Kisa pwofèt yo fè? Poukisa ou suiv pwofèt la? Kisa pwofèt yo ansenye? Mande timoun yo pou yo mete yo de pa de, epi fè youn nan timoun nan chak pè yo chwazi yon kesyon epi mande asosye yo pou yo reponn ni. Si timoun yo bezwen èd pou yo reponn yon kesyon, yo ka gade nan “pwofèt” nan Gid Ekriti yo (scriptures.ChurchofJesusChrist.org). Apre patnè a fin reponn kesyon an, timoun yo ka chanje wòl epi chwazi yon lòt kesyon.

  • Pataje ak timoun yo plizyè fè konsènan yon pwofèt Ansyen Testaman an ke yo te aprann de li ane sa a (tankou Noye, Moyiz, oubyen Ezayi). Mande yo pou yo devine ki pwofèt ou ap dekri an. Repete sa pou lòt pwofèt yo.

Amòs 5:4-15

Si m chèche byen, Senyè a ap avèk mwen.

Timoun gen anpil opòtinite pou yo chwazi ant byen ak mal. Konsidere kijan ou ka enspire yo pou yo “chache lebyen, e pa mechanste“ (vèsè14).

Aktivite posib

  • Envite timoun yo pou yo gade nan Amòs 5:4-15, pou jwenn mo “chèche” a. Kisa Senyè a vle nou chèche, e ki pwomès Li fè moun ki fè sa yo? Ki fason nou ka chèche Senyè a?

  • Ede timoun yo memorize dènye fraz trèzyèm atik lafwa a. Kijan nou ka “chèche bagay sa yo”?

Amòs 8:11–12

Retablisman levanjil la te mete fen a grangou apostazi a.

Konprann sa Amòs te ansenye konsènan apostazi a ka ede timoun yo santi yo rekonesan pou Retablisman levanjil la.

Aktivite posib

  • Envite timoun yo li Amòs 8:11-12, epi pale konsènan sa k pase lè moun yo pa gen pawòl Senyè a. Ede timoun yo defini mo apostazi ak famin, nan pandan w ap itilize Gid Ekriti yo (scriptures.ChurchofJesusChrist.org) oubyen yon diksyonè. Nan ki fason apostazi tankou yon famin?

  • Pou ede timoun yo konprann Gran Apostazi a, revize “Apre Nouvo Testaman an” avèk yo ( nan Istwa Nouvo Testaman yo, 167-70). Apresa diskite kesyon tankou kesyon sa yo: Poukisa te gen yon Apostazi? Kisa k te pase kòm konsekans Apostazi a? Poukisa Senyè a te retabli levanjil Li a? (gade tou “Retablisman Plenitif Levanjil Jezikri a: Yon Pwoklamasyon Bisantnè Pou Mond lan,” ChurchofJesusChrist.org). Ankouraje timoun yo ekri kesyon sa yo ak repons yo epi pataje yo avèk fanmi yo lakay yo.

Imaj
senbòl aprantisaj

Ankouraje Aprantisaj Lakay

Bay timoun yo kèk moman pou yo reflechi konsènan yon bagay yo te aprann jodi a ke yo ta renmen pataje ak yon manm fanmi. Ankouraje yo deside kiyès y ap pataje l avèk ak kijan y ap pataje l.

Amelyore ansèyman nou

Lanse envitasyon ki respekte libabit. Poze kesyon ki ede timoun yo panse ak fason pèsonèl pou yo aplike sa yo t aprann. Pa ekzanp, ou ta ka mande, “Kisa w santi ou de fè selon sa nou te pale jodi a?”

Enprime