Ansyen Testaman 2022
21–27 Novanm. Jonas; Miche: “Li Pran Plezi nan Mizerikòd”


“21–27 Novanm. Jonas; Miche: ’Li Pran Plezi nan Mizerikòd’” Vini, Suiv Mwen—Pou Primè: Ansyen Testaman 2022 (2021)

“21–27 Novanm. Jonas; Miche,” Vini, Suiv Mwen—Pou Primè: 2022

Imaj
Mesye k ap rale bò lanmè a avèk yon balèn nan dlo a dèyè li

Jonas bò Lanmè a nan Niniv, pa DanielA Lewis

21–27 Novanm

Jonas; Miche

“Li Pran Plezi nan Mizerikòd”

Chèche prensip enpòtan nan Jonas ak Miche k ap beni timoun w ap ansenye yo. Medite sou kijan w pral ede timoun yo aprann verite sa yo. Ide yo nan plan leson sa a ka ede tou.

Ekri Enpresyon w yo

Imaj
senbòl pataj

Envite Pataj

Pou ede timoun yo sonje istwa Jonas ak lòt verite yo te gendwa aprann lakay yo, chante yon chan ansanm, tankou vèsè7 “Suis Les Prophètes” (Chants Pour Les Enfants, 110-11).

Imaj
senbòl ansèyman

Anseye Doktrin nan: Timoun ki pi Piti yo

Jonas 1:4–17; 3:3–5

Senyè a beni m lè m obeyi L.

Lè Senyè a te mande Jonas pou l t al preche moun Niniv yo, Jonas pa t obeyi. Ede timoun yo konprann ke nou beni lè nou obeyi Senyè a.

Aktivite posib

  • Montre foto istwa Jonas lan, epi envite timoun yo di sa yo konnen konsènan istwa (gade “Pwofèt Jonas la” nan Istwa Ansyen Testaman yo; paj Aktivite semèn sa a; oubyen plan leson semèn sa a nan Vini, Suiv Mwen—Pou Moun yo ak Fanmi yo). Poze kesyon tankou kesyon sa yo: Kisa k te pase lè Jonas pa t obeyi Senyè a? (gade Jonas 1:4–17). Kisa k te pase lè l te obeyi? (gade Jonas 3:3–5). Pataje temwayaj ou ke Senyè a ap beni nou lè nou obeyi L.

  • Chante ansanm yon kantik sou obeyisans, tankouJe veux obéir”Chants pour les enfants,197). Pale konsènan jan l t ap pi bon si Jonas te obeyi depi premye fwa a. Ede timoun yo reflechi ak bagay Bondye vle yo fè epi pratike jan yo ka obeyi rapidman.

Imaj
misyonè k ap ansenye yon mesye

Pè Selès la vle tout moun tande levanjil la.

Jonas 3

Levanjil la se pou tout moun.

Pèp Niniv la te repanti lè Jonas te pataje mesaj Senyè a avèk yo. Ki opòtinite timoun yo genyen pou pataje levanjil la?

Aktivite posib

  • Pratike pati nan Jonas 3:3-8 avèk timoun yo, tankou mache al nan vil Niniv lan, pataje mesaj Senyè a, ak ekri yon dekrè de wa a a pèp li a. Montre foto misyonè (gade nan Liv Ilistrasyon Levanjil la, no. 109, 110). Kisa misyonè yo fè? Nan ki jason Jonas te yon misyonè? Ede timoun yo panse ak fason yo ka pataje levanjil la ak lòt moun, tankou pataje yon atik lafwa oubyen pataje temwayaj yo de Jezikri.

  • Pataje yon eksperyans kote ou te pataje levanjil Jezikri a. Oubyen, kèlke jou anvan klas la, envite yon moun vin vizite klas ou an epi rakonte timoun yo yon lè l te pataje levanjil la ak on moun oubyen lè yon moun te pataje levanjil la avè l. Ankouraje moun nan montre foto si sa posib. Ede timoun yo panse a fason yo ka misyonè kounye a.

Miche 5:2

Jezi te fèt nan Betleyèm.

Miche te pwofetize ke yon ”dirijan Izrayèl” k ap vini t ap fèt Bètleyèm. Ou ka ede timoun yo konnen ke nesans Jezikri te ekzose pwofesi sa a.

Aktivite posib

  • Montre foto evenman ki te genyen pandan nesans Jezikri an (gade Liv Ilistrasyon Levanjil, nos. 28, 29, 30, 31). Envite timoun yo pou yo di w sa k ap pase nan chak foto. Li Miche 5:2epi envite yo pou yo kanpe lè yo tande mo “Bètleyèm” nan. Temwaye ke nesans Jezikri te tèlman enpòtan ke pwofèt te gentan konnen de li anvan l te fèt.

  • Envite timoun yo pou yo desinen foto nesans Jezi. Pandan y ap montre foto yo, mande yo poukisa yo rekonesan pou Jezikri.

Imaj
senbòl ansèyman

Anseye Doktrin nan: Timoun ki pi Gran yo

Jonas 1:10–12; 2:1–4,9; 3:1–5

Repantans enkli rekonèt peche m yo epi mande padon.

Egzanp Jonas la ka enspire timoun yo pou yo tounen bay Bondye lè yo peche.

Aktivite posib

  • Ede timoun yo fè yon lis sou tablo a de eleman de baz repantans yo (wè Gid Ekriti yo, “Repanti, Repantans,” scriptures.ChurchofJesusChrist.org). Revize ansanm istwa Jonas lan, epi envite timoun yo idantifye evidans ke Jonas t ap repanti {gade pa ekzanp, Jonas 1:10–12; 2:1–4,9; 3:1–5). Kijan nou ka montre Senyè a ke repantans nou an sensè?

  • Chante ansanm yon kantik sou repantans, tankou “Repentir” (Chants pour les enfants,98). Mande timoun yo ki pawòl oubyen fraz nan chante a yo t ap pataje ak Jonas pou ede l repanti.

Jonas 2:7–10; 3:10; 4:2; Miche 7:18–19

Senyè a gen mizerikòd pou moun ki vire ba Li.

Lè timoun yo konprann ke Senyè a gen mizerikòd e li bon, y ap vire ba li lè yo bezwen mizèrikòd.

Aktivite posib

  • Envite timoun yo jwenn yon definisyon pou mo mizerikòd lan nan yon diksyonè oubyen nan Gid Ekriti yo (scriptures.ChurchofJesusChrist.org). Poukisa Jonas te bezwen Mizerikòd? Poukisa pèp Niniv lan te bezwen Mizerikòd? (wè Jonas 1:1-3). Mande timoun yo pou yo imajine ke yo te ka fè entèvyou ak Jonas. Ki evidans ke Jonas te genyen pou montre ke Senyè a gen mizerikòd? (wè, pa ekzanp, Jonah 2:7–10; 3:10; 4:2). Kijan Senyè a te montre nou mizerikòd?

  • Mande timoun yo pou yo fè yon lis sou tablo a konsènan bagay ki “fè yo plezi”, tankou lwazi, benediksyon Senyè a, ak lòt bagay konsa. Envite yo li Miche 7:18-19 pou yo dekouvri yon bagay Senyè a pran plezi ladan. Ki verite nan vèsè sa yo ap ede yon moun ki pè repanti?

  • Ede timoun yo panse ak ekzanp lè Sovè a te montre lòt moun mizerikòd, tankou Mak 2:3–12; Lik 23:33–34; ak Jan 8:1–11. Montre foto evenman sa yo, si posib. Ede timoun yo panse ak opòtinite yo genyen pou yo gen mizerikòd epi pou yo janti ak lòt moun.

Miche 6:8

Senyè a vle m aji ak jistis, renmen mizerikòd, ak mache enbleman avèk Li.

Miche 6:8 bay yon modèl pou nou viv ak lajistis. Kijan w ka ede timoun yo dekouvri ak viv ansèyman nan vèsè sa a?

Aktivite posib

  • Li ansanm Miche 6:8, epi ede timoun yo konprann sa fraz sa yo vle di: “aji ak jistis,” “renmen mizerikòd,” ak “mache enbleman ak Bondye w lan.” Envite timoun yo pou yo desine foto tèt pa yo k ap fè youn nan fraz sa yo.

  • Ekri sou tablo a “Kisa Senyè a bezwen w fè?” Envite yo pou yo jwenn repons lan nan Miche 6:8. Kijan obeyi kòmandman Senyè a ede nou akonpli sa Senyè a bezwen nou fè nan vèsè sa a?

Imaj
senbòl aprantisaj

Ankouraje Aprantisaj Lakay

Ekri yon fraz kle pou chak timoun nan yon moso papye nan youn nan ekriti ou te diskite nan klas la. Envite timoun yo pou yo eseye memorize fraz la epi mande yon manm fanmi pou pataje panse l de sa.

Amelyore ansèyman nou

Prete atansyon a timoun yo. Ki fason timoun nan klas ou yo reyaji nan aktivite aprantisaj yo? Si yo parèt vle fè dezòd, petèt li lè pou ou eseye yon lòt tip aktivite. Oubyen si ou wè timoun yo angaje nan yon aktivite, pa santi w dwe kontinye paske ou pa t kouvri tout materyèl leson an.

Enprime