Ansyen Testaman 2022
12–18 Desanm. Malachi: “Senyè a Di: Mwen Renmen Nou!”


“12–18 Desanm. Malachi: ‘Senyè a Di: Mwen Renmen Nou!’” Vini, Suiv Mwen—Pou Moun yo ak Fanmi yo: Ansyen Testaman 2022 (2021)

“12–18 Desanm. Malachi,” Vini, Suiv Mwen—Pou Moun yo ak Fanmi yo: 2022

Imaj
Estati Kris la

12–18 Desanm

Malachi

“Senyè a Di: Mwen Renmen Nou!”

Non Malachi a vle di “mesaje m nan” (Diksyonè, “Malachi”). Pandan w ap etidye mesaj Malachi pou Izrayèl la, ki mesaj ou jwenn pou lavi pa w? Ki rapò ki genyen ant pawòl Malachi yo ak epòk ou a?

Ekri Enpresyon W yo

Senyè a te di pèp Li a “Mwen Renmen Nou,” pa lentèmedyè pwofèt Malachi. Men Izrayelit yo, ki te soufri afliksyon ak kaptivite pandan plizyè jenerasyon, te mande Senyè a: “Kijan ou renmen nou an?” (Malachi 1:2). Apre tout sa Izrayèl te pase yo, yo siman te mande tèt yo si istwa Izrayèl tan lontan an se vrèman istwa lanmou Bondye pou pèp alyans Li a.

Pandan w ap reflechi sou sa w te li nan Ansyen Testaman an ane sa a, ki prèv ou jwenn sou lanmou Bondye? Li fasil pou wè anpil egzanp feblès lòm ak rebelyon. Sepandan malgre tout sa, Bondye pa t janm sispann eksprime lanmou L pou yo. Lè pitit gason Jakòb yo te maltrete frè yo a, Joseph, Senyè a te prepare yon mwayen kanmèm pou te sove yo anba grangou (gade nan Jenèz 45:4–8). Lè Izrayèl t ap bougonnen nan dezè a, Bondye te nouri yo avèk lamàn (gade nan Egzòd 16:1–4). Menm lè Izrayèl te abandone L, te al jwenn lòt dye, epi te gaye, Bondye pa t janm abandone yo nèt men Li te pwomèt ke si yo te repanti Li tap rasanble yo epi rachte yo “avèk anpil mizèrikòd” (gade nan Ezayi 54:7).

Lè w gade l fason sa a, Ansyen Testaman se istwa lanmou pasyan, dirab Bondye. E istwa sa a ap kontinye jodi a. Malachi te pwofetize ke “Solèy Jistis la [ap] leve avèk gerizon nan zèl li,” (Malachi 4:2). Jezikri te vini, Li te pote gerizon fizik ak espirityèl pou tout moun ki vin jwenn Li. Li se pi gran prèv lanmou Bondye pou Izrayèl tan lontan an ak pou nou tout.

Pou plis enfòmasyon sou liv Malachi a, gade “Malachinan Diksyonè Bib la.

Imaj
senbòl etid pèsonèl

Ide pou Etid Ekriti Pèsonèl

Malachi 1–4

“Tounen vin jwenn mwen, epi M ap tounen vin jwenn ou.”

Nan epòk Malachi a, Izrayelit yo te deja rebati tanp Jerizalèm nan, men antanke pèp yo te ankò bezwen rebati relasyon yo avèk Senyè a. Lè w ap etidye Malachi, chèche kesyon Senyè a te poze Izrayelit yo oswa kesyon yo te poze L. Anvizaje poze tèt ou kesyon menm jan an (yo sigjere kèk egzanp pi ba la) pou ede w evalye relasyon w avèk Senyè a epi vin pi pre L.

  • Kijan m te santi lanmou Senyè a pou mwen? (gade nan Malachi 1:2).

  • Èske ofrann mwen yo pou Senyè a vrèman onore L? (gade nan Malachi 1:6–11).

  • Kijan m bezwen “retounen” vin jwenn Senyè a? (gade nan Malachi 3:7).

  • Èske m ap twonpe Bondye nan yon fason kèlkonk? (gade nan Malachi 3:8–11).

  • Kijan atitid mwen nan moman difisil yo reflete santiman m pou Senyè a? (gade nan Malachi 3:13–15; gade tou nan 2:17).

Gade tou nan Èldè D. Todd Christofferson, “Je reprends et châtie tous ceux que j’aime,” Ensign or Liahona, Me 2011, 97–100

Malachi 1:6-14

Senyè a mande “bagay ki bon pou sèvis Li.”

Pawòl Senyè a nan Malachi 1 yo endike ke prèt izrayelit yo t ap ofri bèt enfim ak bèt malad kòm sakrifis nan tanp lan, ki se bagay Senyè a entèdi (gade nan Levitik 22:17–25). Kisa sakrifis sa yo sigjere konsènan santiman prèt yo pou Senyè a Malachi 1:13). Poukisa s Senyè a mande nou pou nou ba L pi bon ofrann nou yo? Reflechi sou sakrifis Senyè a mande nou pou nou fè yo. Kisa w ka fè pou ba Li “yon ofrann ki sen”? (Malachi 1:11; gade tou nan 3:3).

Gade tou nan Mowoni 7:5–14.

Malachi 3:-4.

Pwofesi Malachi yo ap akonpli nan dènye tan sa yo.

Lè Sovè a te vizite Amerik yo, Li te site Malachi 3–4 pou Nefit yo (gade nan 3 Nefi 24–25). An 1823, anj Mowoni te pataje kèk pòsyon menm chapit sa yo avèk Joseph Smith (gade nan Istwa—Joseph Smith 1:36–39; gade tou nan Doktrin ak Alyans 2). Poukisa ou panse yo repete pawòl Malachi yo souvan konsa nan ekriti yo? (gade tou nan Doktrin ak Alyans 27:9; 110:13–16; 128:17–18). Dapre oumenm, ki mesaj nan Malachi 3–4 ki sanble yo espesyal enpòtan pou nou jodi a?

Lè Mowoni te site Malachi 4:5–6 la pou Joseph Smith, li te fè sa “avèk yon ti varyasyon pa rapò a jan l ye” nan Bib la (Istwa—Joseph Smith 1:36). Kisa varyasyon nan mesaj Mowoni an ajoute sou konpreyasyon nou konsènan pwofesi sa a? Pou aprann plis sou vini Eli a ak jan pwofesi sa a akonpli jodi a, gade nan Doktrin ak Alyans 110:13–16 ak Èldè David A. Mesaj Bednar, “Kè Timoun yo Pral Vire” (Ensign oswa Liahona, Nov. 2011, 24–27). Poukisa ou rekonesan dèske Eli te vini?

Imaj
Aparisyon Eli devan Joseph Smith ak Oliver Cowdery nan Tanp Kirtland nan.

Ilistration Aparisyon Eli devan Joseph Smith ak Oliver Cowdery nan Tanp Kirtland nan, pa RoberteT. Barrett

Malachi 3:8–12

Peye dim ouvri fenèt syèl yo.

Pandan w ap li Malachi 3:8–12, refliechi sou pwòp eksperyans pa w avèk peye dim. Kisa fraz “ouvri fenèt syèl yo” (vèsè 10) vle di pou ou?

Imaj
senbòl etid familyal

Ide pou Etid Ekriti Familyal ak Sware Familyal

Malachi 1:2.Kijan famini w tap reponn kesyon ki nan Malachi 1:2 a—“Kijan [Senyè a] renmen nou an?” Ki prèv nou genyen sou lanmou Senyè a pou nou?

Malachi 3:8–12.Pandan w ap li Malachi 3:8–12, envite manm fanmi an pou yo pataje panse oswa santiman yo konsènan ladim. Ki benediksyon tanporèl ak espirityèl nou wè nan peye dim? (gade nan David A. Bednar, “Fenèt Syèl yo,” Ensign or Lyawona, Nov. 2013, 17–20). Manm fanmi yo ta kapab pran plezi nan desine imaj pou reprezante benediksyon sa yo epi koke imaj yo sou yon fenèt.

Malachi 3:13–18.Kisa apateni a Senyè a ak vin youn nan “jwayo” L yo vle di pou nou ?

Malachi 4:5–6.Apre yo fin li twa vèsè sa yo, fanmi w ta kapab idantifye repons kesyon sa yo konsènan pwofesi Malachi a: Kimoun? Kisa? Kilè? Ki kote? Poukisa? (gade tou nan Doktrin ak Alyans 2).

Kijan nou vire kè nou sou zansèt nou yo? Ki benediksyon nou jwenn lè nou fè sa? Ou ta kapab medite sou kesyon sa yo pandan w ap gade videyo “The Promised Blessings of Family History” (ChurchofJesusChrist.org). Kisa nou pral fè antanke fanmi pou nou ka resevwa benediksyon sa yo?

Pou plis ide pou anseye timoun yo, gade nan plan leson semèn sa a nan Vini, Suiv Mwen—Pou Primè a.

Chan yo sigjere: “Ma généalogie,” Chants pour les enfants,100.

Amelyore Etid Pèsonèl Nou

Poze kesyon pandan w ap etidye. Pandan w ap li ekriti yo, kesyon ka vin nan lespri w. Medite sou kesyon sa yo epi chèche repons.

Imaj
yon fi k ap sekwe yon mouchwa blan avèk anpil zansèt dèyè l

Hosanna Mourning, pa Rose Datoc Dall. Yon fi ki rele Mourning kanpe nan mond dèzespri a, nan mitan zansèt li yo ki antoure l. Manmzèl ap selebre delivrans yo anba kaptivite espirityèl.

Enprime