Ansyen Testaman 2022
12–18 Desanm. Malachi: “Senyè a Di: Mwen Renmen Nou!”


“12–18 Desanm. Malachi: ‘Senyè a Di: Mwen Renmen Nou’” Vini, Suiv Mwen—Pou Primè: Ansyen Testaman 2022 (2021)

“12–18 Desanm. Malachi,” Vini, Suiv Mwen—Pou Primè: 2022

Imaj
Estati Kris la

12–18 Desanm.

Malachi

“Senyè a Di: Mwen Renmen Nou!”

Senyè a renmen timoun w ap anseye yo. Kijan w pral ede timoun yo santi amou Li pandan w ap anseye doktrin ki nan liv Malachi a?

Ekri Enpresyon w yo

Imaj
senbòl pataj

Envite Pataj

Li fraz sa a nan Malachi 1:2: “Senyè a Di: Mwen Renmen Nou.” Envite chak timoun pou yo pataje yon fason yo konnen Senyè a renmen yo. Apre chak timoun fin pataje, remèsye li, epi pataje temwayaj ou sou amou Senyè a pou timoun sa a.

Imaj
senbòl ansèyman

Anseye Doktrin nan: Timoun ki pi Piti yo

Malachi 3:10–12

Pè Selès la ap beni m lè m peye dim.

Menm si jèn timoun w ap anseye yo poko gen lajan, yo ka toujou aprann sou benediksyon ki genyen nan peye dim.

Aktivite posib

  • Ede yo konte 10 ti objè piti, tankou pyès monnen sou paj aktivite semèn sa a. Envite yo separe youn nan objè yo de rès la, epi eksplike ke sa se tankou dim nou bay Senyè a. Nou bay yon dizyèm nan sa nou resevwa. Pataje temwayaj ou sou fason Senyè a beni nou lè nou peye dim. Chante ansanm yon kantik sou dim, tankou “Je donne ma dime au Seigneur” (Chants pour les enfants,150).

  • Desine yon fenèt sou tablo a, epi li Malachi 3:10 pou timoun yo. Envite yo pou yo lonje dwèt sou fenèt la lè w li ekspresyon “fenèt syèl yo.” Eksplike ke sa vle di Pè Selès la ba nou gwo benediksyon lè nou peye dim. Pandan timoun yo ap kolore paj aktivite semèn sa a, pale de kèk nan rezon ki fè nou peye dim.

  • Pataje yon istwa ki soti nan revi Zanmi an oubyen nan pwòp lavi pa w sou peye dim. Envite timoun yo pou yo koute benediksyon ki ka soti nan peye dim.

Malachi 4:5–6

Nou sele kòm fanmi nan tan.

Gras ak kle sèlman prètriz la Eli te bay Joseph Smith nan Tanp Kirtland nan, fanmi yo ka ini pou letènite. Pandan w ap anseye verite sa a, se pou w panse a santiman timoun ki gen fanmi ki pa sele nan tanp yo.

Aktivite Posib

  • Li Malachi 4:5 pou timoun yo. Apre sa di yo ke pwomès sa a te akonpli lè Eli te parèt devan Joseph Smith nan Tanp Kirtland nan (gade nan“Chapit40: Vizyon nan Tanp Kirtland nan,” nan Istwa Doktrin ak Alyans yo,157). Montre yon foto sou evenman sa a (gade nanLiv Ilistrasyon Levanjil la, no.95), epi envite timoun yo pou yo montre Eli ak Joseph Smith. Eksplike ke paske Eli te vini an, nou ka sele nan tanp kòm fanmi. Pataje temwayaj ou sou enpòtans pou nou sele kòm fanmi.

  • Pale timoun yo de lanmou w pou fanmi w; montre yon foto, si sa posib. Envite kèk nan timoun yo pou yo pataje sa yo santi konsènan fanmi yo. Chante ansanm yon kantik sou fanmi, tankou “Families Can Be Together Forever” (Hymns, no.300), epi temwaye ke Pè Selès la vle fanmi yo sele ansanm e sa se youn nan rezon k fè nou gen tanp yo. Ede timoun yo konprann ke gras ak Jezikri, nou ka sele avèk fanmi nou ki pa t kapab ale nan tanp nan lavi sa a. Envite timoun yo pou yo desine foto fanmi yo ansanm nan syèl la.

Imaj
senbòl ansèyman

Anseye Doktrin nan: Timoun Ki Pi Gran yo

Malachi 3:8–12

Pè Selès la ap beni m lè m peye dim.

Peye dim gen plis pou wè avèk lafwa nan Pè Selès la ak Jezikri ke avèk finans. Kisa timoun w ap anseye yo konprann apwopo dim? Kijan w ap ede yo gen lafwa pou yo peye dim?

Aktivite Posib

  • Ekri sou tablo a kesyon sou dim tankou sa a: Kisa dim ye? Kijan nou peye dim? A kisa dim sèvi? Ki benediksyon ki genyen nan peye dim? Envite timoun yo gade nan Malachi 3:8–12 ak “Dim, Ladim” nan Gid Ekriti yo (scriptures.ChurchofJesusChrist.org) epi ekri repons yo jwenn yo. Envite yo pou youn pataje repons yo avèk lòt. Ki kalite moun nou vin ye lè nou peye dim?

  • Pase videyo “Jezi Anseye sou Pyès Kòm Vèv la” (ChurchofJesusChrist.org), oubyen li ansanm Mak 12:41–44. Kisa istwa sa a anseye nou sou fason Senyè a santi l konsènan ofrann nou yo?

  • Desine yon fenèt sou tablo a, epi envite timoun yo ekri andedan fenèt la benediksyon yon moun ka resevwa lè l peye dim (pou ide, gade Malachi 3:10–12). Envite timoun yo pataje yon egzanp pèsonèl sou fason yo menm ak fanmi yo beni paske yo peye dim fidèlman. Oubyen ou gen dwa pataje yon egzanp nan pwòp lavi pa w sou kijan peye dim ogmante lafwa w nan Pè Selès la ak nan Jezikri.

Imaj
Eli parèt devan Joseph Smith ak Oliver Cowdery nan Tanp Kirtland nan.

Ilistrasyon aparisyon Eli devan Joseph Smith ak Oliver Cowdery nan Tanp Kirtland nan, pa Robert. Barrett

Malachi 4:5–6

“M ap voye Eli, pwofèt la.”

Pwofesi Malachi sou Pwofèt Eli a te akonpli lè Eli te parèt devan Joseph Smith nan Tanp Kirtland nan epi l te ba li kle pretriz ki pèmèt fanmi yo sele ansanm pou tout tan an. Ou ta gen dwa panse pou envite yon moun nan pawas la ki responsab travay tanp ak istwa familyal (tankou yon manm prezidans kowòm ansyen an oubyen prezidans Sosyete Sekou a) pou ede w anseye timoun yo doktrin sa a. Sonje pou w panse a santiman timoun ki gen fanmi ki pa sele yo.

Aktivite posib

  • Ekri chak ekspresyon ki soti nan Malachi 4:5–6 sou yon moso papye separe. Bay timoun yo moso papye yo, epi mande yo mete ekspresyon yo nan lòd kòrèk la. Li vèsè yo ansanm, epi diskite sou kesyon tankou sa yo: Kiyès Senyè a te pwomèt pou l voye? Kilè L te di moun sa a t ap vini? Kisa Senyè a di moun sa a t ap fè? Poukisa moun sa a bezwen vini? Ki kote pwofesi sa a te akonpli? (gade nan Doktrin ak Alyans 110:13–16).

  • Ekri sou tablo a yon kesyon tankou Kisa sa vle di pou kè timoun yo vire sou papa yo? (gade nan Malachi 4:6). Envite timoun yo medite sou kesyon sa a pandan y ap gade video “Kè yo makonnen ak pa nou” an nan (ChurchofJesusChrist.org). Apre sa envite yo pataje sa yo panse sou kesyon an sou tablo a. Diskite ansanm sou eksperyans oumenm oubyen timoun yo konn fè nan aprann osijè istwa familyal.

  • Montre foto Eli nan plan leson semèn sa a nan Vini, Suiv Mwen—Po Moun yo ak Fanmi yo. Envite timoun yo di kisa yo konnen sou evenman foto sa a dekri a (gade tou nan Doktrin ak Alyans 110:13–16). Temwaye ke pouvwa sèlman Eli te retabli a pèmèt fanmi yo ini etènèlman—sa enkli fanmi ki pa t gen opòtinite sa a nan mòtalite a. Si w te patisipe nan yon sèlman, oubyen pou ou oswa pou yon moun ki mouri, pale de sa w te santi pandan òdonans sa a. Mande timoun yo pataje sa yo santi apwopo fanmi yo ak plan Bondye a pou ede fanmi yo rete ansanm pou tout tan an.

Imaj
senbòl aprantisaj

Ankouraje Aprantisaj Lakay

Envite timoun yo panse a yon bagay yo te aprann pandan klas la jodi a, epi mande kèk ladan yo pou yo pataje. Ankouraje tout timoun yo pou yo pataje avèk fanmi yo yon bagay yo te aprann nan ansèyman Malachi yo.

Amelyore ansèyman nou

Fè timoun yo patisipe nan diskisyon levanjil yo. Ou gen dwa panse sou kèk fason kreyatif pou angaje timoun ki pi piti yo nan diskisyon levanjil yo. Pa egzanp, yo ta kapab pase yon boul youn bay lòt epi pataje repons yo pou yon kesyon lè yo kenbe boul la.

Enprime