Ansyen Testaman 2022
19-25 Desanm. Nwèl: “Nou Te Ret Tann Li, e L ap Sove Nou”


“19-25 Desanm. Nwèl: “Nou Te Ret Tann Li, e L ap Sove Nou,’” Vini, Suiv Mwen—Pou Primè: Ansyen Testaman 2022 (2021)

“19-25 Desanm. Nwèl,” Vini, Suiv Mwen—Pou Primè: 2022

Imaj
Bebe Jezi te vlope nan yon dra blan epi kouche nan yon krèch

Yon Timoun Fèt Pou Nou, pa Simon Dewey

19-25 Desanm.

Nwèl

“Nou Te Tann Li, e L ap Sove Nou”

Pwofèt Ansyen Testaman yo t ap tann nesans Mesi a avèk anpil lajwa (gade Ezayi 25:9). Pandan w ap prepare w pou ou ansenye pandan sezon Nwèl la, konsidere jan ou ka ede timoun yo jwenn lajwa nan nesans Sovè a Jezikri.

Ekri Enpresyon w yo

Imaj
senbòl pataj

Envite Pataj

Envite timoun yo pou yo pataje sa yo konnen konsènan nesans Jezikri. Lè yo mansyone yon moun oubyen on bagay nan istwa a, envite yo pou yo vin desine moun oubyen bagay lan sou tablo an. Mande timoun yo kisa yo konnen apwopo istwa sa a.

Imaj
senbòl ansèyman

Anseye Doktrin nan: Timoun ki pi Piti yo

Ansyen Testaman an anseye m konsènan Jezi.

Ede timoun yo fokis sou Sovè a Jezikri kòm rezon nou selebre Nwèl. Ou ka fè sa avèk ekriti nan Nouvo Testaman an ki temwaye de Li.

Aktivite posib

  • Afiche yon foto nativite an ( tankou Liv Ilistrasyon Levanjil la, no. 30, oubyen youn nan ilistrasyon nan plan leson semèn sa a nan Vini, Suiv Mwen—Pou Moun yo ak Fanmi yo). Li Ezayi 9:6, bay chak timoun yon tou pou yo lonje dwèt sou bebe Jezi lè yo tande fraz “yon timoun te fèt.” Patahe Temwayaj ou ke pwofèt nan Ansyen Testaman an te konnen ke Jezi t ap fèt.

  • Envite chak timoun pou yo di non yo, epi atire atansyon ke anplis non nou, yo ka rele nou yon lòt jan, tankou sè oubyen frè oubyen zanmi. Envite timoun yo pou yo pataje lòt egzanp. Li Ezayi 9:6 pou timoun yo, mete anfaz sou non ki fè referans a Jezikris: “Mèveye, Konseye, Bondye Puisan an, Papa etènèl la, Prens Lapè an.” Ede timoun yo konprann sa non sa yo di nou konsènan Jezikri.

  • Bay chak timoun yo yon etwal papye, epi envite timoun yo kenbe etwal yo lè ou li fraz sa a de Nonm 24:17: “ap gen yon etwal k ap soti nan Jakòb.” Envite timoun yo pataje kijan Jezikri tankou yon etwal briyan ki klere tout mond lan. Chante yon chan ansanm konsènan etwal l ki te parèt lè Jezi te fèt, tankou “Etwal Yo te Klere” (Chants Pour Les Enfants,37) oubyen “Premier Noel” (Cantiques, no. 132).

Jezikri se Sovè m.

Nwèl se yon lè pou nou selebre non sèlman nesans Jezi men lavi ak misyon L tou kòm Sovè mond lan. Kijan ou ka ede timoun yo santi lajwa ak gratitid pou Ekspyasyon Jezikris lan?

Aktivite posib

  • Mande timoun yo pou yo reflechi ak yon bagay ke yo pa ka tann rive. Eksplike ke moun fidèl ki te nan tan Ansyen Testaman an pa t ka tann nesans Jezikri. Li Ezayi 25:9 pou timoun yo, epi fè yo repete fraz “Nou te tann li, n ap kontan e n ap rejwi nan sali l.” Pataje avèk yo poukisa ou kontan e ou rejwi paske Jezi te fèt. Envite timoun yo pou yo pataje sa yo santi konsènan Sovè an.

  • Chante yon chan ansanm konsènan nesans Jezi, tankou “Au Loin, dans l étable” (Chants Pour Les Enfants, 42-43) oubyen “Ecoutez! Le Chant des Anges” (Cantiques, no. 128). Ede timoun yo dekouvri fraz nan chan sa yo ki ansenye nou konsènan Sovè nou an ak benediksyon nou genyen poutèt Li.

Imaj
senbòl ansèyman

Anseye Doktrin nan: Timoun ki pi Gran yo

Ansyen Testaman an ansenye m konsènan Jezikri, Mesi pwomi an.

Ansyen Testaman an plis pase jis yon koleksyon istwa ak ekriti enteresan; objektif li, tankou tout ekriti, se pou temwaye de Jezikri. Ede timoun yo aprann kijan y ap jwenn Li nan Ansyen Testaman an.

Aktivite posib

  • Envite timoun yo fè yon lis tout non ak tit Jezikri yo ka jwenn nan Moyiz 7:53; Sòm 23:1; Jòb 19:25; Ezayi 7:14; 9:6; 12:2; Amòs 4:13; ak Zakari 14:16. Kite yo travay a de si yo vle. Envite yo pou youn pataje lis yo avèk lòt. Kisa nou aprann konsènan Sovè a nan chak non ak tit sa yo?

  • Montre timoun yo kèk dekorasyon nwèl (oubyen foto), tankou yon etwal, limyè, oubyen on kado. Mande timoun yo jan chak bagay sa yo ka fè nou sonje Sovè a. Eksplike ke souvan ekriti yo itilize senbòl pou yo ansenye nou konsènan Jezikri. Envite timoun yo pou yo gade nan youn oubyen plis nan ekriti sa yo pou on bagay ki ta ka senbolize Jezikri: Jenèz 22:8; Egzòd 17:6; Sòm 18:2; 27:1 (gade Plan Leson Semèn sa a nan Vini, Suiv Mwen—Pou Moun yo ak Fanmi yo: Ansyen Testaman pou ekzanp adisyonèl). Nan ki fason Jezi tankou yon ti mouton, dlo, wòch, yon fò, oubyen limyè?

  • Nan fen etid Ansyen Testaman ane sa a, envite timoun yo pataje istwa prefere oubyen ekriti prefere yo nan Ansyen Testaman an. Kisa istwa sa yo oubyen ekriti sa yo anseye nou sou Jezikri? Poukisa nou rekonesan dèske nou gen Ansyen Testaman an?

Jezikri se Sovè ak Redanmtè mwen

Pandan n ap selebre nesans Jezikri, nou ka rejwi nan lavi ak sakrifis ekspyatwa L lan tou. Kijan ou ta ka itilize ekriti nan Ansyen Testaman an pou ede timoun yo bati lafwa yo nan Sovè ak Redanmtè yo an?

Aktivite posib

  • Li ansanm Ezayi 7:14; apresa envite timoun yo pataje sa yo konnen konsènan nesans Kris la. Oubyen montre videyo “Nativite a” (ChurchofJesusChrist.org), epi envite chak timoun chwazi yon moun nan videyo an epi pataje kijan moun sa a ka te santi l. Pataje temwayaj ou konsènan Sovè a, epi envite timoun yo pou yo fè menm bagay la tou.

  • Pou ede timoun yo pi byen konprann wòl Jezikri kòm Sovè nou, envite yo pou yo li Ezayi 25:8-9; 53:3–5; ak Oze 13:14. Kisa ekriti sa yo anseye nou sou fason Senyè a sove nou? Kijan nou ka “rejwi nan sali l”? (Ezayi 25:9).

  • Chante yon chan ansanm konsènan lanmou Jezikri pou nou, tankou “Au Loin, Dans l étable” (Chants Pour Les Enfants, 42-43) oubyen “Merveilleux l Amour” (Cantiques, no. 193). Envite yo pou yo site kèk bagay ki ede yo santi lanmou Sovè a.

Imaj
senbòl aprantisaj

Ankouraje Aprantisaj Lakay

Envite timoun yo pataje ak fanmi yo oubyen yon zanmi yon bagay yo te aprann konsènan Jezikri nan Ansyen Testaman an. Ankouraje yo pou yo kòmanse etidye Nouvo Testaman an semèn sa a.

Amelyore Ansèyman nou

Kreye yon anviwonman ki envite Lespri a. Gen plizyè fason nou kapab envite Lespri a nan klas nou. Mizik kapab ankouraje reverans. Ekspresyon lanmou ak temwayaj kapab kreye yon atmosfè espirityèl plen chalè. Konsidere nan lapriyè sa ou ka fè pou ou kreye yon anviwònman spirityèl nan klas ou an. (Gade Anseye nan fason Sovè a,15.)

Enprime