Ansyen Testaman 2022
19–25 Desanm. Nwèl: “Nou Te Mete Tout Espwa Nou nan Li. Li Delivre Nou!”


“19–25 Desanm. Nwèl: ‘Nou Te Mete Tout Espwa Nou nan Li. Li Delivre Nou,’” Vini, Suiv Mwen—Pou Moun yo ak Fanmi yo: Ansyen Testaman 2022 (2021)

“19–25 Desanm. Nwèl,” Vini, Suiv Mwen—Pou Moun yo ak Fanmi yo: 2022

Imaj
Tibebe Jezi anvlope nan yon moso twal blan e ki kouche nan pay

Nou Gen yon ti Pitit Ki Fèk Fèt, pa Simon Dewey

19–25 Desanm

Nwèl

“Nou Te Mete Tout Espwa Nou nan Li. Li Delivre Nou!”

Pandan sezon Nwèl sa a, konsidere kijan Ansyen Testaman an fòtifye temwayaj ou konsènan Jezikri pandan tout ane a.

Ekri Enpresyon W yo

Ansyen Testaman an pote yon espri antisipasyon sensè. Nan sans sa a, li yon ti jan tankou sezon Nwèl la. Kòmanse avèk Adan ak Eve, patriyach, pwofèt, powèt Ansyen Testaman an, ak moun yo t ap tann pou pi bon tan vini, pandan yo te ranpli avèk espwa pou renouvèlman ak delivrans pa Mesi a. Epi souvan Izrayelit yo te bezwen espwa sa a—keseswa yo te an kaptivite nan peyi Ejip oswa nan Babilòn oswa pwòp peche yo oswa rebelyon yo te kenbe yo an kaptivite. Atravè tout bagay sa yo, pwofèt te raple yo ke yon Mesi, yon Liberatè, tap vini “pou fè tout prizonye yo konnen pòt prizon louvri pou yo” (Ezayi 61:1).

Espwa sa a te kòmanse reyalize lè Jezikri te fèt nan Betleyèm. Liberatè puisan Izrayèl la te fèt nan yon etab e li te kouche nan yon kay kote yo bay bèt manje (gade nan Lik 2:7). Men Li pa t sèlman Liberatè izrayelit tan lontan yo. Li te vini pou delivre nou—pou pote soufrans nou yo, pou pote doulè nou yo, pou yo te ka blese L pou inikite nou yo, pou kout baton resevwa yo te ka geri nou (gade nan Ezayi 53:4–5). Se poutèt sa Nwèl ranpli avèk atant kè kontan konsa menm jounen jodi a. Mesi a te vini depi plis pase 2,000 an, e Li kontinye vini nan lavi nou lè nou chèche L.

Imaj
senbòl etid pèsonèl

Ide pou Etid Ekriti Pèsonèl

Mwen rejwi nan Redanmtè m nan.

Yo konnen Nwèl kòm yon epòk kè kontan akozde jwa ke Jezikri pote nan mond lan. Menm moun ki pa adore Jezi kòm Pitit Gason Bondye a kapab santi kè kontan Nwèl souvan. Medite sou jwa ou santi paske Pè Selès la te voye pitit Gason L lan.

Plizyè santèn syèk avan Senyèt te fèt, pwofèt Ansyen Testaman yo te santi yo kontan tou lè yo t ap pale de Mesi k ap vini an. Li kèk nan pasaj sa yo, epi reflechi sou rezon ki fè yo tap presye pou moun ki tap tann misyon Sovè a: Sòm 35:9; Ezayi 25:8–9; 44:21–24; 51:11; Sofoni 3:14–20; Moyiz 5:5–11. Poukisa pasaj sa yo presye pou ou?

Gade Russell M. Nelson, “Lajwa ak Sivi Espirityèl Survival,” Ensign oswa Liahona, Nov. 2016, 81–84

Senbòl kapab ede m sonje Jezikri.

Anpil nan tradisyon ki asosye avèk Nwèl yo kapab gen siyifikasyon senbolik ki oryante nou sou Kris la. Dekorasyon ki gen fòm etwal yo reprezante etwal klere ki t ap briye nan nuit nesans Jezi a (gade nan Matye 2:2). Chantè kantik nwèl yo kapab fè nou sonje anj ki te parèt devan bèje yo (gade nan Lik 2:13–14). Pandan w ap etidye Ansyen Testaman ane sa a, ou kapab remake anpil senbòl Sovè a. Kèk ladan yo mansyone nan lis ki pi ba la a. Anvizaje etidye senbòl sa yo epi ekri sa yo anseye w konsènan Li.

Ki lòt senbòl, pasaj, ak istwa ou jwenn nan ekriti yo ki temwaye de Jezikri?

Gade tou 2 Nefi 11:4; Mozya 3:14–15; Moyiz 6:63; “Tip oswa Senbò Kris,” nan Gid Ekriti yo, “Jezikri,” scriptures.ChurchofJeziKris.org.

“Y a rele l: Bon konseye k ap fè bèl bagay la.”

Yo fè referans a Jezikri pa anpil non ak tit diferan. Ki tit ou jwenn nan vèsè sa yo? Sòm 23:1; 83:18; Ezayi 7:14; 9:6; 12:2; 63:16; Amòs 4:13; Zakari 14:16; Moyiz 7:53. A ki lòt tit ou kapab panse? Ou ta kapab menm kontan drese lis tit Jezikri ke w jwenn nan kantik Nwèl yo. Kijan chak tit enfliyanse jan w panse konsènan Limenm?

Imaj
senbòl etid familyal

Ide pou Etid Ekriti Familyal ak Sware Familyal

Tradisyon Nwèl yo ka dirije moun al jwenn Jezikri.Fanmi izrayelit yo te gen tradisyon, tankou Pak ak lòt fèt, ki te la pou dirije kè yo ak lespri yo sou Senyè a (gade nan Egzòd 12). Ki tradisyon fanmi w genyen nan epòk Nwèl ki ede w konsantre sou Jezikri? Ki tradisyon ou konnen apati de istwa fanmi w? Ou ta kapab anvizaje diskite antanke fanmi kèk tradisyon ou vle kòmanse. Kèk ide ta kapab enkli sèvi yon moun ki nan bezwen (pou ide, gade nan ComeuntoChrist.org/light-the-world), envite yon zanmi pou l gade Devosyon Nwèl Premye Prezidans lan avèk ou nan (broadcasts.ChurchofJesusChrist.org), ekri pwòp chante Nwèl pa w, oubyen chèche jwenn yon fason kreyatif pou w pataje mesaj nesans Kris la.

“Kris Lè L Te Timoun: Yon Istwa Nativite.”Kijan w ka ede manm fanmi w santi reverans ak jwa nesans Kris la? Nou gen dwa gade videyo “The Christ Child: A Nativity Story” la nan (ChurchofJesusChrist.org) oswa li ansanm Matye 1:18–25; 2:1–12; Lik 1:26–38; 2:1–20. Chak manm nan fanmi an ta kapab chwazi yon moun nan videyo oswa istwa ki nan ekriti a epi di kijan moun sa a te santi l konsènan Sovè a. Manm fanmi an ta kapab pataje tou pwòp santiman pa yo konsènan Li.

Jwenn Sovè a nan Ansyen Testaman an.Pandan w ap prepare w pou w etidye lavi Jezikri nan Nouvo Testaman an ane pwochèn, anvizaje revize avèk fanmi w sa yo te aprann konsènan Li ane sa a nan Ansyen Testaman an. Ou ta kapab revize plan ki nan resous sa a ak nenpòt nòt etide pèsonèl pou ede w sonje sa w te aprann yo. Timoun ki piti ta kapab tire pwofi si yo gade nan Istwa Ansyen Testaman yo oubyen foto yo ki nan manyèl sa a. Ki pwofesi oswa istwa ki te enpresyone nou? Kisa nou te aprann konsènan Sovè a?

Pou plis ide pou anseye timoun yo, gade nan plan leson semèn sa a nan Vini, Suiv Mwen—Pou Primèa.

Kantik yo sigjere: “Petite Ville, Bethlehem,” Cantiques, no. 136.

Amelyore Ansèyman Nou

Koute manm fanmi w. “Koute se yon zak lanmou. Sa mande pou nou gen plis sousye de sa yon lòt moun genyen nan kè l olye de sa ki nan pwochen ajandan nou oswa pwochen plan leson nou an. … Si w pote bon jan atansyon a sa [manm fanmi yo] di ak sa yo pa di, w ap vin konprann bezwen yo, sousi yo, ak dezi yo pi byen. Lespri a ap ede w konnen kijan pou anseye yo” (Anseye nan Fason Sovè a, 34).

Imaj
Mari ak tibebe Jezi nan yon etab avèk Bèje yo

Nativite, pa N.C. Wyeth

Enprime