Ansyen Testaman 2022
Konvèsyon se objektif nou


“Konvèsyon se objektif nou,” Vini, Suiv Mwen—Pou Moun yo ak Fanmi yo: Ansyen Testaman 2022 (2021)

“Konvèsyon se objektif nou,” Vini, Suiv Mwen—Pou Moun yo ak Fanmi yo: 2022

Imaj
yon fi k ap li ekriti yo lakay li

Konvèsyon se objektif nou

Bi tout sa n ap aprann ak tout sa n ap anseye nan levanjil la se pou apwofondi konvèsyon nou nan Pè Selès la ak Jezikri ak pou ede nou vin pi plis menmjan avèk Yo. Pou rezon sa a, lè n ap etidye levanjil la, nou p ap sèlman chèche jwenn nouvo enfòmasyon; men nou vle vin yon “nouvo kreyati” tou (2 Korentyen 5:17). Sa vledi pou nou apiye nou sou Kris la pou chanje kè nou, pèsepsyon nou, aksyon nou, ak menm nati nou.

Men, kalite aprantisaj levanjil ki fòtifye lafwa nou e ki mennen chanjman konvèsyon mirakile sa a pa rive toudenkou. Li ale odela kad yon klas pou antre nan kè nou ak nan fwaye nou. Sa mande efò pèsistan chak jou pou n ka konprann levanjil la ak mete l an pratik. Aprantisaj levanjil la ki mennen nan vrè konvèsyon mande enfliyans Sentespri a.

Sentespri a gide nou pou nou jwenn laverite epi li rann nou temwayaj konsènan verite sa a (gade Jan 16:13). Li eklere lespri nou, li akselere konpreyansyon nou, epi li touche kè nou pa revelasyon nou resevwa nan men Bondye, ki se sous tout verite a. Sentespri a pirifye kè nou. Li enspire nan nou dezi pou n viv selon verite a, epi li enspire nou ki fason pou nou fè sa. Reyèlman, “Sentespri a … ap anseye [nou] tout bagay” (Jan 14:26).

Pou rezon sa yo, nan efò nou yo pou nou viv, aprann ak anseye levanjil la, nou dwe toudabò chèche konpayi Sentespri a. Bi sa a dwe gouvène chwa nou e gide panse nou ak aksyon nou. Nou dwe chèche tout sa ki envite enfliyans Lespri a epi rejte tout sa ki chase enfliyans sa a—paske nou konnen, si nou ka diy pou n gen prezans Sentespri a, nou ka diy pou nou viv nan prezans Pè Selès la ak Pitit Gason l lan, Jezikri, tou.