Ansyen Testaman 2022
Anseye timoun piti yo


“Anseye timoun piti yo,” Vini, Suiv Mwen—Pou Moun yo ak Fanmi yo: Nouvo Testaman 2022 (2021)

“Anseye timoun piti yo,” Vini, Suiv Mwen—Pou Moun yo ak Fanmi yo: 2022

Imaj
paran ak jèn timoun ka p gade nan liv

Anseye timoun piti yo

Si w gen timoun piti nan fanmi ou, men kèk aktivite ki ka ede yo aprann:

  • Chante. Cantiques ak chan ki nan Livre de Chants pour les enfants yo anseye doktrin nan avèk puisans. Itilize endèks pa sijè a ki nan do Chants pour les Enfants an pou w ka jwenn chan ki anrapò ak prensip levanjil w ap anseye yo. Ede timoun yo konpare mesaj ki nan chan yo avèk lavi yo. (Gade tou “Enkli mizik sakre nan aprantisaj levanjil ou a” nan manyèl sa a.)

  • Koute yon istwa oubyen jwe wòl li. Timoun piti yo renmen istwa anpil—apati ekriti yo, apati lavi ou, apati istwa Legliz la, oubyen apati revi Legliz yo. Chèche fason pou fè yo patisipe nan rakonte istwa. Yo gen dwa kenbe imaj oubyen objè, fè desen sa y ap tande a, jwe wòl sou istwa a, oubyen ede rakonte istwa a. Ede timoun yo rekonèt verite levanjil yo nan istwa w ap rakonte yo.

  • Li yon ekriti. Menmsi timoun piti yo gen dwa pa kapab li anpil, ou ka toujou fè yo pran angajman pou yo aprann nan ekriti yo. Petèt ou gendwa oblije konsantre sou yon sèl vèsè, yon fraz kle, oubyen yon mo. Timoun yo gendwa menm kapab memorize ti fraz kout nan ekriti yo si yo repete yo plizyè fwa. Pandan y ap tande pawòl Bondye a, y ap santi Lespri a.

  • Gade yon imaj oubyen gade yon videyo. Lè w montre timoun yo yon imaj oswa yon videyo ki anrapò avèk yon prensip levanjil oubyen yon istwa nan ekriti yo, poze yo kesyon ki ka ede yo tire leson nan sa y ap gade a. Paregzanp, ou ka mande: “Kisa k ap pase nan imaj sa a oswa nan videyo sa a? Kijan sa fè w santi w? App Medya Levanjil la, MediaLibrary.ChurchofJesusChrist.org, ak children.ChurchofJesusChrist.org se bon kote pou chèche jwenn foto ak videyo.

  • Kreye. Timoun yo kapab konstwi, fè desen, oswa kolorye yon bagay ki anrapò avèk istwa oswa prensip y ap aprann nan.

  • Patisipe nan demonstrasyon leson. Yon leson objè senp kapab ede timoun yo konprann yon prensip levanjil ki difisil pou konprann. Lè w ap itilize leson objè, chèche fason pou fè timoun yo patisipe. Y ap aprann plis si yo fè eksperyans ansanm olye ke yo jis gade yon demonstrasyon.

  • Jwe wòl. Lè timoun yo jwe wòl yon sitiyasyon yo ka pwobableman rankontre nan lavi reyèl, yo pi byen kapab konprann kijan yon prensip levanjil aplike nan lavi yo.

  • Repete aktivite yo. Timoun piti yo gendwa bezwen tande ansèyman yo plizyè fwa pou yo ka konprann yo. Pa pè repete istwa yo oswa aktivite yo souvan. Paregzanp, ou gendwa rakonte yon istwa nan ekriti yo plizyè fwa nan diferant kalite fason pandan yon leson—tankou li l nan ekriti yo, rezime l nan pwòp mo pa ou, montre yon videyo, fè timoun yo ede w rakonte istwa a, envite yo pou yo jwe wòl istwa a, eksetera.