“Ide pou Amelyore Etid Ekriti Pèsonèl Ou,” Vini, Suiv Mwen—Pou Moun yo ak Fanmi yo: Ansyen Testaman 2022 (2021)
“Ide pou Amelyore Etid Ekriti Pèsonèl Ou,” Vini, Suiv Mwen—Pou Moun yo ak Fanmi yo: Ansyen Testaman 2022
Ide pou Amelyore Etid Ekriti Pèsonèl Ou
Men kèk fason senp pou w amelyore etid ou sou pawòl Bondye a nan ekriti yo:
Chèche Verite Konsènan Jezikri
Ekriti yo anseye nou ke tout bagay temwaye konsènan Kris la (gade nan 2 Nefi 11:4; Moyiz 6:63), konsa, anvizaje note oubyen make vèsè ki anseye konsènan Sovè a ak kijan pou w suiv Li.
Chèche Mo ak Fraz ki Bay Enspirasyon
Ou gen dwa jwenn kèk mo ak fraz nan ekriti yo ki enpresyone w, kòmsi se te pou ou espesyalman yo te ekri yo. Yo gen dwa touche w pèsonèlman e enspire w ak motive w. Panse pou w make yo nan ekriti yo oubyen ekri yo nan yon jounal etid.
Chèche Verite Levanjil yo
Pafwa verite levanjil yo (ke yo souvan rele doktrin oswa prensip) fòmile dirèkteman, e pafwa yo enplike nan yon egzanp oubyen nan yon istwa. Mande tèt ou: “Ki verite etènèl yo anseye nan vèsè sa yo?”
Koute Lespri a
Se pou w pote atansyon a panse w yo ak santiman w yo, menm si yo pa an rapò avèk sa w ap li a. Enpresyon sa yo gen dwa egzakteman bagay Pè Selès la ta renmen pou w aprann yo.
Konpare Ekriti yo Avèk Lavi W
Reflechi sou fason istwa ak ansèyman w ap li yo aplike ak lavi w. Pa egzanp, ou gen dwa mande tèt ou: “Ki eksperyans mwen te fè ki sanble avèk sa m ap li la a?” oubyen “Ki fason m ka suiv egzanp moun sa a nan ekriti yo?”
Poze Kesyon Pandan W ap Fè Etid la
Pandan w ap li ekriti yo, gen kesyon ki ka vin nan lespri w. Kesyon sa yo gen dwa an rapò avèk sa w ap li a oubyen avèk lavi w an jeneral. Medite sou kesyon sa yo epi chèche repons pandan w ap kontinye etidye ekriti yo.
Itilize Èd pou Etid Ekriti yo
Pou w ka jwenn ide adisyonèl sou vèsè w ap li yo, itilize referans yo bay anba paj yo, Gid pa Sijè a, Diksyonè Bib la, Gid pou Ekriti yo nan (scriptures.lds.org), ak lòt èd pou etid.
Konsidere Kontèks Ekriti yo
Ou ka jwenn ide siyifikatif konsènan yon ekriti si w konsidere kontèks li—sikonstans oubyen kad ekriti a. Pa egzanp, konnen antesedan ak kwayans yon pèp yon pwofèt te pale ede w konprann ki objektif pawòl li yo vize.
Ekri Panse w yo ak Santiman w yo
Gen anpil fason pou w ekri enpresyon ki vini pandan w ap fè etid yo. Pa egzanp, ou gen dwa make yon mo oubyen yon fraz ki siyifikatif pou ou epi ekri sa k vin nan lespri w yo kòm yon nòt nan liv ekriti w yo. Ou gen dwa fè yon jounal kote w ap ekri ide, panse, ak enpresyon w resevwa yo tou.
Etidye pawòl Pwofèt ak Apot dènye jou yo
Li sa pwofèt ak apot modèn yo anseye sou prensip ou jwenn nan ekriti yo (paregzanp, gade nan conference.ChurchofJesusChrist.org ak nan Church magazines).
Pataje Ide
Pale sou ide w jwenn nan etid pèsonèl ou yo se non sèlman yon bon fason pou w anseye lòt moun, men sa ede ranfòse konpreyansyon w sou sa w li yo tou.
Aplike Sa W Aprann yo
Etid ekriti yo dwe non sèlman enspire nou—men sa dwe fè nou chanje fason n ap viv tou. Koute sa Lespri a enspire w pou w fè pandan w ap li a, epi apresa, pran angajman pou w aplike enspirasyon sa yo.