Ansyen Testaman 2022
Resous Adisyonèl


“Resous Adisyonèl,” Vini, Suiv Mwen—Pou Moun yo ak Fanmi yo: Ansyen Testaman 2022 (2021)

“Resous Adisyonèl,” Vini, Suiv Mwen—Pou Moun yo ak Fanmi yo: 2022

Imaj
Yon fanmi k ap etidye ekriti yo lakay yo

Resous Adisyonèl

Nou ka jwenn majorite resous sa yo nan app Bibliyotèk Levanjil la ak nan ChurchofJesusChrist.org.

Cantiques ak Chants pour les enfants

Mizik sakre envite Lespri epi l anseye doktrin nan yon fason memorab. Anplis de vèsyon enprime Cantiques ak Chants pour les enfants yo, ou ka jwenn anrejistreman odyo ak videyo anpil kantik ak chan timoun nan music.ChurchofJesusChrist.org ak nan app Mizik Sakre ak app Medya Levanjil la.

Manyèl Seminè ak Enstiti

Manyèl Seminè ak Enstiti yo founi kontèks istorik ak kòmantè doktrinal sou prensip ak istwa moun jwenn nan ekriti yo.

Revi Legliz la

Revi Zanmi, Pou Fòs Jèn yo, ak Lyawona gen istwa ak aktivite ki kapab kore prensip w ap anseye nan manyèl Vini, Suiv Mwen—Pou Moun yo ak Fanmi yo.

Sijè Levanjil

Nan Sijè Levanjil(topics.ChurchofJesusChrist.org) la, ou ka jwenn enfòmasyon debaz sou yon kantite sijè levanjil, ansanm avèk lyen pou ale nan resous itil tankou mesaj konferans jeneral, atik, ekriti ak video ki gen anrapò avèk sijè levanjil sa yo. Ou ka jwenn Esè sou Sijè Levanjil) yo tou, ki bay enfòmasyon an pwofondè sou kesyon doktrinal ak istorik.

Istwa Ansyen Testaman yo

Istwa Ansyen Testaman yo kapab ede timoun yo aprann doktrin ak istwa nou jwenn nan Ansyen Testaman an. Ou ka jwenn videyo sou istwa sa yo nan app Bibliyotèk Levanjil la tou ak nan MediaLibrary.ChurchofJesusChrist.org

Liv Desen Istwa ki nan Ekriti Yo—Ansyen Testaman

Resous sa a gen paj aktivite kolore amizan ki prepare pou ogmante aprantisaj timoun yo nan Ansyen Testaman an.

Video ak Ilistrasyon

Ilistrasyon, videyo, ak lòt medya kapab ede fanmi w konprann doktrin epi vizyalize istwa ki an rapò avèk ekriti yo. Vizite Medya Levanjil la nan MediaLibrary.ChurchofJesusChrist.org pou w ka wè koleksyon resous medya Legliz la. Medya Levanjil la disponib tou kòm app mobil. W ap jwenn anpil imaj ou ka itilize nan Liv Ilistrasyon Levanjil la.

Anseye nan Fason Sovè a

Anseye nan Fason Sovè a ka ede w aprann ak aplike prensip pou anseye nan fason Kris la.

Enprime