Vini, Suiv Mwen
Premye Dimanch


“Reyinyon Konsèy Premye Dimanch,” Vini, Suiv Mwen—Pou Prètriz Mèlkisedèk ak Sosyete Sekou (2017)

Reyinyon Konsèy Premye Dimanch yo

Reyinyon Konsèy Premye Dimanch yo

Nan premye Dimanch chak mwa, reyinyon kowòm, gwoup, ak Sosyete Sekou yo pa pral gen yon leson yon enstriktè ap anseye. Men olyesa, prezidans yo oswa lidè gwoup yo ap dirije yon reyinyon konsèy. Chak kowòm, gwoup, oswa Sosyete Sekou pral chita ansanm an konsèy pou pale sou responsablite, opòtinite, ak difikilte yo rankontre lokalman yo; ak pou planifye sou fason pou yo aji selon enspirasyon yo resevwa nan men Lespri yo.

“Revelasyon ap simaye nan mitan nou.”1

Èldè Neil L. Andersen

Anvan reyinyon konsèy la

  • Dirijan yo idantifye responsablite, opòtinite, ak difikilte yo rankontre lokalman epi nan lapriyè, yo chwazi yon sijè pou yo diskite.

  • Chak moun chèche direksyon Lespri a.

  • Chak moun prepare pou pataje panse yo ak eksperyans yo.

Imaj
Sè Sosyete Sekou ki reyini ansanm

Pandan reyinyon konsèy la

  • Dirijan yo envite manm yo pou yo pataje eksperyans yo pandan y ap aji selon enspresyon yo te resevwa nan reyinyon ki te fèt anvan yo.

  • Tout moun chita an konsèy ansanm sou sijè a, youn koute lòt, epi yo chèche direksyon Lespri a.

  • Dirijan yo rezime pwen kle yo epi yo lanse envitasyon pou moun yo pase alaksyon.

Imaj
reyinyon konsèy Prètriz Mèlkisedèk

Apre reyinyon konsèy la

  • Chak moun aji selon enpresyon yo ak envitasyon yo, ansanm epi endividyèlman.

  • Tout moun prepare pou pataje eksperyans yo nan reyinyon apre yo.

Imaj
Sè Sosyete Sekou k ap anbrase

“Nou se men li.”2

Prezidan Dieter F. Uchtdorf

Imaj
Dyagram pou vini suiv mwen an

Imaj vizyèl sou priyè ki soti nan Getty Images

Prensip pou fè konsèy ansanm

Se pa tout reyinyon konsèy ki sanble. Kite Senyè a anseye nou. Men kèk ide pou ede nou derape:

  1. Objektif yon reyinyon konsèy se pou nou chita ansanm pou pale sou responsablite, opòtinite, ak difikilte n ap rankontre lokalman; pou youn aprann apati ide ak eksperyans lòt; ak pou planifye fason pou nou aji selon enpresyon nou resevwa nan men Lespri yo.

  2. Yon reyinyon konsèy dwe mennen nan aksyon—moun endividyèl ak gwoup, enspire pa Lespri a, planifye pou yo aji apre reyinyon an pou akonpli travay Senyè a (gade DA 43:8–9).

  3. Konsèy yo dwe itilize ekriti yo ak pawòl pwofèt ak apot dènye jou yo, pawòl lòt Otorite Jeneral, ak Ofisye Jeneral yo pou gide ak sipòte diskisyon an. Nan fason sa a, pawòl dirijan enspire Legliz yo kapab ede kowòm yo, gwoup yo, ak Sosyete Sekou adrese bezwen enpòtan yo.

  4. Diskisyon yo pa dwe touche bagay konfidansyèl oswa delika konsènan manm yo endividyèlman oubyen fanmi yo.

  5. Menmsi se yon manm prezidans lan oswa lòt dirijan gwoup k ap dirije reyinyon konsèy la, li pa ta dwe domine pataj la. Dirijan an prezante yon pwoblèm pou diskite epi li envite tout moun pou yo pataje panse yo ak eksperyans yo, jan Lespri gide yo.

  6. Pandan ke okenn moun pa ta dwe santi ke y ap ba l presyon pou l patisipe, tout moun ta dwe santi yo alèz pou pataje kòmantè ak ide san yo pa pè pou moun pa kritike yo.

  7. Kote sa posib, chita an sèk kapab ede nou kenbe yon espri pataj ak fè yon bèl diskisyon.

Sijè posib pou reyinyon konsèy Premye Dimanch yo

Ide pou sijè pou yo diskite nan reyinyon konsèy yo kapab soti nan konsèy pawas la, nan reyinyon prezidans yo, nan plan zòn nan, nan enpresyon dirijan yo resevwa lè y ap sèvi manm yo ak nan enpresyon yo resevwa nan men Sentespri a. Sijè yo bay anba yo se sigjseyon sèlman yo ye. Dirijan yo gen dwa konn kèk lòt bezwen yo santi yo enspire pou yo adrese.

  • Kijan nou ka pi byen bay priyorite nan tout responsablite diferan nou yo?

  • Kijan nou ka vin pi pre Bondye e resevwa plis gidans nan men Lespri a nan lavi nou ak nan fwaye nou?

  • Kijan nou ka pataje levanjil la avèk zanmi nou ak pwochen nou? (gade Alma 17).

  • Kijan nou ka pwoteje tèt nou ak fanmi nou kont medya inapwopriye ak pònografi? (gade DA 42:22–23).

  • Kisa nou pral fè pou ede dirije ak fòtifye pitit nou yo ak jèn yo nan pawas nou?

  • Kijan nou ka ogmante inite nan kowòm nou, gwoup nou, oswa Sosyete Sekou? (gade Mozya 18:19–22).

  • Kijan nou ka plis enplike nan travay istwa familyal ak adorasyon tanp?

  • Kijan nou ka envite Senyè a pandan n ap chèche repons pou kesyon nou yo ak yon pi bon konpreyansyon sou levanjil la?

  • Kijan paran yo ka vin pi bon lidè nan fwaye yo?

  • Kijan nou ka fòtifye temwayaj nou konsènan Senyè a ak levanjil li a epi ede fanmi nou vin otonòm espirityèlman?

  • Kisa sa vle di pou nou ministre? Kijan nou ministre moun ki bò kote nou? (gade 1 Pyè 4:11).

Si posib, dirijan yo gen dwa fè manm yo konnen sijè a alavans pou yo ka vin prepare pou diskite sou li.

Nòt

  1. Neil L. Andersen, nan Adam C. Olson, “Handbook Training Emphasizes Work of Salvation,” Ensign oswa Liahona, Avr. 2011, 76.

  2. Dieter F. Uchtdorf, “You Are My Hands,” Ensign oswa Liahona, Me 2010, 68.

Enprime