Vini, Suiv Mwen
Dezyèm ak Twazyèm Dimanch


“Reyinyon Katriyèm Dimanch,” Vini, Suiv Mwen—Pou Prètriz Mèlkisedèk ak Sosyete Sekou (2017)

Reyinyon Dezyèm ak Twazyèm Dimanch yo

Reyinyon Dezyèm ak Twazyèm Dimanch yo

Pou dezyèm ak twazyèm Dimanch chak mwa yo, kowòm Prètriz Mèlkisedèk yo ak Sosyete Sekou ap etidye ansèyman pwofèt vivan yo, Apot yo, ak lòt dirijan Legliz yo ke y ap pran nan dènye konferans jeneral la. Yo gen dwa pale sou nenpòt mesaj ki soti nan dènye konferans jeneral la.

Nan pifò ka, prezidans kowòm nan, lidè gwoup la, oswa prezidans Sosyete Sekou a ap seleksyone yon mesaj konferans pou yo etidye, ki pral baze sou bezwen manm yo, byenke evèk la oswa prezidan pieu a gen dwa bay avi li. Lidè yo kapab chwazi yon mesaj ki anrapò avèk sijè ki te diskite nan reyinyon konsèy premye Dimanch lan, oubyen yo kapab chwazi yon lòt mesaj baze sou enspirasyon Lespri a. Lidè yo ak enstriktè yo dwe jwenn fason pou yo ankouraje manm yo pou yo li mesaj yo chwazi yo alavans epi pou yo vini tou prepare pou pataje ide yo. Aktivite aprantisaj yo sigjere anba yo, ki baze sou prensip ki nanAnseye nan fason Sovè a, kapab bay manm yo angajman pou yo aprann nan mesaj konferans jeneral yo.

Sharon Eubank, “Fè limyè ou briye

Mande manm kowòm ou yo oswa manm Sosyete Sekou yo pou yo panse sou fason lavi yo konn enfliyanse an byen pa yon fi fidèl e jis. Panse pou w envite kèk manm pataje kijan fi sa a ilistre youn oubyen plis nan karakteristik fi ki jis yo, yo pale nan mesaj Sè Eubank lan. Kisa nou aprann nan men Sè Eubank sou fason nou ka vin “yon fòs siyifikan nan kwasans nimerik ak spirityèl Legliz la nan dènye jou yo?

Neill F. Marriott, “Mache avèk Bondye e Repare brèch la

Mesaj sa a kapab ede manm ki santi yo separe avèk Papa nou ki nan syèl la oubyen avèk moun bò kote yo. Kisa k ka ede moun w ap anseye yo konprann kisa yon brèch ye? Petèt ou gen dwa pote foto sou diferant kalite brèch. Kisa Sè Marriott di yon brèch ye? Kisa k ka lakoz brèch nan relasyon nou avèk Bondye e avèk lòt moun. Envite manm yo pou yo etidye mesaj Sè Marriott la pou yo ka jwenn sigjesyon sou sa nou ka fè pou repare brèch nan lavi nou yo. Bay manm yo tan pou yo ekri sa Lespri a enspire yo pou yo fè pou yo ka atire pi plis vè Bondye ak lòt moun.

Joy D. Jones, “Yon valè inestimab

Ki benediksyon ki devèse nan lavi nou lè nou konprann idantite divin nou? Pou reponn kesyon sa a, manm kowòm oswa Sosyete Sekou w yo gen dwa repase istwa Mariama, Renu, ak Taiana ki nan mesaj Sè Jones la ansanm. Ki konsèy Sè Jones bay pou ede nou “sonje ak anbrase idantite divin nou”? Envite manm yo pou yo chèche epi diskite sou yon pasaj ekriti oubyen yon sitasyon nan mesaj Sè Jones nan ki ka ede yo konprann vrè valè yo pou Bondye. Envite yo pou yo pataje youn nan ekriti oswa sitasyon sa yo avèk yon moun ki bezwen pou yo raple l valè divin ni.

Dieter F. Uchtdorf, “Twa Sè

Yon fason pou n ta repase mesaj Prezidan Uchtdorf la se pou n ta divize kowòm nan oswa Sosyete Sekou a an ti gwoup. Ou gen dwa bay chak gwoup tach pou yo li sou youn nan sè yo ki nan mesaj Prezidan Uchtdorf la. Chak gwoup ta ka ekri yon lèt voye bay sè sa a, ki rezime konsèy Prezidan Uchtdorf la, epi pataje sa yo ekri a avèk lòt gwoup yo. Kisa nou ka fè pou nou ka menmjan ak twazyèm sè a? Kijan nou ka fè kowòm nou oswa Sosyete Sekou nou an vin yon “lye sekirite” pou moun k ap lite yo?

Dieter F. Uchtdorf, “Yon anvi pou retounen lakay

Kijan nou ka ede moun n ap anseye yo rekonèt kijan Bondye ap itilize yo pou beni lòt moun? Ou gen dwa envite yo pou yo repase seksyon nan mesaj Prezidan Uchtdorf la ki rele “Bondye ap itilize w” la, pou yo ka chèche pwomès yo fè moun k ap fè tout efò yo pou sèvi nan wayòm Bondye a, malgre feblès yo. Li mesaj sa a kapab raple manm yo eksperyans yo ta ka pataje tou sou kote Bondye te itilize yo pou beni lavi lòt moun—oubyen sou kote L te itilize lòt moun pou beni yo. Bay manm yo tan pou yo medite sou sa yo santi yo enspire pou yo fè gras ak diskisyon sa a.

Bonnie L. Oscarson, “Bezwen yo devan nou

Yon fason pou kòmanse yon diskisyon sou mesaj Sè Oscarson nan se bay chak moun yon fèy papye ki gen “Kimoun ki bezwen m jodia?” ekri nan tèt li. Manm Sosyete Sekou oswa kowòm yo gen dwa pran kèlke minit pou yo medite epi fè yon lis repons yo genyen pou kesyon sa a. Apresa, yo ta ka etidye mesaj Sè Oscarson nan pou chèche ide sou fason yo ta ka sèvi moun yo ekri sou lis yo a—oubyen ajoute non si yo santi yo enspire. Petèt kèk nan yo ta ka pataje sa yo te aprann.

Dallin H. Oaks, “Plan an ak Pwoklamasyon an

Kijan manm kowòm, gwoup, oswa Sosyete Sekou w yo pral aplike envitasyon Èldè Oaks bay pou “anseye [ak] viv selon” pwoklamasyon sou fanmi an, lakay yo, nan kominote yo, ak nan legliz la? Envite yo pou youn pataje ide yo avèk lòt. Petèt li ta bon pou yo ta byen etidye mesaj la pou yo chèche kèk deklarasyon doktrinal ki nan pwoklamasyon sou fanmi an. Nan ki fason deklarasyon sa yo ede nou reponn ak “pwoblèm aktyèl fanmi yo”? Seksyon IV nan mesaj Èldè Oaks la gen kèk egzanp sou deklarasyon sa yo.

D. Todd Christofferson, “Pen vivan ki soti nan syèl la

Men kèk kesyon manm Sosyete Sekou yo ak manm kowòm yo kapab gen nan lespri yo lè y ap repase mesaj Èldè Christofferson nan: Kisa sentete ye? Ki fason nou ka chèche sentete? Nan ki fason pran Sentsèn ede nou nan efò nou? Manm yo gen dwa pataje pawòl nan mesaj Èldè Christofferson yo ki ka ede reponn kesyon sa yo. Ki fason nou youn ka ede lòt kòm “konsitwayen Sen” nan efò nou pou n vin pi sen yo?

Jeffrey R. Holland, “Se pou nou pafè—finalman

Kèk nan moun w ap anseye yo gen dwa santi yo pa alawotè nan zafè viv ansèyman Sovè a yo. Kisa Èldè Holland anseye ki ka rekonfòte ak ankouraje moun ki gen dwa santi yo konsa yo? Ou gen dwa envite manm Sosyete Sekou oswa kowòm yo pou yo chèche yon bagay nan mesaj sa a ke yo ka pataje avèk yon moun k ap lite paske l santi l pa “bon ase.” Oubyen yo ka chèche jwenn yon bagay nan mesaj la ki ka enspire yo pou yo santi yon “pi gwo lanmou ak admirasyon pou [Kris] la ak yon pi gwo dezi pou vin menmjan avèk li.”

Gary E. Stevenson, “Eklips solè

Èske gen moun nan pami manm kowòm oswa Sosyete Sekou yo ki te viv yon eklips solè? Si wi, ou gen dwa envite youn nan yo pou vin eksplike analoji Èldè Stevenson pataje sou “ekplis solè” a. Ki obstak ki ka “bloke grandè, briyans, ak chalè limyè Jezikri ak levanjil li a”? Nan ki fason medya sosyal kapab distrè nou pou fè nou pa wè “bote, chalè, ak limyè selès levanjil la”? Kijan pou nou mete “linèt levanjil” ki ka pwoteje nou kont avègleman spirityèl yo? Kisa analoji Èldè Stevenson nan anseye nou sou kenbe yon pèspektiv levanjil?

Quentin L. Cook, “Kotidyen etènèl la

Mesaj Èldè Cook la raple nou enpòtans pou n rete enb nan plizyè kalite fason. Yon fason pou diskite sou sa l anseye a se divize manm yo an de gwoup. Mande yon gwoup pou l chèche sigjesyon nan mesaj Èldè Cook la ki ka ede nou devlope imilite, epi mande lòt gwoup la pou l chèche fason moun ka manifeste lògèy. Envite chak gwoup pou pataje deskripsyon yo a avèk lòt gwoup la. Manm yo ka pataje fason yo ta ka montre plis “imilite chak jou” nan lavi yo epi reflechi sou fason imilite sa a ta ka ede yo prepare pou yo rankontre Bondye tou.

Ronald A. Rasband, “Pa dekrè diven

Pou ankouraje diskisyon sou mesaj Èldè Rasband nan, li ta bon pou n ta envite kèlke manm pou yo pote yon machin akoud, yon plim, oswa yon resèt nan klas la epi pale sou rezon k fè bagay sa yo itil. Ki egzanp oswa ansèyman nan mesaj Èldè Rasband nan ki enspire manm yo pou yo rekonèt desen Bondye pou lavi yo? Petèt manm klas yo ta ka pataje eksperyans kote yo te wè Senyè a t ap dirije lavi yo. Kisa yo fè pou yo montre Bondye yo “apresye” direksyon li? Poukisa li enpòtan pou n rekonèt “plan divin” Bondye?

Russell M. Nelson, “Liv Mòmon an: Kisa lavi w t ap ye san limenm?

Prezidan Nelson te envite manm yo pou yo reflechi sou twa kesyon: (1) “Kijan lavi nou t ap ye san Liv Mòmon an?” (2) “Kisa nou pa t ap konnen?” (3) “Kisa nou pa t ap genyen?” Envite manm kowòm, gwoup, oswa Sosyete Sekou w yo pou yo medite sou kesyon sa yo epi pataje kijan yo ta ka reponn yo. Kisa yo jwenn nan mesaj sa a ki enspire yo pou yo apresye Liv Mòmon an plis pase “dyaman oubyen ribi”?

Dale G. Renlund, “Prètriz la ak Pouvwa Ekspyatwa Sovè a

Kijan w ka ede manm kowòm oswa Sosyete Sekou w yo konprann fason prètriz la ede nan fè benediksyon Sakrifis Ekspyatwa Sovè a disponib pou yo? Ou gen dwa ekri de tit sa yo sou tablo a: “Poukisa nou bezwen Ekspyasyon Jezikri a” ak “Kijan prètriz la ‘delivre’ nou benediksyon Ekspyasyon yo.” Apresa, envite manm yo pou yo etidye mesaj Èldè Renlund nan pou chèche fraz pou yo ekri anba chak tit sa yo. Nan ki fason prètriz la ak òdonans li yo ede nou akonpli objektif Pè Selès la pou pitit li yo?

Dieter F. Uchtdorf, “Mesaje limyè selès

Envite manm yo pou yo sonde mesaj Prezidan Uchtdorf la pou yo ka idantifye kijan prezans oubyen absans limyè divin ka afekte lavi nou. Ou gen dwa envite manm yo etidye kèk nan ekriti Prezidan Uchtdorf bay kòm referans yo epi chèche idantifye verite ki anrapò avèk limyè spirityèl. Kisa metafò sou eklips la anseye nou sou wòl libabit nan chèche limyè spirityèl? Kisa nou ka fè pou pataje limyè divin Jezikri a avèk lòt moun, spesyalman avèk fanmi nou epi avèk “jèn nou yo, k ap chèche limyè a”?

Henry B. Eyring, “Senyè a ap dirije Legliz li a

Envite manm kowòm oswa Sosyete Sekou w yo pou yo pataje eksperyans kote yo te bezwen devlope lafwa pou konnen apèl yo a oswa apèl yon lòt moun te soti nan Bondye. Ki fason yo te egzèse lafwa yo? Kijan yo te fè vin aprann ke apèl la soti nan Bondye? Envite manm yo pou yo etidye mesaj Prezidan Eyring nan pou yo ka indantifye verite li te aprann apati eksperyans pèsonèl li, ki ka ede nou gen konfyans ak pasyans ak tèt nou ansanm avèk lòt moun Senyè a aple.

Jean B. Bingham, “Pou lajwa ou ka total

Mesaj Sè Bingham nan ka ede manm Sosyete Sekou oswa kowòm ou yo konprann kijan nou ka jwenn lajwa, malgre pwoblèm lavi yo, si nou vin jwenn Kris la. Yon fason pou diskite sou mesaj li a gen dwa se desine yon wout sou tablo a ki mennen nan mo lajwa a. Envite plizyè manm pou yo ekri yon sigjesyon nan mesaj Sè Bingham nan ki mennen nan vrè lajwa sou wout la. Ankouraje manm yo pou yo reflechi sou fason yo ka suiv konsèy Sè Bingham nan. Envite plizyè manm pou pataje sa yo panse.

David A. Bednar, “Pwomès ki pi gran ak pi presye yo

Pou ede manm Sosyete Sekou oswa kowòm ou yo diskite sou mesaj Èldè Bednar la, ou gen dwa mete foto sou tablo a pou reprezante Saba a, tanp, ak fwaye nou. Envite manm yo pou yo li seksyon ki koresponn ak bagay sa yo nan mesaj Èldè Bednar la epi ekri sou tablo a kijan jou Saba a, tanp lan, ak fwaye nou ka ede nou konsantre sou pwomès Bondye fè nou yo. Ki bagay nan lavi nou ki ka retire atansyon nou sou pwomès sa yo? Ki etap nou ka pran pou asire n ke nou sonje yo?

Henry B. Eyring, “Pa pè fè byen

Mesaj Prezidan Eyring nan ka ede moun w ap anseye yo jwenn kouraj ak lafwa pou yo fè byen nan mond lan. Ou gen dwa envite kèk manm pou rezime egzanp moun fidèl Prezidan Eyring anseye yo. Kisa egzanp sa yo anseye nou sou sèvi lòt moun? Kisa egzanp sa yo sigjere sou fason nou ka sèvi kòm yon kowòm oswa yon Sosyete Sekou?

Yon lòt fason pou diskite sou mesaj sa a se repase benediksyon Prezidan Eyring te wè ki genyen nan suiv konsèy Prezidan Thomas S. Monson nan pou etidye Liv Mòmon an. Ki benediksyon nou wè nan etidye Liv Mòmon an?

M. Russell Ballard, “Vwayaj la ap kontinye!

Pou kòmanse yon diskisyon sou mesaj Èldè Ballard la, ou gen dwa envite yon moun pou pataje yon eksperyans kote l te gen yon destinasyon men l te dekouvri ke l te sou move wout la. Kijan egzanp tankou sa yo gen rapò avèk “vwayaj” pèsonèl nou pou retounen al jwenn Pè Selès la? Apresa, manm yo ka chèche wè konsèy ak avètisman Èldè Ballard bay ki ka ede nou konnen si n ap dirije nou nan bon direksyon an nan lavi nou. Bay manm yo tan pou yo medite sou pwòp wout pa yo epi pou yo diskite sou fason yo ka ede ak ankouraje lòt moun nan “vwayaj” pa yo pou retounen al jwenn Pè Selès la.

Neil L. Andersen, “Vwa Senyè a

Petèt manm Sosyete Sekou oswa kowòm ou yo kapab pataje yon eksperyans kote yo te santi yon mesaj konferans jeneral te patikilyèman siyifikan pou yo. Poukisa mesaj sa yo te siyifikan? Kisa Èldè Andersen anseye sou enpòtans mesaj konferans jeneral yo ak sou efò ak pwosesis ki enplike nan prepare yo? Ki fason konesans sa a ta dwe afekte ijans nou mete nan etidye ak koute pawòl sa yo? Panse pou w fè yon lis envitasyon yo te bay nan dènye konferans lan yo. Kisa nou fè pou n reponn a envitasyon sa yo?

Enprime