Vini, Suiv Mwen
Katriyèm Dimanch


“Reyinyon Katriyèm Dimanch,” Vini, Suiv Mwen—Pou Prètriz Mèlkisedèk ak Sosyete Sekou (2017)

Reyinyon Katriyèm Dimanch yo

Reyinyon Katriyèm Dimanch yo

Nan katriyèm Dimanch chak mwa, kowòm yo, gwoup yo, ak Sosyete Sekou ap diskite sou yon sijè Premye Prezidans lan ak Kolèj Douz Apot yo chwazi. Yo pral mete sijè sa yo ajou pou chak konferans jeneral. Sijè ki pral rete pou jis apre pwochen konferans jeneral la se pral jou Saba a. Dirijan yo oubyen enstriktè yo gen dwa chwazi pami doktrin ak aktivite aprantisaj yo sigjere anba yo, konbine plizyè nan yo ansanm, oubyen kreye pwòp pa yo selon bezwen manm yo.

Saba a se yon jou pou nou sonje sa Bondye fè pou nou.

Atravè tout listwa, Bondye te asosye kèk travay puisan avèk Saba a. Travay puisan sa yo enkli Kreyasyon an (gade Jenèz 2:1–3), egzòd pitit Izrayèl yo soti nan Ejip (gade Detewonòm 5:15), ak Rezirèksyon Sovè a (gade Jan 20:1–19; Travay 20:7). Envite manm yo repase pasaj sa yo epi diskite sou kijan sonje chak nan evenman sa yo ka ede nou onore jou Saba a. Ki kèk travay puisan Bondye fè pou nou? Kijan nou ka sonje bagay sa yo nan Jou Saba a? Si sa aplikab, envite manm yo pou yo diskite sou kesyon tankou sa yo nan fanmi yo?

Jezikri se Mèt Saba a.

Saba a rele jou Senyè a tou (gade Revelasyon 1:10). Poukisa ou panse yo rele Jezikri Mèt Saba a? (gade Matye 12:8). Ansanm, repase kèk vèsè ki ka ede enspire manm yo pou fè yo panse sou fason pou yo santre eksperyans jou Saba yo sou Jezikri (paregzanp, Elaman 5:12; Etè 12:41; Mowoni 10:32; ak DA 6:36–37). Ki lòt vèsè manm yo ka pataje ki ka ede yo fè Saba a pi santre sou Kris la? Ki bi nou ka fikse pou ede nou konsantre sou Sovè a pandan jou Saba a?

Jezikri se egzanp nou sou onore Saba a.

Pandan ministè li nan mòtalite a, Sovè a te pwofite opòtinite pou l te anseye osijè jou Saba a. Mande manm yo pou yo li istwa sa yo epi fè yon lis sa Jezi te fè nan Saba a ak prensip li te anseye: Lik 6:1–11; 13:11–17; Jan 5:1–20; 9:1–16. Ki lòt prensip sou Saba a nou aprann nan vèsè sa yo?Egzòd 20:8–11; 31:12–18; Ezayi 58:13–14; ak DA 59:9–19. Envite manm yo pou yo pataje sa yo kapab fè pou suiv egzanp Sovè a?

Gade Russell M. Nelson, “The Sabbath Is a Delight,” Ensign oswa Liahona, Me 2015, 129–32 tou.

Saba a se yon jou pou nou adore.

Ekri mo adore a sou tablo a epi mande manm klas yo pou yo ekri lòt mo ki anrapò avèk li bò kote l. Apresa, fè twa kolòn avèk mo anvan, pandan, ak aprè yo anlè chak kolòn. Kisa nou ka fè anvan, pandan, ak apre legliz pou adore Senyè a nan jou sakre l la? Manm klas yo ka li ansanm Mozya 18:17–29 ak Mowoni 6 pou yo ka jwenn ide. Envite manm yo pou yo medite sou fason atitid yo ak aksyon yo nan jou Saba a ap ede yo adore Senyè a nan jou sa a (gade Egzòd 31:16–17). Kisa nou ka fè pou ede amelyore eksperyans adorasyon fanmi nou ak manm pawas nou yo ap fè pandan reyinyon Legliz yo?

Pran sentsèn ap ede nou toujou gen Lespri a avèk nou.

Ekri kesyon sa a sou tablo a: Nan ki fason Sentsèn nan afekte lavi ou? Pou reponn kesyon sa a, envite manm yo pou yo travay ansanm pou chwazi ak diskite yon fraz nan priyè sentsèn nan ki nan Doktrin ak Alyans 20:77, 79 ak konsèy ki nan Doktrin ak Alyans 59:9 la. Bay chak gwoup tan pou yo chèche jwenn ekriti ki ka ede yo pi byen konprann fraz yo a ak diskite sou fason yo ka reponn kesyon ki sou tablo a. Ou gen dwa envite manm klas yo pou yo chwazi kantik sentsèn favori yo epi chante yo ansanm.

Gade Cheryl A. Esplin, “The Sacrament—a Renewal for the Soul,” Ensign oswa Liahona, Nov. 2014, 12–14 tou.

Saba a se yon jou pou sèvi lòt moun.

Kisa nou ka aprann sou sèvi lòt moun nan jou Saba a nan fason Sovè a te sèvi ak beni moun ki te bò kote li? Ankouraje manm yo pou yo repase ak diskite sou Matye 9:10–13; Lik 19:1–9; Jan 11:32–46; 13:1–5, 12–17; ak 3 Nefi 17:5–10. Mande manm yo pou yo panse ak ekriti sa yo pandan y ap reflechi sou fason yo ka sèvi nan jou Saba a. Paregzanp, yo ka sèvi manm fanmi yo, lonje lamen bay chak grenn moun ak fanmi y ap sèvi antanke enstriktè ak enstriktris nan fwaye, travay sou istwa familyal, vizite malad, oubyen pataje levanjil la. Petèt manm yo ta ka fè yon konsèy familyal pou planifye sou fason yo ka sèvi lòt moun nan jou Saba a.

Imaj
Yon moun k ap sèvi yon granmoun fi ki kouche sou yon kabann

Enprime