Vini, Suiv Mwen
Dokimantasyon adisyonèl pou anseye timoun yo


“Dokimantasyon adisyonèl pou anseye timoun yo,” Vini, Suiv Mwen—Pou Primè: Nouvo Testaman 2019 (2019)

“Dokimantasyon adisyonèl pou anseye timoun yo,” Vini, Suiv Mwen—Pou Primè: 2019

Dokimantasyon adisyonèl pou anseye timoun yo

W ap jwenn tout dokimantasyon sa yo nan LDS.org ak nan app. Bibliyotèk Levanjil la.

Vini, Suiv Mwen—Pou Moun yo ak Fanmi yo

Ou gen dwa adapte nenpòt nan aktivite yo nan manyèl sa a pou w itilize nan klas Primè w la. Menmsi paran yo ap itilize aktivite sa yo avèk timoun yo lakay yo, repetisyon se ka yon mwayen itil pou ede yo aprann. Timoun yo gen dwa byen anvi di w kijan yo te fè aktivite sa yo avèk fanmi yo ak sa yo te aprann.

Gade timoun nou yo: Manyèl pou Gadri a

Anpil nan sijè yo anseye nan manyèl gadri a sanble avèk sijè w ap anseye yo nan Primè a. Espesyalman si w ap anseye timoun piti, panse pou w konsilte manyèl gadri a pou w ka jwenn chan, istwa, aktivite, ak desen siplemantè.

Revi Zanmi an ak Lyawona

Revi Zanmi an ak Lyawona yo gen istwa ak aktivite ki ka konplete prensip w ap anseye nan Vini, Suiv Mwen—Pou Primè yo.

Cantiques ak Liv Chan timoun yo

Mizik sakre envite Lespri e anseye doktrin nan nan fason memorab. Anplis vèsyon enprime Cantiques yo ak Liv Chan timoun yo, ou ka jwenn anrejistreman odyo ak videyo pou anpil kantik ak chan pou timoun yo nan music.lds.org obyen nan app LDS Music la.

Istwa Nouvo Testaman yo

Istwa Nouvo Testaman (2005) yo ka ede timoun yo aprann doktrin ak istwa nou jwenn nan Nouvo Testaman yo. Ou ka jwenn videyo sou istwa sa yo nan medialibrary.lds.org.

Medyatèk

Ilistrasyon, videyo, ak lòt medya kapab ede oumenm ak timoun yo vizyèlman reprezante doktrin ak istwa ki nan Nouvo Testaman yo. Ale nan medialibrary.lds.org pou w ka gade nan tout koleksyon dokiman medya yo, enkli seri videyo Bib yo, ki dekri evenman nan Nouvo Testaman yo.

Ilistrasyon Levanjil

Ilistrasyon yo kapab ede timoun yo vizyalize doktrin ak istwa yo ki nan Nouvo Testaman an. W ap jwenn anpil imaj ou ka itilize nan klas la nan Liv Ilistrasyon Levanjil la ak nan medialibrary.lds.org.

Èd pou anseye timoun yo leson yo

Nan lds.org/children/resources ou ka jwenn yon endèks sou atik, aktivite, ak dokiman medya ki nan revi yo sou yon varyete sijè levanjil.

Ankre nan Lafwa

Si w bezwen èd adisyonèl pou konprann prensip debaz w ap anseye timoun yo, ou gen dwa al gade nan liv Ankre nan lafwa a (2004). Liv referans sa a bay eksplikasyon senp sou sijè levanjil yo, ki klase pa òd alfabetik.

Imaj
yon tifi nan yon klas k ap ekri sou tablo

Anseye nan Fason Sovè a

Liv sa a kapab ede w aprann ak aplike prensip pou anseye nan fason Kris la. Reyinyon konsèy enstriktè yo bay okazyon pou diskite sou prensip sa yo ak fè pratik sou yo.

Enprime