Vini, Suiv Mwen
Yon modèl pou ansèyman


“Yon modèl pou anseye,” Vini, Suiv Mwen—Pou Primè: Nouvo Testaman 2019 (2019) la

“Yon modèl pou anseye,” Vini, Suiv Mwen—Pou Primè: Nouvo Testaman 2019 la

Imaj
Klas Primè

Yon modèl pou ansèyman

Nan manyèl sa a, w ap wè modèl sa a repete nan chak seksyon: envite pataj, anseye doktrin nan, epi ankouraje aprantisaj lakay. Nan plizyè ka, lè w ap anseye, eleman yo nan modèl sa a kapab kowenside (tonbe ansanm) oubyen yo ka dewoule nan yon lòd diferan. Paregzanp, konsidere ke pataj se yon opòtinite pou anseye doktrin nan, epi anseye doktrin nan mande pou w envite timoun yo pou yo pataje. Menmjan tou, zafè ankouraje aprantisaj nan fwaye a kapab dewoule pandan yon diskisyon nan klas la. Kite kowensidans sa yo rive tou natirèlman, pandan w ap suiv enspirasyon Lespri a pou reponn bezwen timoun w ap anseye yo.

Imaj
Senbòl pataj

Envite pataj

Nan chak leson, envite timoun yo pou yo pataje santiman yo, ide yo, ak eksperyans ki anrapò avèk prensip yo prezante nan plan leson an. Kòmantè yo gen dwa enkli eksperyans aprantisaj yo te fè lakay yo. Epitou, ou gen dwa repase sa yo te aprann semèn pase yo epi mande yo ki enfliyans sa te genyen sou lavi yo.

Imaj
Senbòl ansèyman

Anseye doktrin nan

Vini, Suiv Mwen—Pou Moun yo ak Fanmi yo kapab ede w konprann doktrin nan w pral anseye timoun yo. Reflechi sou ki vèsè nan ekriti yo, ki sitasyon, ki eksperyans, ki kesyon, ak ki lòt resous ou kapab itilize pou ede timoun yo aprann ak aplike prensip levanjil yo. Chèche mwayen kreyatif pou ede yo enterese nan sa y ap aprann yo.

Imaj
Senbòl aprantisaj

Ankouraje aprantisaj lakay

Paske fwaye a se sant aprantisaj levanjil la, youn nan objektif ou kòm enstriktè nan Primè se ankouraje aprantisaj nan fwaye a. Kijan w ka ede timoun yo pataje sa yo aprann nan klas la avèk fanmi yo? Kijan w ka ankouraje timoun yo ak paran yo pou yo kontinye aprann nan Nouvo Testaman an lakay yo?

Enprime