Vini, Suiv Mwen
Ou se yon enstriktè timoun.


“Ou se yon enstriktè timoun,” Vini, Suiv Mwen—Pou Primè: Nouvo Testaman 2019 (2019)

“Ou se yon enstriktè timoun,” Vini, Suiv Mwen—Pou Primè: 2019

Imaj
Jezi avèk yon timoun

Ou se yon enstriktè timoun

Bondye aple w pou w anseye pitit li yo nan fason Sovè a. Ou resevwa mizapa pou apèl sa a pa otorite sent prètriz li a. Menmsi w pa yon enstriktè ki plen eksperyans, si w viv diy, ou priye chak jou, epi w etidye ekriti yo, Bondye ap akòde w enfliyans ak pouvwa Sentespri a (gade 2 Nefi 33:1).

Timoun yo konfye w yo se pitit Pè Selès la, e li konn sa yo bezwen ak ki pi bon fason pou atenn yo. Atravè Sentespri a, Bondye ap gide w pandan preparasyon w lan ak pandan w ap anseye. L ap revele w sa pou w di ak sa pou w fè.

Nan tout aspè nan lavi yo, timoun presye sa yo konstamman ap absòbe enfòmasyon, ap fòme ak rafine opinyon yo, ap fè dekouvèt e pataje yo. Sa espesyalman vrè avèk levanjil la, paske timoun yo dispoze pou yo aprann verite senp levanjil yo e yo pa ka tann. Lafwa yo nan bagay spirityèl yo solid ak pure, epi yo konsidere chak grenn moman kòm yon moman aprantisaj. Yo dispoze pou konfòme yo ak sa y ap aprann yo, menmsi konpreyansyon yo poko konplè. Se fason sa a nou tout ta dwe resevwa levanjil la. Jan Sovè a anseye: “Moun ki pa resevwa wayòm Bondye a tankou yon timoun piti, yo p ap antre ladan l” (Lik 18:17).

Apèl pou anseye timoun yo se yon responsablite sakre. Se tou nòmal pou w santi w depase pafwa. Men sonje ke Pè Selès ou a aple ou, e li pa p janm abandone w. Sa se travay Senyè a, epi, si w sèvi “ak tout kè w, ak tout pouvwa w, ak tout lespri w, ak tout fòs ou” (DA 4:2), l ap elaji kapasite ou, don w ak talan ou epi sèvis ou ap vin tounen yon benediksyon nan lavi timoun w ap anseye yo.

Enprime