Nouvo Testaman 2023
27 Fevriye–5 Mas. Matye 8; Mak 2-4; Lik 7: “Lafwa W Te Sove W”


“27 Fevriye–5 Mas. Matye 8; Mak 2-4; Lik 7: “Lafwa W Te Sove W” Vini, Suiv Mwen—Pou Primè: Nouvo Testaman 2023 (2022)

“27 Fevriye–5 Mas. Matye 8; Mak 2-4; Lik 7,” Vini, Suiv Mwen—Pou Primè: 2023

Imaj
Jezikri k ap leve yon mesye sou yon kabann

27 Fevriye–5 Mas

Matye 8; Mak 2-4; Lik 7

“Lafwa w geri ou”

Pandan w ap li Matye 8; Mak 2-4; ak Lik 7 semèn sa a, panse konsènan timoun w ap ansenye yo. Priye ke Sentespri a ap enspire w avèk ide k ap ede yo dekouvri verite ki nan chapit sa yo.

Imaj
senbòl pataj

Envite Pataj

Mande timoun yo pou yo pataje yon istwa Jezi k ap fè yon mirak (gade lis mirak nan plan leson semèn sa a nan Vini, Suiv Mwen—Pou Moun ak Fanmi). Ou ta ka montre foto ki gen rapò yo tou (tankou Liv Ilistrasyon Levanjil, no. 40).

Imaj
senbòl ansèyman

Anseye Doktrin nan: Timoun Ki Pi Piti yo

Matye 8; Mak 2–3; Lik 7

Jezi gen pouvwa pou L fè mirak.

Pandan w ap li mirak gerizon Sovè a, reflechi ak ki mirak pou ou pataje. Kijan ou ka ede timoun w ap ansenye yo konprann wòl lafwa nan mirak Jezi te fè yo?

Aktivite Posib

  • Pataje istwa yon mesye avèk paralizi nan Mak 2:1-12 Pou èd, gade “Chapit 23: Mesye ki Pa t Ka Mache an” (nan Istwa Nouvo Testaman Yo, 57-58, oubyen videyo ki koresponn nan sou ChurchofJesusChrist.org). Eksplike ke mesye avèk paralizi a pa t ka mache. Ede yo konprann ke Sovè a te geri mesye sa a.

  • Envite timoun yo pale de yon lè yo te malad. Rakonte youn nan istwa Jezi ki t ap geri malad, tankou Matye 8:1–4, 5–13, 14–15; Mak 3:1–5; Lik 7:11–16. Fè yo chak pran tou pa yo pou yo rakonte istwa a nan pwòp mo pa yo. Temwaye ke pouvwa Jezi an ka geri, beni, ak rekonfòte nou.

Matye 8; Mak 2-3; Lik 7

M ka montre lanmou pou lòt moun jan Jezi te fè sa a.

Jezi te montre gwo lanmou lè l te geri moun ki malad ak aflije yo. Reflechi sou fason ou ka ansenye timoun yo pou yon montre jantiyès ak moun ki nan bezwen.

Aktivite Posib

  • Chwazi youn oubyen plis istwa Jezi k ap montre lanmou ak yon moun ki nan bezwen, tankou sa k nan Matye 8:1–4, 5–13, 14–15; Mak 2:1–12; 3:1–5; Lik 7:11–16. Gade tou videyo “Widow of Nain” sou ChurchofJesusChrist.org.) Pataje yon lè yon moun te montre lanmou pou ou yon lè ou te nan bezwen ak kijan w te santi w. Envite timoun yo pou pataje pwòp eksperyans yo.

  • Montre videyo “Gordon Hinckley: Leson m te Aprann kòm yon Gason” (ChurchofJesusChrist.org Kijan timoun nan videyo sa yo te suiv ekzanp Jezi an? Envite lòt timoun pataje lòt sitiyasyon kote yon moun te ka nan bezwen. Kisa nou ka fè pou ede yo?

  • Chante ansanm yon kantik sou jantiyès, tankou “Soyons GentilsChants pour les enfants,83).

Imaj
Jezi nan yon bato k ap kalme tanpèt la

De Krent a La Fwa, Pa Howard Lyon

Mak 4:35–41

Lè mwen pè oswa an danje, Jezi ka ede m santi lapè.

Istwa Jezi k ap kalme tanpèt la ka ede timoun yo konnen Li ka ba yo lapè lè yo santi yo pè.

Aktivite Posib

  • Ede timoun yo imajine yo nan bato an pandan w ap li Mak 4:35-41. (Gade tou “Chapit 21: Jezi Kòmande Van ak Vag yo,” nan Istwa Nouvo Testaman yo, 53, oubyen videyo ki koresponn nan sou ChurchofJesusChrist.org.) Mande timoun yo pou yo dekri kijan yo t ap santi yo si yo te la. Kilè timoun yo te pè? Kijan yo te jwenn rekonfò?

  • Envite timoun yo fè son yon tanpèt epi sispann lè yon moun di “Silans, tè twa.“ Temwaye ke menm jan Jezi ka bannou lapè lè gen yon tanpèt deyò an, Li ka bannou lapè nan kè nou lè nou pa santi nou byen andedan nou.

  • Ansenye timoun yo aksyon pou akonpanye twazyèm vèsè nan “Di m Istwa Jezi” (Chants Pour Les Enfants, 57), epi chante vèsè a ansanm pandan w ap fè aksyon yo.

Imaj
senbòl ansèyman

Anseye Doktrin nan: Timoun Ki Pi Gran yo

Matye 3; Mak 2-3; Lik 7

Jezi ka fè mirak nan lavi m lè m gen lafwa nan Li.

Jezi fè plizyè mirak pandan ministè mòtèl Li an. Kijan ou ka ede timoun yo konnen ke mirak fèt jounen jodi an?

Aktivite Posib

  • Mande timoun yo pou yo chwazi youn nan mirak sa yo pou yo li ak desinen: Matye 8:1–4, 5–13, 14–15; Mak 2:1–12; 3:1–5; Lik 7:11–16. Envite timoun yo eksplike youn lòt desen pa yo a. Kisa nou aprann osijè Jezikri nan istwa sa yo?

  • Mande timoun yo pou yo montre jan yo santi yo lè yo malad, tris, pè, oubyen enkyè. Kijan Jezi ka ede nou lè nou gen santiman sa yo? Temwaye ke Jezi ka ede timoun yo nan tout sitiyasyon sa yo.

  • Envite timoun yo pataje eksperyans yo lè yo menm oubyen yon moun yo konnen te resevwa yon benediksyon prètriz. Kijan moun sa a te geri oubyen beni?

Mak 2:15–17; Lik 7:36–50

Jezi renmen nou menm lè nou peche e Li vle ede nou repanti.

Istwa nan Mak 2:15–17 ak Lik 7:36–50 ka ede timoun yo konprann ke Jezikri renmen nou menm lè nou peche. Li vle nou repanti e vin pi pwòch Li.

Aktivite Posib

  • Ekri Kijan Jezi santi L konsènan peche? ak Kijan Jezi santi L konsènan nou lè nou peche? sou tablo an. Mande timoun yo pou yo reflechi konsènan kesyon sa yo pandan y ap li ansanm Mak 2:15-17 epi apresa pataje repons yo. (Ou gendwa vle li ansanm “Pibliken” nan Gid Ekriti yo [scriptures.ChurchofJesusChrist.org].) Poukisa L enpòtan pou nou konnen ke Jezi renmen nou, menmsi nou pa pafè? Kijan konesans sa a ede nou lè nou bezwen repanti?

  • Kèlkejou anvan klas la, envite youn nan timoun yo ak yon manm fanmi pou vin nan klas la prepare pou pataje istwa nan Lik 7:36-50. Yo ta ka desinen foto k ap bay pati nan istwa a pou montre klas la. Diskite sa Senyè a ta ka vle nou aprann de istwa sa a avèk timoun yo.

Mak 4:35–41

Lè mwen pè oswa an danje, Jezi ka ede m santi lapè

Timoun yo dwe konnen ke Sovè a ka ba yo lapè lè y ap fè fas ak tanpèt lavi a—kounye an ak nan lavni.

Aktivite Posib

  • Mande youn nan timoun yo pou l itilize Mak 4:35-41 ak foto Jezi k ap kalme Tanpèt la (Liv Ilistrasyon Levanjil, no. 40) pou pataje istwa Jezikri k ap kalme tanpèt la. Mande timoun yo pou yo dekri kijan yo te ka santi yo si yo te la

  • Envite yo pataje eksperyans kote yo te santi lapè apre yo priye pou èd. Raple yo ke lapè sa a vini de Sovè a.

  • Bay chak timoun yo yon nyaj lapli an papye, epi mande yo pou yo ekri yon eprèv yon moun ka genyen. Mete tout nyaj yo sou tablo an, ap kouvri yon foto Sovè an. Envite yon timoun retire youn nan nyaj yo epi sikjere fason nou ka ede yon moun ak eprèv sa a jwenn lapè. Lè tout nyaj yo fin retire, temwaye de pouvwa Sovè a pou l kalme tanpèt nan lavi nou.

Imaj
senbòl aprantisaj

Ankouraje Aprantisaj Lakay

Ede timoun yo ekri yon ak sèvis yo pral fè pou yon lòt moun semèn sa a.

Amelyore Ansèyman nou

Timoun yo aktif. Pafwa ou gen dwa santi ke enèji yo se yon distraksyon ki anpeche yo aprann. Ou ka bati sou nati aktif timoun yo lè w envite yo pou yo jwe wòl yon istwa oubyen fè aksyon ki koresponn ak yon chan oubyen yon pasaj ekriti. (Gade nan Anseye nan Fason Sovè a,25

Enprime