Nouvo Testaman 2023
Yon Modèl Pou Ansèyman


“Yon Modèl Pou Anseye”, Vini, Suiv Mwen—Pou Primè: Ansyen Testaman 2023 (2023)

“Yon Modèl Pou Ansèyman,” Vini, Suiv Mwen—Pou Primè: 2023

Imaj
Enstriktè Primè ak timoun

Yon Modèl Pou Ansèyman

Nan resous sa a, w ap jwenn modèl twa etap sa a repete nan chak plan leson: envite pataj, anseye doktrin nan, ak ankouraje aprantisaj lakay. Nan plizyè ka, lè w ap anseye, twa leman modèl sa a kapab prezante sou yon fòm kote youn antre nan lòt oubyen yo vini nan yon lòd diferan. Pa egzanp, konsidere ke pataj la se yon opòtinite pou w anseye doktrin nan, epi anseye doktrin nan dwe gen yon envitasyon pou pataje. Menm jan an tou, ankouraje aprantisaj lakay la kapab fèt pandan yon diskisyon nan klas la. Kite chanjman nan modèl sa a fèt tou natirèlman, selon enfliyans Lespri a pou w reponn a bezwen timoun w ap anseye yo.

Envite Pataj

Kòm yon pati nan klas ou a, envite timoun yo pou yo pataje sa yo santi, ide yo, ak eksperyans yo konsnan prensip w ap anseye yo. Kòmantè yo gen dwa enkli eksperyans yo te fè nan aprantisaj lakay yo. Ou ta kapab revize sa yo te aprann semèn pase a epi mande yo kijan sa te enfliyanse lavi yo.

Anseye Doktrin nan

Vini, Suiv Mwen—Pou Moun yo ak Fanmi yo ka ede w konprann doktrin w ap anseye timoun yo pi byen. Konsidere ki vèsè nan ekriti yo, ki sitasyon, ki eksperyans, ki kesyon, ak lòt resous ou ta kapab pataje pou ede timoun yo konprann ak aplike prensip levanjil yo aprann yo. Ede yo rekonèt enfliyans Sentespri a lè L ap rann temwayaj konsnan laverite. Chèche mwayen kreyatif ak enspire pou ede yo enterese nan sa y ap aprann yo.

Pou ide konsènan fason pou itilize mizik pou ansenye doktrin nan, gade nan seksyon “Itilize Mizik Pou Ansenye Doktrin” ak “Ede Timoun yo Aprann ak Sonje Chan ak Kantik Primè yo“ nan fen manyèl sa a.

Ankouraje Aprantisaj Lakay

Paske fwaye a se sant aprantisaj levanjil la, youn nan objektif ou kòm enstriktè nan Primè se ankouraje aprantisaj nan fwaye a. Kijan w ka ede timoun yo pataje sa yo aprann nan klas la avèk fanmi yo? Kijan w ka ankouraje timoun yo ak fanmi yo pou yo kontinye aprann nan Nouvo Testaman an lakay yo?

Enprime