Vini, Suiv Mwen
6–12 Janvye. 1 Nefi 1–7: “M prale epi m ap fè”


“6–12 Janvye. 1 Nefi 1–7: “M prale epi m ap fè,’” Vini, Suiv Mwen—Pou Lekòldidimanch: Liv Mòmon 2020 (2020)

“6–12 Janvye. 1 Nefi 1–7,” Vini, Suiv Mwen—Pou Lekòldidimanch: 2020

Imaj
Fanmi Leyi ap vwayaje nan dezè a

Leyi ap vwayaje bò Lanmè Wouj la, foto Gary Smith

6–12 Janvye

1 Nefi 1–7

“M prale epi m ap fè”

Preparasyon ou antanke enstriktè Lekòldidimanch kòmanse avèk etid pèsonèl ou nan ekriti yo. Pote atansyon a enspirasyon espirityèl ou resevwa yo epi ekri yo.. Vini, Suiv Mwen—Pou Moun yo ak Fanmi yo ka konplete etid ou a.

Ekri enpresyon ou

Imaj
senbòl pataj

Envite pataj

Anpil nan manm klas ou yo ka byen familye avèk 1 Nefi 1–7, men, chak fwa nou li ekriti yo, nou ka aprann verite ki aplike a sitiyasyon aktyèl nou. Pou kòmanse diskisyon an, petèt ou ta ka mande manm klas yo kisa yo te aprann oubyen kisa yo te raple yo pandan yo t ap etidye semèn sa a.

Imaj
senbòl ansèyman

Anseye doktrin nan

1 Nefi 1; 3–6

Ekriti yo gen anpil valè.

  • Youn nan pi gwo mesaj Liv Mòmon an se gwo valè pawòl Bondye a. Sa ta kapab yon bon mesaj pou w pataje pandan klas ou a kòmanse etidye Liv Mòmon an. Pou kòmanse, ou gen dwa mande chak manm nan klas la pou yo chwazi yon chapit nan 1 Nefi 1; 3–6 epi li l pandan y ap chèche fason pawòl Bondye a beni fanmi Leyi a dirèkteman oubyen endirèkteman. (Manm klas yo ka benefisye si yo fè aktivite sa a an ti gwoup.) Apresa, envite yo pou yo pataje sa yo jwenn endividyèlman. Kisa istwa sa yo anseye nou sou enpòtans ekriti yo?

  • Youn nan objektif ou kòm yon enstriktè se ankouraje moun yo ak fanmi yo pou yo etidye levanjil la andeyò klas la. Petèt ou ta ka envite manm klas yo pou yo egzamine fason Leyi te etidye plak eren yo (gade 1 Nefi 5:10–19), epi apresa, poze kesyon tankou sa yo: Ki atitid Leyi te genyen vizavi ekriti yo? Kisa l te twouve k te gen valè ladan yo? Manm klas yo ta ka etidye mesaj Èldè Richard G. Scott la “Pouvwa Ekriti yo” (Ensign oubyen Liahona, Nov. 2011, 6–8) oubyen li yon moso nan mesaj sa a nan seksyon “Resous Adisyonèl” la. Kòman nou ka aplike ansèyman Èldè Scott yo pandan n ap etidye Liv Mòmon an ane sa a?

  • Nou gen dwa chante yon kantik sou ekriti yo ansanm, tankou “Pour sonder tes écritures” (Cantiques, no. 163). Apresa, ou gen dwa envite manm klas yo pou yo pataje fason etid pèsonèl yo nan ekriti yo beni lavi yo. Epi, yo gen dwa pataje ki fason ekriti yo enspire yo pou yo “vin jwenn … Bondye … pou yo ka sove” (1 Nefi 6:4).

1 Nefi 2:11–19; 3:28–31

Nou ka akeri pwòp temwayaj pa nou si nou adousi kè nou.

  • Nefi te trè renome poutèt gwo lafwa li nan Senyè a, men, li ta bon pou manm klas yo ta reyalize k l te oblije fè efò pou l ka akeri temwayaj li—jjan nou tout dwe fè. Petèt, yo ta ka chèche idantifye nan 1 Nefi 2:16–19 kisa k te fè l posib pou Nefi te akeri temwayaj li a. Epi yo ta ka repase vèsè 11–14 yo pou yo gade poukisa Laman ak Lemyèl pa t resevwa yon temwayaj. Se ta ka yon bon lè pou w envite manm klas yo pou yo pataje fason yo te akeri temwayaj pa yo.

  • Kèkfwa nou ta swete viv yon eksperyans mirakile pou nou ka akeri oubyen ranfòse temwayaj nou. Men, Laman ak Lemyèl te rankontre yon zanj, e malgre sa, sanble sa pa t gen okenn efè sou lafwa yo. Kisa manm klas yo ka aprann nan eksperyans sa a, yo dekri nan 1 Nefi 3:28–31an, konsènan sa ki ranfòse temwayaj nou? (gade tou 1 Nefi 2:16). Anvizaje pataje sitasyon Prezidan Harold B. Lee a nan “Resous Adisyonèl” yo. Kisa nou ka fè pou nou kenbe temwayaj nou solid?

1 Nefi 3–4

Bondye ap prepare yon mwayen pou nou fè volonte li.

  • Eksperyans pitit gason Leyi yo nan 1 Nefi 3–4 la ka parèt eksepsyonèl, men, anpil nan pami nou konn fè eksperyans kote nou te fè volonte Bondye menm lè sa te parèt difisil. Pandan manm klas yo t ap li 1 Nefi 3–4 semèn sa a, ki verite yo te jwenn ki te raple yo yon eksperyans pèsonèl? Petèt, ou ta ka mande yo pou yo pataje vèsè ki anseye verite sa yo, epi envite yo pataje eksperyans yo. Kijan verite sa yo ede nou lè Bondye atann pou nou fè yon bagay ki sanble l difisil?

  • Ou ka divize klas la an twa gwoup epi bay chak gwoup tach pou etidye youn nan tantatif pou te pran plak eren yo nan men Laban an (gade 1 Nefi 3:9–21; 1 Nefi 3:22–31; 4:1–4; ak 1 Nefi 4:5–38). Apresa, mande chak gwoup pou pataje sa chak nan tantatif sa yo anseye nou sou akonpli volonte Bondye. Kijan egzanp sa yo aplike nan efò pa nou pou nou fè volonte Bondye?

Imaj
Leyi ak Sariya k ap akeyi Nefi ak frè l yo

Lajwa yo te total, pa Walter Rane

Imaj
senbòl aprantisaj

Ankouraje aprantisaj lakay

Pou enspire manm klas la li 1 Nefi 8–10, ou ta ka pataje deklarasyon sa apati Prezidan Dieter F. Uchtdorf: “Ak sitèllman fòs k ap eseye rale nou deyò, kijan nou ka kenbe je nou fikse sou bonè gloriye yo pwomèt fidèl yo? Mwen kwè nou ka jwenn repons la nan yon rèv yon pwofèt te fè, sa gen dè milye ane. Non pwofèt la se Leyi, epi rèv li a ekri nan yon liv presye ki gran valè ki se Liv Mòmon an” (“Twa Sè yo,” Ensign oubyen Liahona, Nov. 2017, 18–19).

Imaj
senbòl resous

Resous adisyonèl

Video Liv Mòmon yo.

Chèche video ki dekri istwa ki nan 1 Nefi 1–7 yo nan koleksyon video Liv Mòmon yo nan ChurchofJesusChrist.org oubyen nan app Bibilyotèk Levanjil la.

Ekriti yo gen gwo pouvwa.

Èldè Richard G. Scott te temwaye de valè ekriti yo:

“Ekriti yo se tankou pake limyè ki klere panse nou epi ki fè plas pou direksyon ak enspirasyon ki sòti anwo. Yo ka vin tounen kle pou ouvri kanal kominikasyon avèk Papa nou ki nan Syèl la ak Pitit Gason Byenneme l la, Jezikri.

“Ekriti yo … ka vin tounen vrè zanmi lwayal ke nou ka konsilte nenpòt kote ak nenpòt kilè. Yo toujou disponib lè nou bezwen yo. Lè nou itilize yo, sa ka ba nou yon fondasyon laverite ke Sentespri a aktive. Aprann, medite, sonde, ak memorize ekriti yo se tankou ranpli yon tiwa avèk zanmi, ak valè, ak verite nou ka rele nenpòt lè, nenpòt kote nan mond lan. …

“Medite sou yon pasaj ekriti ka yon kle pou ouvri revelasyon ak direksyon ak enspirasyon Sentespri a. Ekriti yo ka kalme yon nam ki ajite, yo ka bay lapè, esperans, epi yo ka rebay yon moun konfyans nan kapasite l pou l simonte pwoblèm lavi yo. Yo gen pouvwa puisan pou geri pwoblèm emosyonèl lè nou egzèse lafwa nan Sovè a. Yo ka akselere gerizon fizik” (“Pouvwa Ekriti yo,” Ensign oswa Lyawona, Nov. 2011, 6).

Nou dwe renouvle temwayaj nou chak jou.

Prezidan Harold B. Lee te anseye: “Sa w posede kòm pwòp temwayaj pa w jodia gen dwa pa pou ou demen si w pa fè yon bagay pou kenbe l” (Enseignements des présidents de l’église: Harold B. Lee [2000], 43).

Amelyore ansèyman nou

Itilize istwa ak egzanp pou anseye prensip levanjil yo. Anpil nan verite etènèl ki nan ekriti yo anseye atravè eksperyans oubyen istwa yo gen ladan yo. Lè wa p prepare w pou w anseye, panse a eksperyans ou te fè ki ta ka sèvi kòm yon dezyèm temwayaj sou istwa nan ekriti yo ak prensip yo ilistre yo. (Gade Anseye nan fason Sovè a, 22.)

Enprime