Vini, Suiv Mwen
3–19 Janvye. 1 Nefi 8–10: “Vin manje fwi a”


“13–19 Janvye. 1 Nefi 8–10: ‘Vin manje fwi a,’” Vini, Suiv Mwen—Pou Lekòldidimanch: Liv Mòmon 2020 (2020)

“13–19 Janvye. 1 Nefi 8–10,” Vini, Suiv Mwen—Pou Lekòldidimanch: 2020

Imaj
Vizyon Leyi sou pyebwa lavi a

Rèv Leyi a, foto Steven Lloyd Neal

13–19 Janvye

1 Nefi 8–10

“Vin manje fwi a”

Anvan w li ide yo nan plan leson sa a, li 1 Nefi 8–10 epi panse sou difikilte ak opòtinite moun w ap anseye yo ap fè fas. Ekri enpresyon ou konsènan sou ki prensip nan chapit sa yo ou ta dwe konsantre nan klas la.

Ekri enpresyon ou

Imaj
senbòl pataj

Envite pataj

Vizyon Leyi a gen anpil aplikasyon pou epòk pa nou an. Nan kòmansman klas la, li ta bon pou w envite manm klas yo pou yo pataje ide yo pandan y ap li vizyon sa a. Ankouraje yo pataje kèk vèsè espesifik ak siyifikasyon yo jwenn ladan yo pou lavi yo.

Imaj
senbòl ansèyman

Anseye doktrin nan

1 Nefi 8:10–16

Lè nou fè eksperyans avèk lanmou Bondye, nou vle ede lòt moun fè menm eksperyans la.

  • Li natirèl pou nou pataje bagay nou renmen avèk moun nou renmen, men kèkfwa li difisil pou nou pataje levanjil la. Yon diskisyon sou vizyon Leyi a ka ede manm klas yo chèche jwenn opòtinite pou yo pataje levanjil la. Li ta bon pou w ta bay yon manm nan klas la yon moso fwi epi mande l pou l pèsyade rès klas la pou yo manje fwi sa a regilyèman. Kijan leson objè sa a familye avèk eksperyans Leyi a nan 1 Nefi 8:10–16 la? Kisa nou aprann nan eksperyans Leyi a ki ap ede nou lè n ap pataje levanjil la? Kòm yon pati nan diskisyon sa a, li ta bon pou w ta pase video “Bon bagay pou nou pataje” a (ChurchofJesusChrist.org).

  • Eldè David A. Bednar te anseye: “Fwi pyebwa a se yon senbòl benediksyon Ekspyasyon yo” (“Rèv Leyi a: kenbe ba fè a fèm,” Ensign oswa Lyawona, Okt. 2011, 34). Panse pou w kontakte kèk manm klas alavans epi mande yo pou yo reflechi sou 1 Nefi 8:11–16 la epi panse a kesyon tankou sa yo: Kijan m ta dekri dousè Sakrifis Jezikri a pote nan lavi m? Kijan m ka envite lòt moun pou yo vin goute dousè sa a? (gade vèsè 15). Kijan lòt moun te envite m pou m te chèche benediksyon Sakrifis Ekspyatwa Sovè a? Kisa m santi m enspire pou m fè lè m li 1 Nefi 8:11–16 la? Envite manm sa yo pou yo pataje repons yo pandan klas la, epi mande tout manm klas yo pou yo bay ide yo pandan diskisyon an.

Imaj
Vizyon Leyi sou pyebwa lavi a

Minerva K. Teichert (1888–1976), Kay Senyè a, 1954, penti aluil sou tablo, 36 x 48 pous. Mize Atistik Inivèsite Brigham Young

1 Nefi 8:19–38

Pawòl Bondye a mennen nou al jwenn Sovè a epi l ede nou santi amou li.

  • Yon fason pou kòmanse yon diskisyon sou vizyon Leyi a se envite kèk manm nan klas la pou yo desine yon reprezantasyon vizyon an sou tablo a, kote w ap itilize 1 Nefi 8:19–38 kòm gid. Oubyen ou gen dwa montre foto vizyon Leyi a ki nan plan leson semèn sa a nan Vini, Suiv Mwen—Pou Moun yo ak Fanmi yo. Apresa, ou ka envite chak manm nan klas la pou yo chèche vèsè ki bay yon entèpretasyon sou youn nan senbòl yo ki nan desen an oubyen foto a—ou ka jwenn entèpretasyon sa yo nan 1 Nefi 11:4–25, 35–36; 12:16–18; ak 15:21–33, 36. Pandan y ap pataje sa yo jwenn yo, mande yo pou yo di kisa senbòl sa yo anseye nou. Paregzanp, kisa yon gwo kay byen laj anseye nou sou lògèy? Kisa yon ba fè anseye nou sou pawòl Bondye a? Yo gen dwa di kijan vizyon Leyi a ede yo vin jwenn Kris la tou. Kijan nou wè tèt nou nan vizyon an?

  • Youn nan pi gran mesaj nan vizyon Leyi a se enpòtans pawòl Bondye a ba fè a senbolize a. Pou ede w mete aksan sou mesaj sa a, ou gen dwa divize klas la an kat gwoup epi mande chak gwoup pou yo etidye kat gwoup moun Leyi te wè yo, jan yo dekri nan seksyon “Resous Adisyonèl” la ak nan 1 Nefi 8:21–23, 24–28, 30, ak 31–33. Apresa, kite yo chak pataje sa yo te aprann yo avèk lòt. Li ta bon pou w ta ba yo kèlke minit tou pou yo reflechi sou sa yo santi yo enspire pou yo fè pou asire yo ke yo “kenbe ba fè a fèm” (1 Nefi 8:30).

1 Nefi 10:17–19

Bondye ap revele nou laverite si nou chèche l avèk dilijans.

  • Gouf tenèb ki bouche chemen nou yo ak vwa mokri ki sòti nan gwo kay byen laj la ka fè l difisil pou nou jwenn verite a. Si nou li egzanp Nefi a k ap chèche laverite a ansanm, sa kapab ede nou. Ou gen dwa kòmanse diskisyon an nan mande manm klas yo pou yo idantifye kèk nan mesaj kontradiktwa mond la ap bay yo. Paregzanp, kont ki ide nan mond lan pwofèt yo ak apot yo te avèti nou nan dènye konferans jeneral la? Panse pou w fè yon lis sou tablo a ki gen etap Nefi te pran pou l akeri pwòp temwayaj pa l konsènan verasite vizyon papa l la (gade 1 Nefi 10:17–19; 11:1). Kijan nou ka suiv egzanp li lè n ap chèche laverite?

Imaj
senbòl aprantisaj

Ankouraje aprantisaj lakay

Pou ankouraje manm klas yo pou yo li 1 Nefi 11–15, mande yo pou yo chèche ki rapò ki genyen ant foto sa yo avèk rèv Leyi a: ti bebe Jezi, yon kwa, manman pwostitye yo, miltitid ki te rasanble ansanm pou batay yo, ak liv yo.

Imaj
senbòl resous

Resous adisyonèl

Video Liv Mòmon yo.

Panse pou w pase yon video ki dekri evenman ki nan chapit sa yo (gade nan koleksyon video Liv Mòmon yo nan ChurchofJesusChrist.org obyen nan app Bibliyotèk Levanjil la).

Kat gwoup moun nan vizyon Leyi a.

Gwoup 1.“Nan 1 Nefi 8:21–23 nou aprann konsènan premye gwoup moun ki te prese avanse yo epi ki te kòmanse angaje yo nan chemen ki mennen nan pyebwa lavi a. Men, lè yo te rankontre gouf tenèb yo, ki reprezante ‘tantasyon dyab la’ (1 Nefi 12:17), yo te pèdi chemen yo, yo te egare, epi yo te pèdi. Remake ke yo pa mansyone ba fè a nan vèsè sa yo. Moun ki inyore pawòl Bondye a oubyen ki trete l alalejè, yo pa gen aksè nan bousòl divin sa a ki montre chemen ki al jwenn Sovè a”.

Gwoup 2.“Nan 1 Nefi 8:24–28 nou li konsènan yon dezyèm gwoup moun ki te jwenn chemen etwat ak kwense a ki te mennen nan pyebwa lavi a. Gwoup sa a ‘te mache vit atravè gouf tenèb la, yo te kenbe ba fè a byendi, jistan yo te vin rive manje fwi pyebwa a’ (vèsè 24). Men, lè moun ki te abiye byen rafine yo ki te nan gwo kay byenlaj la te moke yo, dezyèm gwoup moun sa yo ‘te wont’ epi ‘yo te tonbe sou wout entèdi epi yo te pèdi’ (vèsè 28). … Menm avèk lafwa yo, angajman yo, ak pawòl Bondye a, gwoup sa a te vin pèdi alafen—petèt, paske se sèlman pa okazyon yo te konn li oubyen etidye oubyen sonde ekriti yo.”

Guoup 3.“Nan vèsè 30 la, nou li konsènan yon twazyèm gwoup moun ki te avanse avèk rezolisyon pandan yo te ‘kontinye kenbe ba fè a byendi jistan yo te vini, yo te tonbe, epi yo te manje nan fwi pyebwa a.’ Fraz kle nan vèsè sa a se kontinye kenbe ba fè a byendi. Twazyèm gwoup sa a te avanse avèk lafwa ak konvisyon tou; men, yo pa di si yo te egare, ni tonbe nan chemen entèdi, ni si yo te pèdi. Petèt twazyèm gwoup moun sa yo te konstaman ap li ak etidye ak sonde ekriti yo. … Se nan gwoup sa a oumenm avèk mwen ta efòse pou nou antre.”

Gwoup 4.“Yon katriyèm gwoup moun pa t chèche pyebwa a, paske yo te fikse gwo kay byenlaj la kòm destinasyon final yo (gade 1 Nefi 8:31–33).”

(David A. Bednar, “Rèv Leyi a: Kenbe ba fè a byendi, ” Ensign oswa Lyawona, Okt. 2011, 34–36.)

Amelyore ansèyman nou

Eksprime konfyans nan atant ki elve. Gen kèk manm nan klas la ki gen dwa pa gen konfyans nan kapasite yo pou yo aprann levanjil la poukont pa yo. Pwomèt manm klas ou yo ke lè yo eseye aprann pou tèt pa yo, Sentespri a ap anseye yo. Li ta bon pou w ta sigjere kèk fason pou ede yo kòmanse. (Gade Anseye nan Fason Sovè a, 29–30.)

Enprime