Vini, Suiv Mwen
2–8 Novanm. Mòmon 7–9: “M ap pale avèk nou kòmsi nou te prezan”


“2–8 Novanm. Mòmon 7–9: ‘M ap pale avèk ou kòmsi w te la,’” Vini, Suiv Mwen—Pou Moun yo ak Fanmi yo: Liv Mòmon 2020 (2020)

“2–8 Novanm. Mòmon 7–9” Vini, Suiv Mwen—Pou Lekòldidimanch

Imaj
Nefi ap ekri sou plak lò yo

Mowoni k ap ekri sou plak lò yo, pa Dale Kilborn

2–8 Novanm

Mòmon 7–9

“M ap pale avèk nou kòmsi nou te la”

Repase enpresyon w te ekri pandan etid pèsonèl ou sou Mòmon 7-9 la semèn sa a. Ki pasaj nan chapit sa yo ou santi k pi enpòtan pou w repase avèk klas ou a?

Ekri enpresyon ou

Imaj
senbòl pataj

Envite pataj

Pou bay manm klas yo yon chans pou pataje yon bagay nan etid pèsonèl oswa famiyal yo, ou gen dwa ankouraje yo pou o pakouri Mòmon 7-9 epi pataje yon fraz oubyen yon vèsè Mòmon oubyen Mowoni te chwazi enkli nan plak yo ki fè yo santi yo rekonesan.

Imaj
senbòl ansèyman

Anseye doktrin nan

Mòmon 7:8–10; 8:12–22; 9:31–37

Liv Mòmon an gen gwo valè.

  • Yon fason pou w kòmanse yon diskisyon sou gwo valè Liv Mòmon an se pale de kijan nou detèmine valè yon bagay. Kijan lè nou konn valè yon bagay, sa chanje fason nou itilize li? Manm klas yo ka gade nan Mòmon 8:12–22 ep di kisa Mowoni te di konsènan valè Liv Mòmon an (“anal sa a”) Yo ka pataje eksperyans pèsonèl ki te montre yo valè Liv Mòmon an tou. Kijan nou ka montre ke nou bay Liv Mòmon an valè?

    Imaj
    Liv Mòmon an nan plizyè lang diferan

    Liv Mòmon an klarifye doktrin yo anseye nan Bib la.

  • Pou ede klas la rekonèt kijan Liv Mòmon an ak Bib la youn sipòte lòt, ou gen dwa envite yo pou yo li Mòmon 7:8–10 epi rezime deskripsyon Mòmon bay sou de anal yo nan pwòp mo pa yo (“anal ki ap gen pou vin jwenn Janti yo soti nan men Juif yo” fè referans ak Bib la). Panse pou w trase de sèk youn sou lòt sou tablo a epi rele youn Bib la epi rele lòt la Liv Mòmon an. Manm klas yo ka fè lis resanblans ant de liv ekriti yo nan sekyon ki ant sèk yo ak nan diferans nan lòt seksyon yo. (Videyo “Bib la ak Liv Mòmon an” nan ChurchofJesusChrist.org la bay kèk ide.) Altènativman, konsidere pou fè lis plizyè verite sou tablo a epi envite manm klas yo pou yo gade nan Gid Ekriti yo pou yo ka jwenn vèsè nan Liv Mòmon an ak Bib la ki ede yo konprann verite sa yo.

Mòmon 8:1–11

Nou ka fidèl menm lè nou kanpe poukont nou.

  • Gen moun nan klas la ki gen dwa santi yo poukont yo nan efò yo pou viv levanjil la. Kisa yo ka aprann nan egzanp Mowoni an ki ta ka ede yo? Panse pou w envite manm klas yo pou yo li Mòmon 8:1–11 epi panse a kesyon yo ta renmen poze Mowoni pou yo aprann kijan l te fè rete fidèl malgre sikonstans difisil li te ye yo. Kisa k enspire yo nan egzanp li? Pandan y ap pataje panse yo a, ankouraje yo pou yo pataje eksperyans pèsonèl kote yomenm oubyen lòt moun yo konnen te rete fidèl, menm lè yo te poukont yo. Kijan Senyè a te ede yo?

Mòmon 8:26–41; 9:1–30

Liv Mòmon an te ekri pou epòk pa nou an.

  • Pandan w ap apwoche nan fen ane etid sa a sou Liv Mòmon an, petèt manm klas yo ta ka reflechi sou rezon k fè yo santi liv sa a te ekri pou epòk nou an. Ou gen dwa kòmanse diskisyon an nan li deklarasyon Prezidan Ezra Taft Benson nan nan “Resous adisyonèl” la. Manm klas yo gen dwa aplike kesyon Prezidan Benson yo a Mòmon 8:26–41 la apresa. Poukisa Senyè a te enspire Mowoni pou l te enkli pawòl sa yo nan rejis la? Kijan yo ede nou nan epòk nou an?

  • Jan yo anseye nan plan leson semèn sa a nan Vini, Suiv Mwen—Pou Moun yo ak Fanmi yo, Mòmon 9:1–30 gen mesaj enpòtan konsènan mank kwayans nan Jezikri nan epòk pa nou an. Petèt ou ta divize klas la an twa gwoup epi envite chak gwoup pou chèche konsèy ki ede yo nan vèsè sa yo: 1–6 (konsekans ki genyen na pa kwè nan Kris la), 7–20 (enpòtans pou nou kwè nan yon Bondye revelasyon ak mirak), ak 21–30 (konsèy Mowoni pou nou).

  • Menmsi Mòmon 9:1–6 la te ekri pou “Moun ki kwè nan Kris la,” li ta bon pou nou tout ta imajine noumenm ki kanpe devan Bondye yon jou pou n al jije. Mande manm klas yo pou yo repase vèsè sa yo, pandan y ap chèche mo oubyen fraz ki dekri kijan mechan yo pral santi yo nan jou sa a. Kisa nou ka fè pou n ka evite gen santiman sa yo? Manm klas yo ka twouve kèk ide itil nan istwa Prezidan Boyd K. Packer te rakonte nan “Resous adisyonèl” la.

  • Anpil moun panse ke mirak sispann nan epòk nou an. Kijan w ka itilize ansèyman Mowoni yo pou ede manm klas yo kwè nan yon “Bondye mirak”? Ou gen dwa kòmanse pa mande yo pou yo repase Mòmon 9:7–26 epi chèche mirak Mowoni te priye nou pou nou kwè yo. Kisa nou aprann nan vèsè sa yo sou Bondye ak travay li a nan epòk nou an? Kisa nou dwe fè pou Bondye ka opere mirak? (gade Mòmon 9:20; 21)). Ki mirak nou konn wè?

Imaj
senbòl aprantisaj

Ankouraje aprantisaj lakay

Èske manm klas yo konn janm mande tèt yo kijan yo ka ogmante lafwa yo nan Pè Selès la ak nan Jezikri? Si wi, envite yo pou yo gade nan Etè 1–5 pou yo ka jwenn fason pou ede lafwa yo grandi.

Imaj
senbòl resous

Resous adisyonèl

Liv Mòmon an te ekri pou epòk pa nou an.

Prezidan Ezra Taft Benson te di:

“Nefit yo pa t janm te gen liv la; ni Lamanit nan ansyen tan yo. Li te destine pou nou . …

“Chak nan prensip majè nan Liv Mòmon an temwaye ke l te ekri pou jenerasyon fiti a [gade 2 Nefi 25:21; Jakòb 1:3; Mòmon 7:1; 8:34–35]. …

“Si yo te wè epòk nou an, epi yo te chwazi bagay ki t ap gen plis valè pou nou, èske se pa konsa nou dwe etidye Liv Mòmon an?” Nou dwe mande tèt nou konstamman ‘Poukisa Senyè a te enspire Mòmon (oswa Mowoni oswa Alma) pou yo te enkli sa nan anal li a? Ki leson m ka aprann nan sa pou ede m viv nan epòk sa a?” (“Liv Mòmon—Fondasyon relijyon nou an,” Ensign, Nov. 1986, 6).

Nou ka san tach.

Prezidan Boyd K. Packer te rakonte ke, pandan l te yon jenòm nan militè, li te fè yon vwayaj sis jou avèk manm ekipaj li yo nan yon tren machandiz ki te fè cho anpil, kote te gen pil lafimen e okenn mwayen pou benyen ni chanje rad. Lè tren an te fè yon rete, militè grangou yo te kouri al nan yon restoran.

“Restoran an te chaje epi konsa, nou te kanpe nan yon liy moun byen long ki t ap tann pou yo te chita. M sete premye moun nan, tousuit dèyè m te gen yon fi byen abiye. Menm san l pa t retounen, fi ki te devan m nan te reyalize prezans nou.

“Li te vire gade nou. Apresa li te vire gade m soti nan tèt al nan pye. Men mwen, kanpe nan yon inifòm chifonnen , sal, plen kras ak suif sou li. Li te di nan yon ton degoute: ‘O, ala mesye sa yo sal!’ Tout moun te vire gade nou.

“San okenn dout, ou te ka wè l te swete nou pa t la a, men, mwen m te swete menm bagay la tou.Okenn dout ke l te swete ke nou pa t la a, m te pataje souwè l la. M te santi m sal, enkonfòtab, epi m te wont.”

Prezidan Packer te site Mòmon 9:4 la nan apre epi l te konpare l avèk eksperyans li te fè nan santi l te spirityèlman pa pwòp nan prezans Bondye a. Pandan l te temwaye ke Ekspyasyon Jezikri a sete sèl fason li te ka vin spirityèlman p wòp ankò, li te di:

“Èske w ka imajine kijan m te santi m lè finalman m te konprann ke si m te suiv kondisyon Redanmtè a te etabli yo, m pa t ap janm gen pou m sibi agoni ki se spirityèlman pa pwòp la? Imajine santiman konsolatè, liberan, ak egzaltan n ap genyen lè nou vin konprann reyalite Ekspyasyon an ak valè pratik li gen chak jou pou nou chak endividyèlman an”” (“Washed Clean,” Ensign, Me 1997, 9–10).

Amelyore ansèyman nou

Priye pou manm klas ou yo. Èske gen yon moun nan klas ou a k ap lite? Menmjan Sovè a te priye pou Pyè a (gade Lik 22:31–32), ou ka priye pou moun w ap anseye yo pou yo ka fòtifye (gade Anseye nan fason Sovè a, 6).

Enprime