Vini, Suiv Mwen
16–22 Novanm. Etè 6–11: “Pou mal la ka aboli”


“16–22 Novanm. Etè 6–11: ‘Pou mal la ka aboli,’” Vini, Suiv Mwen—Pou Moun yo ak Fanmi yo: Liv Mòmon 2020 (2020)

“16–22 Novanm. Etè 6–11,” Vini, Suiv Mwen—Pou Lekòldidimanch: 2020

bato Jaredit yo sou lanmè a

M ap fè w remonte soti nan pwofondè yo, pa Jonathan Arthur Clarke

16–22 Novanm

Etè 6–11

“Pou mal la ka aboli”

Sonje ke sa k nan Liv Mòmon yo te ekri pou epòk nou an. Pandan w ap prepare w pou anseye, chèche nan resi nan ekriti yo pou w ka jwenn prensip ki ka fòtifye manm klas yo pou yo ka fè fas ak difikilte lavi yo.

Ekri enpresyon ou

senbòl pataj

Envite pataj

Pou ede manm klas yo pataje yon bagay yo te twouve k siyifikan nan Etè 6–11 la, ou ka envite yo pou yo imajine ke, si yo t ap fè yon fim avèk chapit sa yo, ki fraz nan Etè 6–11 la yo t ap sigjere kòm tit fim nan? Ba yo tan pou yo panse ak sa, epi envite yo pou yo pataje tit yo epi eksplike poukisa yo chwazi yo.

senbòl ansèyman

Anseye doktrin nan

Etè 6:1–12

Senyè a ap gide nou nan vwayaj nou nan mòtalite a.

  • Plan leson semèn sa a nan Vini, Suiv Mwen—Pou Moun yo ak Fanmi yo sigjere pou nou konpare vwayaj Jaredit yo ap travèse lanmè a avèk vwayaj nou nan mòtalite a. Mande manm klas ki te eseye fè aktivite sa a lakay yo pou yopataje ide yo te jwenn nan analoji sa a. Pou ede yo jwenn lòt konparezon nan klas la, envite yo pou yo gade nan Etè 6:1–12 pou jwenn detay sou vwayaj ki ka gen yon siyifikasyon senbolik (tankou wòch briyan yo, bato yo, ak van an) epi fè lis yo sou tablo a. Apresa yo ka pase kèlke minit ap travay de pa de oubyen an ti gwoup pou etidye vèsè sa yo epi di kisa senbòl yo ka reprezante nan lavi nou. Paregzanp, kisa “tè pwomiz” nou an ye? (vèsè 8). Kijan Bondye gide nou nan vwayaj nou an?

  • Ou gen dwa itilize Etè 6:1–12 la pou soulve yon diskisyon sou kijan lè nou tounen nou vè Bondye sa ede nou pwogrese atravè eprèv nou yo. Paregzanp, sitasyon nan “Resous adisyonèl” la ka ede yo konpare “move van” yo mansyone nan vèsè 5–8 yo avèk advèsite lavi yo. Kisa Jaredit yo te fè lè “dlo te antoure yo tout kote”? (vèsè 7). Manm klas yo ka pataje eksperyans kote advèsite te ede pouse yo devan. Kijan fason yo te reyaji nan eprèv yo te ede yo pwogrese al nan “tè pwomiz” pa yo? Kijan Senyè a te ede yo nan difikilte yo? Ankouraje yo pou yo fè referans ak mo ak fraz nan Etè 6 yo pandan y ap pataje eksperyans yo ak panse yo.

    Jaredit yo k ap vwayaje avèk bèt yo

    Vwayaj Jaredit yo atravè Azi, pa Minerva Teichert

Etè 6:7–18, 30; 9:28–35; 10:1–2

Senyè a beni nou lè nou enb.

  • Malgre anpil pati nan istwa Jaredit yo ilistre konsekans negatif ògèy ak mechanste, li gen peryòd imilite ak pwosperite tou ke nou ka aprann de yo. Pou ede manm klas yo aprann nan egzan pozitif sa yo, ou gen dwa divize yo an de gwoup epi bay yon gwoup tach pou li Etè 6:7–18 ak 30 pandan ke lòt gwoup la ap li Etè 9:28–35 ak 10:1–2. Mande yo pou yo chèche prèv nan vèsè sa yo ke Jaredit yo te imilye yo—oubyen yo te gen imilite akoz sikonstans yo—ak kijan Senyè a te beni yo kòm rezilta. Lè w fin ba yo ase tan, envite chak gwoup pou pataje sa yo te aprann. Kijan lè nou enb sa ede nou rapwoche de Bondye? Chante oubyen koute yon kantik sou imilite, tankou “Oh, j’ai besoin de toi” (Cantiques, no. 53), ta ka ajoute sou aktivite sa a.

Etè 7–11

Dirijan jis dirije pèp Bondye a.

  • Menm moun ki pa janm okipe yon pozisyon ofisyèl kòm dirijan yo ka aprann nan egzanp wa Jaredit jis yo ak wa Jaredit mechan yo; resi sa yo ka ede nou vin pi bon dirijan lakay nou, nan kominote nou, ak nan legliz la. Petèt ou ta ka kòmanse yon diskisyon sou sijè sa a nan mande manm klas yo pou yo panse ak yon moun yo konsidere kòm yon bon dirijan. Envite yo pou yo brèfman rakonte kèk nan kalite moun sa a posede, epi fè yon lis yo sou tablo a. Apresa ou gen dwa bay chak manm klas la tach pou yo aprann sou wa Jaredit yo nan Etè 7–11 la. (W ap jwenn yon lis wa sa yo, avèk referans avèk ekriti ki dekri yo, nan plan leson semèn sa a nan Vini, Suiv Mwen—Pou Moun yo ak Fanmi yo.) Manm klas yo ta ka pataje sa yo aprann nan men wa sa yo sou lidèchip, pandan y ap ajoute lòt kalite yo jwenn nan lis yo a ki sou tablo a. Gen lòt kalite lidèchip pozitif ki nan “Resous adisyonèl” la tou. Kijan nou ka devlope kalite sa yo epi pou n dirijan, menmsi nou pa gen yon tach spesifik kòm dirijan?

senbòl aprantisaj

Ankouraje aprantisaj lakay

Pou bay manm klas yo anvi pou yo li Etè 12–15 la, ou gen dwa mansyone ke nan chapit sa yo, Mowoni di Senyè a kèk nan mank asirans li genyen osijè anal li te kenbe yo. Repons Senyè a ka ede nou lè nou gen enpresyon ke nou pa alawotè tou.

senbòl resous

Resous adisyonèl

Eprèv nou yo prepare nou pou nou resevwa lavi etènèl.

Pandan l t ap pale nan konferans jeneral pandan ane difisil Dezyèm Gè Mondyal yo, Eldè Charles A. Callis nan Kolèj Douz Apot yo te di: “Yo di nou ke lè Jaredit yo te pati nan bato yo pou al nan tè pwomiz la, te gen tanpèt vyolan ak terib ki te akonpaye yo. Van t ap soufle epi yo te nan gwo danje pandan tout vwayaj periye sa a. Bondye te soutni yo. Epi nou li ke malgre van vyolan ak tanpèt ki t ap fè raj sa yo, ki t ap simen destriksyon sou pasaj yo, van an te soufle nèt ale jiskaske yo te rive nan Tè Pwomiz la. Advèsite n ap travèse yo, lagè terib sa yo ak tout bagay orib k ap pase yo, yo sou kontwòl Bondye. Li ka sispann yo lè l chwazi, lè desen divin ni fin akonpli. Men annou pa bliye ke, atravè lanmè ajite sa a, advèsite nap travèse yo, ke Bondye ap fè travay pou byen nou yo, si nou obeyi li—tout bagay sa yo ap pouse nou annavan pou n al nan yon lye repo, nan yon fiti golriye, vè lavi etènèl” (nan Conference Report, Avr., 1943, 62).

Kalite dirijan ki jis yo.

“Nan wayòm Bondye a, pou yon moun dirijan epi pou l gen grandè, li dwe wè lòt moun jan yo ye reyèlman—jan Bondye wè yo—epi apresa lonje lamen ba yo epi sèvi yo. Savle di rejwi avèk moun ki gen kè kontan, kriye avèk moun k ap kriye, soutni moun ki nan detrès, epi renmen pwochen nou jan Kris la renmen nou an. …

“… Lidèchip nan Legliz la se pa sitèlman osijè kapasite nou pou n dirije lòt moun men se dispozisyon nou pou nou kite Bondye dirije nou” (Dieter F. Uchtdorf, “Sa k pi gran nan pami nou an,” Ensign oswa Liahona, Me 2017, 79–80).

“Se sèl moun ki sanse yo ki gen kapasite pou edifye ak ankouraje youn lòt e pouse yo pou yo nan pi gran sèvis, pi gran akonplisman, pi gran fòs” (Enseignements des présidents de l’église: Ezra Taft Benson [2014], 265).

Mond lan ansenye ke dirijan yo dwe puisan; Senyè a ansenye ke yo dwe dou. Dirijan mond lan yo akeri pouvwa ak enfliyans atravè talan yo, konpetans yo ak richès yo. Moun k ap dirije nan fason Kris yo akeri pouvwa ak enfliyans ‘nan pèsyade, avèk pasyans, avèk jantiyès, dousman, epi avèk amou enfayib’ [DA 121:41]” (Stephen W. Owen, “Pi gran dirijan yo se pi gran disip yo,” Ensign oswa Liahona, Me 2016, 75).

Amelyore ansèyman nou

Ankouraje yon anviwonman plen respè. Eske w santi ke tout moun ki nan klas ou yo konfòtab pou eksprime panse yo ak sa yo santi? “Ede manm klas ou yo konprann ke yo chak gen yon enfliyans sou anbyans jeneral klas la. Ankouraje yo pou yo ede w etabli yon bèl atmosfè plen lanmou ak respè pou chak moun ka santi yo alèz pou pataje eksperyans yo, pou yo poze kesyon, ak rann temwayaj yo.” (Anseye nan fason Sovè a, 15).