Vini, Suiv Mwen
Mas 4–10. Matye 8–9; Mak 2–5: ‘Lafwa w geri ou’


“Mas 4–10. Matye 8–9; Mak 2–5: ‘Lafwa w geri ou’” Vini, Suiv Mwen—Pou Lekòldidimanch: Nouvo Testaman 2019 (2019)

Mas 4–10. Matye 8–9; Mak 2–5,” Vini, Suiv Mwen—Pou Lekòldidimanch: Nouvo Testaman 2019

Jezikri kap geri yon moun paralize

Gerizon nan zèl li, pa Jon McNaughton

Mas 4–10

Matye 8–9; Mak 2–5

“Lafwa w geri ou”

Preparasyon w pou anseye a kòmanse lè w etidye Matye 8–9 ak Mak 2–5 la nan yon espri lapriyè. Vini, Suiv Mwen—Pou Moun yo ak Fanmi yo ka anrichi etid ou a epi fè w panse a kèk ide ansèyman anplis ide yo prezante la yo.

Ekri enpresyon ou

senbòl pataj

Envite pataj

Ou gen dwa pote plizyè foto ki montre evenman nan Matye 8–9 ak Mak 2–5 yo (gade nan Liv Ilistrasyon Levanjil la, no. 4041, oswa LDS.org) oubyen fè lis evenman sa yo sou tablo a. Mande manm klas yo pou yo pataje sa yo konnen konsènan chak mirak. Ki mesaj yo jwenn nan mirak sa yo?

senbòl ansèyman

Anseye doktrin nan

Matye 8–9; Mak 25

Mirak fèt daprè volonte Bondye ak lafwa nou nan Jezikri.

  • Manm klas ou yo ka jwenn kèk ide puisan pandan etid pèsonèl yo sou mirak yo nan chapit sa yo (gade lis gerizon yo nan plan leson semèn sa a nan Vini, Suiv Mwen—Pou Moun yo ak Fanmi yo). Panse pou w mande yo pou yo pataje limyè yo avèk yon patnè oubyen avèk tout klas la.

  • Pou ede yo konprann relasyon ki genyen ant lafwa ak mirak la, li plizyè nan gerizon mirakile yo nan Matye 8–9 ak Mak 25 la pou chèche wè lafwa moun ki te geri a oubyen lafwa lòt moun yo. (Si w pa gen tan pou diskite sou tout mirak yo, mande yo kiyès nan mirak sa yo ki te pi touche yo.) Kèk nan ekriti sa yo ka anrichi diskisyon w lan: Mòmon 9:15–21; Etè 12:12–16; Mowoni 7:27–37; ak Doktrin ak Alyans 35:8. Kisa gerizon Sovè a te fè yo ak ekriti sa yo anseye konsènan lafwa ak mirak? Gade “Mirak” nan Diksyonè Bib la tou.

  • Gen dwa gen moun nan klas ou a ki gen lafwa epi k ap chèche yon mirak, men mirak la pa rive nan fason yo espere a. Kisa ekriti yo ak dirijan Legliz nou yo anseye sou sa? Nan yon atik ki rele “Aksepte volonte Senyè a ak kalandriye Senyè a,” Èldè David A. Bednar te pale sou fason l te konseye yon koup nan sityasyon sa a (Ensign, Out 2016, 31–35; gade tou 2 Korentyen 12:7–10; DA 42:43–52). Èske manm klas yo konn wè benediksyon vini nan lavi yo oubyen nan lavi lòt moun lè mirak yo t ap chèche a pa t fèt?

  • Lè y ap li konsènan mirak yo nan Matye 8–9 ak Mak 25 la, gen kèk moun ki ka mande tèt yo si mirak konsa posib jodia. Mowoni te dekri epòk nou an kòm yon epòk kote moun “pral di pa gen mirak ankò,” men li pwomèt tou ke Bondye toujou yon Bondye mirak, paske Bondye se yon "Èt ki pa janm chanje” (Mòmon 8:26; 9:18–21; gade Mowoni 7:27–29) tou. Kòman w ka ede manm klas ou yo ogmante lafwa yo nan pouvwa Bondye pou beni lavi yo? Ou gen dwa mande yo pou yo pataje egzanp sou mirak yo te temwen. Panse pou w rakonte yo resi sou mirak nan istwa Legliz la tou (gade nan “Resous adisyonèl”).

yon fi k ap touche rebò rad Jezi

Konfyans nan Senyè a, pa Liz Lemon Swindle

Matye 8:23–27; Mak 4:35–41

Jezikri gen pouvwa pou l pote lapè nan mitan tanpèt lavi yo.

  • Petèt ou ka okouran kèk nan difikilte manm klas ou yo ap travèse. Paske nou tout gen eprèv nan yon moman kèlkonk nan lavi nou, repase istwa ki nan Mak 4:35–41 an ka bay manm klas yo plis lafwa pou yo konnen Sovè a ka pote lapè pou yo. Bay chak moun yon fèy papye, epi mande yo pou yo ekri yon eprèv yo te travèse sou yon bò papye a. Sou lòtbò a, mande yo pou yo ekri yon bagay nan Mak 4:35–41 an ki enspire yo pou yo tounen vè Sovè a pandan eprèv yo a. Ankouraje yo pou yo pataje sa yo ekri a, si yo santi yo konfòtab pou yo fè sa.

  • Kantik “Maître, la tempête lance,” Cantiques, no. 56 la baze sou istwa ki nan Matye 8:23–27 ak Mak 4:35–41 an. Petèt manm klas yo ka jwenn pawòl nan kantik la ki gen rapò avèk kèk fraz nan ekriti sa yo. Epi w gen dwa montre yo yon foto ki dekri sèn nan tou (gade nan Liv Ilistrasyon Levanjil la, no. 40) epi pale de ki moman atis la ap dekri a. Ki lòt fason ou ta ka ede manm klas yo konprann siyifikasyon ak pouvwa mirak sa a?

Mak 2:1–12

Sekouri moun ki pèdi yo mande pou nou ini efò nou.

  • Istwa mirak sa a anseye valè travay ansanm nan inite pou ede Sovè a nan pote sekou bay moun ki nan bezwen espirityèl ak fizik yo. Mesaj Èldè Chi Hong (Sam) Wong nan “Sekouri nan inite” nan (Ensign oubyen Liahona, Nov. 2014, 14–16) la ka kontribye nan diskisyon konsènan verite sa a. Panse pou w envite yon manm nan klas la pou l vini tou prepare pou repase istwa a nan ekriti yo epi apresa pou l pale de sa Èldè Wong te anseye a. Kisa nou ka aprann nan Mak 2:1–12 konsènan valè travay nan inite pou n sekouri moun ki nan bezwen? (gade Mak 3:24–25 tou).

senbòl aprantisaj

Ankouraje aprantisaj lakay

Pou ankouraje manm klas yo li Matye 10–12; Mak 2; ak Lik 711 pandan semèn k ap vini an, di yo ke nan chapit sa yo, yo pral jwenn kèk konsèy ki ka ede yo ranpli apèl yo ak responsablite yo nan Legliz la.

senbòl  resous

Resous adisyonèl

Matye 8–9; Mak 2–5

Pwofèt Joseph Smith te geri malad.

An Jiyè 1839, yon gwo gwoup nan Sen yo ke yo te chase fè yo kite Missouri t ap viv nan charyo, nan tant, ak atè tou pre Commerce, nan Illinois. Anpil ladan yo te malad anpil epi Joseph ak Emma Smith te fatige anpil paske yo t ap eseye ede yo. Wilford Woodruff te dekri sa k te pase nan 22 Jiyè a: “Sete yon jou pou pouvwa Bondye. Te gen anpil malad pami Sen yo sou toulède bò Rivyè [Mississippi] a, epi Joseph t al nan mitan yo, li te pran men yo epi nan yon vwa fò li te kòmande yo, nan non Jezikri, pou yo te leve sou kabann yo epi pou yo te geri, epi yo te leve soti sou kabann yo, pa pouvwa Bondye. ... Sete reyèlman yon moman rejwisans” (Wilford Woodruff, Journal, Jiyè 22, 1839, Church History Library).

Èldè Franklin D. Richards te kalme yon tanpèt.

Èldè LeGrand Richards, ki te yon manm Kolèj Douz Apot yo, te rakonte yon eksperyans nan lavi gran papa l, Èldè Franklin D. Richards, ki, an 1848, te alatèt yon gwoup Sen Anglè ki t ap travèse Oseyan Atlantik la pou yo t al Etazini: “Bato [Èldè Richards] te ye a te andanje anpil[anba yon gwo tanpèt], sitèlman ke kapitèn bato a te vin bò kote li epi l te sipliye l pou l te entèsede devan Senyè a pou bato a ak pasaje yo; epi, gran papa l, ki te sonje yo te pwomèt li l t ap gen pouvwa sou eleman yo, te mache al sou pon bato a epi l te leve men l vè syèl la epi l te kòmande lanmè a ak vag yo,epi yo te kalme imedyatman” (nan Conference Report, Avr. 1941, 84).

Amelyore ansèyman nou

Rann temwayaj souvan. Temwayaj senp e sensè ou sou verite espirityèl yo kapab gen yon enfliyans puisan sou moun w ap anseye yo. Temwayaj ou pa bezwen grandyoz ni byen long. Paregzanp, li gen dwa yon senp temwayaj sou mirak ki se gen levanjil la nan lavi w la.