“2–8 Desanm. 1–3 Jan; Jid: ‘Bondye se lanmou’” Vini, Suiv Mwen—Pou Lekòldidimanch: Nouvo testaman 2019 (2019)
“2–8 Desanm. 1–3 Jan; Jid,” Vini, Suiv Mwen—Pou Lekòldidimanch: 2019
2–8 Desanm
1–3 Jan; Jid
“Bondye se lanmou“
Ki tèm ak modèl ki atire atansyon w pandan w ap li 1–3 Jan ak Jid la? Kijan w ka itilize yo pou ede manm klas ou yo?
Ekri enpresyon ou
Envite pataj
Envite plizyè manm nan klas la pou yo pataje kèk tèm oswa verite espesifik ki te atire atansyon yo pandan yo t ap etidye Epit Jan ak Jid yo. Ki mesaj nan epi sa yo ki te pi apwopriye pou yo menm ak fanmi yo?
Anseye doktrin nan
1 Jan 1:5–10; 2:3–11; 3:1–3; 4:7–21; 5:1–3
Pè Selès la ak Jezikri se egzanp pafè sou limyè ak lanmou.
-
Kijan w ka ede moun w ap anseye yo rekonèt limyè ak lanmou Pè Selès la nan lavi yo? Ou gen dwa kòmanse pa ekri mo limyè ak lanmou yo sou tablo a. Mande manm klas yo pou yo di ki premye mo k vin nan tèt yo lè y ap panse avèk de mo sa yo. Ou gen dwa divize klas la an de gwoup epi bay chak gwoup youn nan pasaj ekriti sa yo: 1 Jan 1:5–10; 2:3–11; 3:1–3; 4:7–12; 4:16–21; 5:1–3. Gwoup yo chèche prèv nan vèsè sa yo sou limyè ak lanmou Bondye ak bagay nou ka fè pou montre amou nou pou Bondye ak pitit li yo. Manm chak gwoup yon dwa pataje avèk klas la sa yo jwenn yo nan apre. Ou gen dwa envite manm klas yo pou yo pataje eksperyans kote yo te santi limyè ak lanmou Pè Selès la tou.
-
Kijan w ka ede yo reflechi sou limyè spirityèl nan lavi yo? Ou gen dwa envite yo pou yo gade limyè nan plafon yo oubyen limyè k ap antre atravè yon fenèt epi di kisa yo konnen de limyè fizik. Nan ki fason limyè fizik la sanble ak limyè spirityèl la. Petèt ou ta ka gade nan Som 27:1; Jan 1:4–5; 1 Jan 1:5–7; 3 Nefi 11:11; Doktrin ak Alyans 88:6–13 pou w ka jwenn endikasyon adisyonèl sou fason Bondye ak Pitit Gason l lan bay limyè nan lavi nou. Manm klas yo ka pataje eksperyans kote yo te chèche epi yo te resevwa limyè spirityèl nan lavi yo.
-
Yo gen dwa chante ansanm oubyen koute yon kantik osijè limyè, tankou “Christ est ma lumière” (Cantiques, no. 50). Kisa kantik sa a anseye sou Senyè a ak sou limyè? Videyo “Chwazi limyè a” (LDS.org) ak deklarasyon Èldè Robert D. Hales la nan seksyon “Resous adisyonèl” la ta ka pote pi plis ide sou fason pou nou gen plis limyè nan lavi nou.
1 Jan 2:18–23, 26–28; 4:3; 2 Jan 1:7–11; 3 Jan 1:9–11; Jid
Nou dwe fòtifye tèt nou kont fo ansèyman.
-
Kèk manm nan klas la oubyen moun pa yo gen dwa ap lite pou yo fè fas a fo ansèyman ki menase lafwa yo. Sa ta ka ede yo si yo aprann sa Jan ak Jid te anseye sou apostazi yo. Panse pou w envite mwatye nan klas la pou chèche deskripsyon fo ansèyman oubyen apostazi nan 1 Jan 2:18–23, 26–28; 4:3; 2 Jan 1:7–11; 3 Jan 1:9–11 epi lòt mwatye a chèche menm deskripsyon sa yo nan Jid. Oubyen yo ka chèche repons pou kesyon tankou sa yo: Kijan Jan ak Jid defini yon antekris? (gade Gid Ekriti yo, “Antekris,” scriptures.lds.org). Èske gen yon bagay nan vèsè sa yo ki sanble l spesyalman aplike ak difikilte n ap rankontre nan epòk nou yo? Kijan nou ka fòtifye tèt nou kont fo ansèyman yo?
-
Jid itilize yon imaj enteresan pou l dekri fo enstriktè yo, oubyen moun k ap “pale mal sou sa yo pa konprann” yo (Jid 1:10). Ou gen dwa envite kèk manm nan klas la pou yo desine kèk nan bagay yo dekri nan Jid 1:12–13 yo sou tablo a, pandan lòt manm klas yo ap devine ki fraz moun nan ap desine a. Kijan imaj sa yo reprezante fo enstriktè yo ak antekris yo? Paregezanp, kijan pratik kowonpi yo se “gate manje pou [nou]”? Kisa n ka fè pou fòtifye tèt nou kont “mokè” yo? (gade Jid 1:18–21). Poukisa Jid te sigjere pou nou “gen konpasyon” (Jid 1:22) pou moun k ap moke levanjil yo?
Si nou egzèse lafwa nan Kris la epi nou ne nan Bondye, nou ka venk mond lan.
-
Youn nan aktivite semèn sa a nan Vini, Suiv Mwen—Pou moun yo ak fanmi yo sigjere pou nou etidye 1 Jan 5 pou n dekouvri kijan nou ka venk mond lan. Petèt ou ta ka envite manm klas yo pou yo pataje sa yo te jwenn epi ekri l sou tablo a. (Ou gen dwa ba yo yon ti tan nan klas la pou yo brèfman repase chapit la.) Oubyen ou gen dwa envite yo pou yo li kèk pati nan mesaj Eldè Neil L. Andersen nan “Venk mond lan” (Ensign oswa Liahona, Me 2017, 58–62) epi pataje sa yo aprann. Paregzanp, kisa yo aprann nan istwa Èldè Andersen rakonte sou Prezidan David O. McKay ak Èldè Bruce D. Porter yo? Petèt yo ta ka pataje pwòp egzanp pa yo sou moun yo santi k ap fè efò pou venk mond lan.
Nou gen lajwa lè nou ede lòt moun “mache nan laverite.”
-
Siman gen moun nan klas ou a ki ka konprann sa Jan te santi lè l te di li pa gen “pi gwo lajwa” pase lè l te tande Gaius (youn nan “pitit” li yo) t ap mache nan laverite. Li ta bon pou yo si yo youn ta tande eksperyans lòt. Petèt ou ta ka kòmanse li 3 Jan 1:1–4 avèk ekriti ki nan seksyon “Resous adisyonèl” yo ansanm avèk yo. Kisa ekriti sa yo anseye nou sou sous vrè lajwa? Manm klas yo ta ka pale sou fason yo santi yo antanke paran, misyonè, dirijan nan Legliz la, oswa enstriktè lè yo konnen moun yo te anseye yo ap mache nan laverite. Ou gen dwa kontakte kèk ladan yo anvan klas la pou mande yo pou yo pote foto moun yo te ede al jwenn Kris la epi rakonte eksperyans yo.
Ankouraje aprantisaj lakay
Kijan senbòl tankou dragon, bèt ak zèl, ak anyo imole yo ka anseye nou sou plan Bondye pou pitit li yo? Envite manm klas yo pou yo panse ak kesyon sa a lè y ap etidye Revelasyon nan semèn ki gen pou vini yo.
Resous adisyonèl
Limyè chase tenèb.
Èldè Robert D. Hales te anseye kijan nou ka chase fènwa nan lavi nou pou nou ka mache nan limyè:
“Lè m te adolesan, m te konn abitye kondui bisiklèt pou m retounen lakay nan aswè, apre antrenman baskètbòl M te konn konekte yon ti jeneratè pou bay limyè nan wou bisiklèt mwen an. Epi, pandan m t ap pedale, wou a t ap vire ti fil la, ki te pwodui elektrisite epi ki te pwodui yon senp ti reyon limyè trè itil. Se yon mekanik senp men ki efikas. Men, m te oblije pedale pou m te fè l mache! M te aprann byen vit ke si m te sispann pedale bisiklèt la, limyè a t ap etenn. M te aprann tou ke lè m ‘angaje avèk zèl’ [DA 58:27] nan pedale a, limyè a t ap vin pi briye epi fènwa devan m nan t ap disparèt.
“Limyè spirityèl vini lè nou pedale spirityèlman chak jou. Li vini nan priye, li ekriti yo, jene, ak sèvi—nan viv levanjil la ak obeyi kòmandman yo” (“Soti nan fènwa al nan limyè mèveye li,” Ensign, Me 2002, 71).