Vini, Suiv Mwen
9 -15 Desanm. Revelasyon 1–11: ‘Glwa, ak pouvwa, pou … Anyo a, pou tout tan gen tan’


“9 -15 Desanm. Revelasyon 1–11: ‘Glwa, ak pouvwa, pou … Anyo a, pou tout tan gen tan’” Vini, Suiv Mwen—Pou Lekòldidimanch: Nouvo testaman 2019 (2019)

“9 -15 Desanm. Revelasyon 1–11,” Vini, Suiv Mwen—Pou Lekòldidimanch: 2019

Imaj
Kris la k ap veye sou yon twoupo mouton

Bon Bèje a, pa Del Parson

9 -15 Desanm.

Revelasyon 1-11

“Glwa, ak pouvwa, pou … Anyo a, pou tout tan gen tan“

Lè w resevwa enpresyon espirityèl, sa ede w rekonèt ke Sentespri a vle anseye ou. Lè w ekri enpresyon sa yo epi w suiv yo, sa demontre ke w bayo valè epi w vle resevwa plis.

Ekri enpresyon ou

Imaj
senbòl pataj

Envite pataj

Pandan w ap kòmanse yon diskisyon sou Revelasyon an, li ta bon pou w ta envite manm klas ou yo pou yo pataje nnenpòt sa yo te aprann osijè liv Revelasyon an pandan etid pèsonèl oswa familyal yo. Ou gen dwa repase kèk enfòmasyon yo bay nan Vini, Suiv Mwen—Pou moun yo ak fanmi yo a avèk yo poubyen li kèk referans ki nan Diksyonè Bib la ansanm “Jan” ak “Revelasyon Jan” an.

Imaj
senbòl pataj

Anseye doktrin nan

Revelasyon 1

Jezikri se Pitit Gason vivan Bondye vivan an.

  • Paske Jan te itilize imaj ak senbòl nan Revelasyon 1 an pou dekri Sovè resisite a ak sa l te fè, etid chapit sa a se yon gwo fason pou ranfòse lafwa nou nan lefèt ke li vivan epi l ap gide Legliz li a. Petèt manm klas ou yo ta ka ekri sou tablo a plizyè fraz nan Revelasyon 1 an ki gen imaj oswa senbòl epi di kijan you chak anseye yo sou Jezikri. Paregzanp, kisa nou aprann nan senbòl sa yo sou fason Kris la dirije Legliz li a jodia? Kijan deskripsyon Jan fè apwopo Sovè a ka konpare avèk sa k nan Doktrin ak Alyans 110:1-4 la?

Revelasyon 2–3; 7:13–17

Nou ka simonte difikilte yo atravè Jezikri.

  • Nan omwen yon domèn, nou tankou Sen yo Jan te ekri yo: nou afwonte advèsite. Envite manm klas yo pou yo gade nan Revelasyon 2–3 pou yo ka wè eprèv Sen nan epòk Jan yo t ap travèsè yo, epi ede yo konprann ke Jezikri te konnen eprèv ak fòs chak branch yo. Petèt yo ta ka pataje eksperyans kote yo konn santi Sovè a konnen sitiyasyon patikilye yo. Ki konsèy Senyè a te bay Sen yo ki ka ede nou simonte eprèv nou yo tou?

  • Nan menm chapit sa yo, Senyè a te fè pwomès enspiran pou moun ki triyonfe yo. Ou gen dwa envite manm klas yo travay de pa de pou yo ka chèche nan Revelasyon 2–3; 7:13–17 pou yo ka wè pwomès Senyè a te fè yo. Petèt yo ka desine foto pou reprezante kèk nan pwomès sa yo, epi apresa pataje sa yo jwenn avèk klas la. Kijan pwomès sa yo enspire yo pou yo kontinye eseye simonte pwòp eprèv ak feblès pa yo?

Revelasyon 5

Jezikri sete sèl moun ki te ka rann plan Pè Selès la posib.

  • Èske yon leson objè pa ta ka ede klas ou a konprann senbòl ki nan Revelasyon 5 yo sou Sovè a k ap ouvri liv ki sele a? Ou gen dwa pote yon sirèt nan yon bwat ki fèmen a kle pou pataje avèk klas la. Anvan klas la, bay yon moun kle bwat la san lòt yo pa wè. Dekri sa k andedan bwat la pou klas la, epi kite plizyè ladan yo eseye ouvri l anvan moun ki gen kle a ouvri li. Apresa, klas la ta ka konpare leson objè sa a avèk Revelasyon 5. Kesyon tankou sa yo ta ka ede: Nan ki sans sali pitit Pè Selès yo sanble avèk bwat ki fèmen akle a oubyen liv sele a? Poukisa Jezikri sete sèl moun ki te ka ouvri so yo? (gade sitasyon nan seksyon “Resous adisyonèl” la). Ki benediksyon ki depann sou diyite Sovè a pou louvri so yo? (gade Revelasyon 7:14–17).

  • Tankou moun kontan yo yo mansyone nan Revelasyon 5 la, jodia, nou ka leve vwa nou pou n louwe Sovè a kòm Sèl moun ki diy pou ofri nou sali. Petèt manm klas yo ta ka chante ansanm kèk kantik louwanj prefere yo sou Sovè a. Paregzanp, ou gen dwa chante “Gloire au Dieu tout-puisant” (Cantiques, no. 32; oubyen gade videyo “Worthy Is the Lamb” la nan LDS.org) epi chèche wè ki verite kantik sa a anseye osijè Jezikri. Ki eksperyans ki te ede nou akeri temwayaj nou konsènan verite sa yo? Ki resanblans nou wè ant mesaj ki nan kantik louwanj yo ak deklarasyon k nan Revelasyon 5:9–14 yo? Ki fason nou ka pi byen itilize kantik yo lakay nou ak nan legliz la pou adore ak louwe Senyè a?

Revelasyon 7

Anvan Dezyèm Vini an, Senyè a ap rasanble jis yo epi l ap prepare yo pou yo ka demere avèk li.

  • Revelasyon 7 la dekri evenman “sizyèm so” yo, kèk ladan yo reprezante epòk nou an. Li reponn kesyon ki nan fen chapit 6 la tou: “Gran jou kòlè l la rive; kiyès k ap kapab kanpe?” (vèsè 17). Petèt manm klas yo ta ka chèche repons pou kesyon sa a nan chapit 7 la. Men kèk lòt kesyon yo ta ka diskite: Poukisa Senyè a retade destriksyon tè a pandan yon tè? Kijan òdonans ak alyans yo “sele [nou] pou jou lè kòlè Bondye pral devèse a”? (DA 1:9). Ki travay nou gen pou n fè pou n prepare mond lan pou Dezyèm Vini an?? Doktrin ak Alyans 1:4–23; 77:8–11 ka bay ide adisyonèl tou.

Revelasyon 1-11

Vizyon Jan an anseye nou ki fason Pè Selès la sove pitit li.

  • Kèk manm nan klas la gen dwa twouve liv Revelasyon an difisil pou konprann. Li ta bon si yo ta konsidere ekri Jan yo nan kontèks plan Pè Selès la pou egzalte pitit li yo. Pandan manm klas yo ap li Revelasyon 1–11 lakay yo, yo gen dwa dekouvri verite k ap ede yo konprann plan Pè Selès la pou pitit li yo (gade plan leson semèn sa a nan Vini, Suiv Mwen—Pou moun yo ak fanmi yo a). Envite yo pou pataje sa yo jwenn. Li ta ka petèt itil pou yo ta repase seksyon nan “Resous adisyonèl” la ki rele “Ekriti osijè plan sali a” tou. Ankouraje yo pou yo kontinye chèche ekriti ki anseye verite sou plan sali a lè y ap li rès liv Revelasyon la, epi ba yo yon opòtinite nan pwochen leson yo pou yo pataje sa yo jwenn.

Imaj
senbòl aprantisaj

Ankouraje aprantisaj lakay

Mande yo pou yo panse a tradisyon Nwèl favori yo. Envite yo pou yo repase plan leson semèn pwochèn nan pou yo ka jwenn ide sou fason yo ka santre selebrasyon yo a sou Jezikri.

Imaj
senbòl resous

Resous adisyonèl

Revelasyon 1-11

Ekriti sou plan sali a.

Ekspyasyon Jezikri a

Lavi premòtèl

Lavi nan mòtalite a

Lavi apre lanmò

Se sèl Jezikri ki ta ka ekspye pou nou.

Pandan l t ap dekri evenman nan lavi premòtèl yo, Èldè Jeffrey R. Holland te anseye:

“Kris la te pòte l volontè pou l te onore libabit tout limanite, menm lè l te ekspye pou peche yo a. Nan pwosesis sa a, li t ap retounen tout glwa a bay Papa a pou amou redanmtè sa a.

“Ekspyasyon enfini Kris la te posib paske (1) li sete sèl moun san peche ki te janm viv sou tè sa a epi konsa, li pa t sijè anba lanmò spirityèl ki soti nan peche a, (2) li sete Sèl Pitit Literal Papa a epi konsa, li te posede karakteristik divinite yo ki te ba l pouvwa sou lanmò fizik, epi (3) li sete aparaman sèl moun ki te ase enb ak byen dispoze nan konsèy premòtèl la pou l te preyòdone nan sèvis sa a” (“L'Expiation de Jésus-Christ,” Ensign oswa Liahona, Mas. 2008, 35).

Amelyore ansèyman nou

Itilize ekriti yo ak pawòl pwofèt dènye jou yo. “Senyè a kòmande nou pou “youn anseye lòt doktrin wayòm nan” (D&A 88:77) epi pou n itilize ekriti yo pou “anseye prensip levanjil [li] yo” (D&A 42:12). Ekriti yo ak pawòl pwofèt ak apot dènye jou yo se sous verite n ap anseye yo” (Anseye nan fason Sovè a, 21).

Enprime