Nouvo Testaman 2023
28 Out–3 Septanm. 1 Korentyen 8–13: “Ou Se Kò Kris la”


“28 Out–3 Septanm. 1 Korentyen 8–13: ‘Ou se kò Kris la,’” Vini, Suiv Mwen—Pou Lekòldidimanch: Nouvo testaman 2023 (2022)

“28 Out–3 Septanm. 1 Korentyen 8–13,” Vini, Suiv Mwen—Pou Lekòldidimanch: 2023

reyinyon sentsèn

28 Out–3 Septanm

1 Korentyen 8–13

“Ou Se Kò Kris la”

Èldè Richard G. Scott te anseye ke nou “kapab pa tande direksyon ki pi presye ak pi pèsonèl Lespri a ” si nou pa note ak reyaji sou “premye enspirasyon [nou] resevwa yo” (“Pou Akeri Gidans Spirityèl,” Liahona, Nov. 2009,8).

senbòl pataj

Envite Pataj

Nan 1 Korentyen 8–13, Pòl te itilize metafò pou l anseye verite levanjil la, tankou yon kourè nan yon kous, kò imen an, ak “yon senbal k ap sonnen” (gade 1 Korentyen 9:24–). 25; 12:13–26; 13:1). Ou gen dwa mande manm klas yo sa yo te aprann nan konparezon sa yo. Kijan konparezon yo ede nou konprann verite levanjil yo?

senbòl ansèyman

Anseye Doktrin nan

1 Korentyen 10:1–13

Bondye bay yon mwayen pou n reziste anba tantasyon.

  • Kijan w ka ede manm klas ou yo dekouvri verite puisan ki nan 1 Korentyen 10:13yo? Yon ide se pou w ta divize vèsè a an de gwoup mo, bay manm klas yo chak gwoup mo, epi mande yo pou yo refòmile fraz la nan pwòp mo pa yo. Paregzanp, ki lòt fason nou ka di “Bondye fidèl” oubyen “tante odela fòs nou”? Apresa ou ta ka itilize kèk nan deklarasyon manm klas yo pou w reli vèsè a. Manm klas yo gen dwa pataje eksperyans kote yo te wè ke pwomès nan vèsè sa a se verite tou. Ki ide adisyonèl nou ka jwenn nan vèsè sa yo nan Alma 13:27–28?

  • Olye ke w rete sou egzanp tantasyon espesifik, ou gen dwa konsantre diskisyon 1 Korentyen 10:13 la sou tantasyon ki, nan pawòl Pòl, “komen pou lòm” yo. Manm klas yo gen dwa kòmanse pa idantifye tantasyon Pòl avèti nou yo nan vèsè 1–12yo. Yo gen dwa sigjere kèk egzanp modèn sou tantasyon imèn tou, tankou tantasyon pou n pa onèt, pou n fè tripotaj, oswa jije lòt moun. Kijan yon moun, avèk èd Bondye, ka “chape” anba tantasyon sa yo?

1 Korentyen 10:16–17; 11:23–30

Sentsèn ini nou kòm manm Legliz Kris la.

  • Vèsè sa yo ka enspire yon diskisyon sou fason sentsèn nan ka ini pawas nou nan efò nou pou n vin plis menmjan ak Sovè a. Ou gen dwa kòmanse li 1 Korentyen 10:16–17 epi etidye kisa mo kominyon an ta ka vledi nan kontèks sa a (yon moun ta ka chèche kèk definisyon posib nan yon diksyonè). Kijan pataje sentsèn ansanm nan ede nou santi nou pi ini? Kijan konsèy Pòl pou “kite chak moun egzamine tèt li” a an rapò avèk bi sa a? (1 Korentyen 11:28).

1 Korentyen 12

Yo ba nou don spirityèl yo pi byen tout piti Pè Selès yo.

  • Pou ede manm klas yo wè egzanp sou fason devlope don spirityèl yo ka ede yo edifye Legliz la, panse pou w envite yo pou yo panse sou don spirityèl moun yo site nan ekriti yo te genyen. Pou w ka jwenn ide, ou gen dwa mande yo pou yo chèche youn nan referans ekriti ki nan “Resous Adisyonèl” yo epi site ki don spirityèl yo panse moun sa a te genyen. Yo gen dwa pale tou sou don espirityèl youn wè nan lòt. Nan ki fason don espirityèl moun sa yo se yon benediksyon pou nou tout? Kijan nou kapab itilize don espirityèl nou yo pou beni lòt moun epi edifye kò Kris la, oswa Legliz la? (gade 1 Korentyen 12:12–31; gade tou 1 Korentyen 14:12).

  • Pou ede manm klas yo konprann fason pou yo devlope don espirityèl yo, envite yo li 1 Korentyen 12:27–31; Mowoni 7:48; 10:23, 30; Doktryn ak Alyans 46:8. Kisa ekriti sa yo anseye nou sou fason pou nou akeri don spirityèl? Kijan devlope don spirityèl ka fè nou vin plis tankou Kris la? Envite manm klas yo pou yo chwazi yon don yo ta renmen akeri epi pou yo chèche èd Senyè a pou yo ka akeri don sa a.

1 Korentyen 13

Charite se pi gran don spirityèl la.

  • Ou gen dwa mande manm klas yo pou yo medite ansilans sou 1 Korentyen 13 la epi panse ak yon moun yo konnen ki se yon bon egzanp nan youn oubyen plis aspè charite Pòl mansyone yo. Kèk manm nan klas la ka dekri moun yo panse a ak yon eksperyans kote moun sa a te bay egzanp charite. Ou gen dwa menm ekri yon lis sou tablo a sou kèk pati nan deskripsyon Pòl la epi envite manm klas yo pou yo pataje ide yo sou sa savledi, pou yon moun ki gen charite “pasyans” oswa “ ki pa pran fasilman nan pwovokasyon” (1 Korentyen 13:4–5). Nan ki fason Sovè a te montre egzanp kalite sa yo sou charite a? Ki lòt verite Mowoni 7:46–48 anseye sou charite?

senbòl resous

Resous adisyonèl

Men kèk egzanp nan ekriti yo sou don spirityèl.

Amelyore ansèyman nou

Viv prensip w ap anseye yo. Viv prensip w ap anseye yo ap ede w rann temwayaj sou yo avèk plis puisans. Pòl te anseye “Konsa tou, Senyè a bay lòd pou tout moun k ap preche levanjil la pou yo viv sou kont travay levanjil la” (1 Korentyen 9:14).