Ansyen Testaman 2022
3–9 janvye Jenèz 1–2; Moyiz 2–3; Abraram 4–5: “Nan Kòmansman, Bondye Te Kreye Syèl la ak Tè a.”


“3–9 janvye. Genèz 1–2; Moyiz 2–3; Abraram 4–5: ‘Nan Kòmansman, Bondye Te Kreye Syèl la ak Tè a,’” Vini, Suiv Mwen—Pou Lekòldidimanch: Ansyen Testaman 2022 (2021)

“3–9 janvye. Jenèz 1–2; Moyiz 2–3; Abraram 4–5,” Vini, Suiv Mwen—Pou Lekòldidimanch: 2022

Imaj
imaj tè a ak lalin nan

3–9 janvye

Jenèz 1–2; Moyiz 2–3; Abraram 4–5

“Nan Kòmansman, Bondye Te Kreye Syèl la ak Tè a”

Pou prepare w pou anseye, li dabò epi medite sou Jenèz 1–2; Moyiz 2–3; ak Abraram 4–5, epi ekri enpresyon espirityèl ou yo. Vini, Suiv Mwen—Pou Moun Yo ak Fanmi yo ak ide ki ba la a yo kapab ede w konprann ak anseye doktrin ki nan chapit sa yo.

Ekri Enpresyon w yo

Imaj
senbòl pataj

Envite Pataj

Bondye te deklare plizyè fwa ke bagay Li te fè pandan Kreyasyon an te “bon” (gade nan Moyiz 2:4, 10, 12, 18, 21, 25, 31). Envite manm klas la pataje bon bagay yo te jwenn lè yo t ap li ekriti yo lakay yo semèn sa a. Kisa ki te bon nan bagay yo te dekouvri yo?

Imaj
senbòl ansèyman

Anseye Doktrin nan

Jenèz 1; Moyiz 2; Abraram 4

“Bondye te kreye syèl la ak tè a.”

  • Manm klas la kapab te remake resanblans ak diferans ki egziste pami istwa Kreyasyon an nan liv Jenèz, Moyiz ak Abraram yo. Ankouraje yo pou yo pataje sa tradiksyon Joseph Smith lan nan Moyiz 2 a ajoute sou konpreyansyon nou konsènan istwa Kreyasyon an nan Jenèz 1an. Ki ide adisyonèl nou jwenn nan Abraram 4? Pou pèmèt plis moun pataje, ou ta kapab ankouraje klas la pou yo fè konparezon sa a pa gwoup 2 moun oswa ti gwoup moun. (Yo note kèk nan vèsè ki gen diferans enpòtan yo nan “Resous Adisyonèl.”) Ki avantaj sa pote pou nou lè nou gen plizyè resi?` Kisa resi sa yo sigjere konsènan sa Bondye vle pou nou konnen osijè Kreyasyon an?

  • Lè Bondye te kreye Adan ak Èv, Li te ba yo pouvwa sou tè a ak sou lòt kreyasyon L yo ki sou tè (gade nan Jenèz 1:28; Moyiz 2:28; Abraram 4:28). Kijan Doktrin ak Alyans 59:16–21 ak 104:13–18 ede nou konprann pi byen kisa egzèse dominasyon jis sou tè a vle di?

  • Kèlke jou anvan klas la, ou ta kapab envite manm klas la pote foto ke yo te pran oubyen ke yo genyen lakay yo ki raple yo bote kreyasyon Bondye yo. Kijan aprann bagay ki konsène travay kreyatif Senyè a afekte santiman m apwopo de Limenm, noumenm ak mond lan? Manm klas ta kapab pataje ki mesaj yo santi Bondye genyen pou nou nan resi sa yo sou Kreyasyon an nan Jenèz 1; Moyiz 2; ak Abraram 4. Chante oubyen koute yon kantik sou Kreyasyon an, tankou “Pour la terre et sa beauté” (Cantiques, nimewo 43) te kapab ede manm klas la santi gratitid pou kreyasyon Bondye yo.

    Imaj
    yon dra ki dekri etap diferan nan kreyasyon an

    Kreyasyon, pa Joan Hibbert Durtschi

Jenèz 1:26–28; Moyiz 2:26–28; Abraram 4:26–28

Nou te kreye dapre imaj Bondye.

  • Poukisa li enpòtan pou nou konprann ke nou kreye dapre imaj Bondye? Kijan w ka ede manm klas la medite sou verite sa a? Yo ta kapab li Jenèz 1:26–28; Moyiz 2:26–28; Abraram 4:26–28; oubyen dezyèm paragraf “Fanmi : Yon Pwoklamasyon pou Mond lan” nan (ChurchofJesusChrist.org). Kijan verite sa a afekte fason nou trete tèt nou, fason nou trete lòt moun, ak fason nou trete Bondye? Manm klas la ta kapab jwenn lòt ide nan kantik tankou “O Mon Père” oubyen “Je Suis Enfant de Dieu” yo nan (Cantiques, nos. 185, 193).

  • Nan video “God’s Greatest Creation (Pi Gran Kreyasyon BOndye” a nan (ChurchofJesusChrist.org), Prezidan Russell M. Nelson rann temwayaj sou mirak kò imen an (gade tou nan “Remèsye Bondye,” Liahona, Me 2012, 77–80). Panse pou w pase video sa a anvan w li Jenèz 1:26–28; Moyiz 2:26–28; oswa Abraham 4:26–28 avèk klas la.  Ki fason temwayaj Prezidan Nelson an apwofondi rekonesans nou pou verite yo ki nan vèsè sa yo?

Jenèz 1:27–28; Moyiz 3:18, 21–25; Abraram 5:14–19

Maryaj ant yon gason ak yon fi se yon bagay Bondye òdone.

  • Anpil opinyon sou maryaj nan mond lan jodi a ekate yo de verite etènèl. Pou ede manm klas ou a jwenn enfòmasyon sou pozisyon Bondye konsènan maryaj, ou ta kapab envite yo li Jenèz 1:27–28; Moyiz 3:18, 21–25; oubyen Abraram 5:14–19 epi mete lis verite yo jwenn yo sou tablo a. Yo ta kapab ajoute sou lis verite yo jwenn nan “Fanmi: Yon Pwoklamasyon pou Mond lan” (ChurchofJesusChrist.org). Poukisa verite sa yo enpòtan pou nou?

Imaj
senbòl resous adisyonèl

Resous Adisyonèl

Konpare Istwa sou Kreasyon an.

Jenèz

Moyiz

Abraram

Jenèz

Jenèz 1:1

Moyiz

Moyiz 2:1

Abraram

Abraram 4:1

Jenèz

Jenèz 1:16

Moyiz

Moyiz 2:16

Abraram

Abraram 4:16

Jenèz

Jenèz 1:26-27

Moyiz

Moyiz 2:26–27

Abraram

Abraram 4:26–27

Jenèz

Jenèz 1:30

Moyiz

Moyiz 2:30

Abraram

Abraram 4:30

Jenèz

Jenèz 2:5

Moyiz

Moyiz 3:5

Abraram

Abraram 4:30

Jenèz

Jenèz 2:5

Moyiz

Moyiz 3:5

Abraram

Abraram 5:5

Jenèz

Jenèz 2:7

Moyiz

Moyiz 3:7

Abraram

Abraram 5:7

Jenèz

Jenèz 2:9

Moyiz

Moyiz 3:9

Abraram

Abraram 5:9

Jenèz

Jenèz 2:17-19

Moyiz

Moyiz 3:17–19

Abraram

Abraram 5:13–14

Amelyore ansèyman nou

Ede moun ki ap aprann yo konpare ekriti yo avèk tèt yo. Menm verite levanjil ki te enspire ak soutni Abraram, Estè, Leyi, ak Joseph Smith yo kapab ede moun w ap anseye yo fè fas ak pwoblèm modèn yo ”(Anseye nan fason Sovè a, 21). Ankourage moun ki ap aprann yo pou yo aplike prensip yo jwenn nan ekriti yo a pwòp sitiyasyon pa yo.

Enprime