Ansyen Testaman 2022
10–16 janvye. Jenèz 3–4; Moyiz 4–5: Chit Adan ak Èv la


“10–16 janvye. Jenèz 3–4; Moyiz 4–5: Chit Adan ak Èv la,” Vini, Suiv Mwen—Pou Lekòldidimanch: Ansyen Testaman 2022 (2021)

“10–16 janvye. Jenèz 3-4; Moyiz 4–5;,” Vini, Suiv Mwen—Pou Lekòldidimanch: 2022

Imaj
Adan ak Èv ki ap mache ansanm

Adan ak Èv, pa Douglas M. Fryer

10–16 janvye.

Jenèz 3–4; Moyiz 4–5

Chit Adan ak Èv la

Pandan w ap prepare w pou w anseye sou Jenèz 3–4 ak Moyiz 4–5la, panse a ki kesyon oswa aktivite ki ta kapab ede manm klas la konprann Chit Adan ak Èv la pi byen.

Ekri Enpresyon w yo

Imaj
senbòl pataj

Envite Pataj

Manm klas la ta kapab revize briyèvman Jenèz 3–4 oubyen Moyiz 4–5, seleksyone yon vèsè ki enpresyonan pou yo epi patjaje l avèk yon moun ki chita bò kote yo. Apre sa, kèk moun ta kapab pataje yon ide avèk klas la.

Imaj
senbòl ansèyman

Anseye doktrin nan

Moyiz 4:1–13; 5:1–12

Nou bezwen libabit ak opozisyon pou nou ka grandi.

  • Paske libabit —dwa Bondye bay pou nou fè chwa a—se yon pati fondamantal nan lavi nan mòtalite a, pafwa nou pran l kòm si se pa anyen. Pou apwofondi apresyasyon manm klas la pou kado sa a, yo ta kapab li ak diskite Moyiz 4:1–4. Kisa vèsè sa yo anseye nou sou enpòtans libabit? Poukisa plan Bondye a t ap detwi si nou pa t gen libabit? Sitasyon ki nan “Resous Adisyonèl” la ta kapab bay kèk ide.

  • Petèt manm klas la te etidye mesaj Prezidan Dallin H. Oaks la “Opozisyon nan Tout Bagay” la (Lyawona, Me 2016, 114–17) kòm yon pati nan etidi endividyèl ak familyal yo semèn sa a. Pandan semèn sa a, ou ta kapab anvizaje envite kèk moun pou yo vin prepare pou yo pataje yon bagay ki soti nan mesaj li a ki te ede yo konprann Chit Adan ak Èv la. (gade sitou nan seksyon I ak II). Poukisa Pè Selès la pèmèt nou fè eksperyans “opozisyon nan tout bagay”? (gade nan 2 Nefi 2:11–16). Ou ta kapab envite manm klas la pou yo li Doktrin ak Alyans 29:39–40 epi pou yo diskite poukisa tantasyon Satan yo nesesè nan plan Bondye a. Kijan Pè Selès la ak Jezikri ede nou lè nou anfas tantasyon?

    Imaj
    Èv kenbe fwi a

    Kite Eden, pa Annie Henrie Nader

Moyiz 4:4–12; 5:13–33

Satan ap chèche “twonpe ak avegle” nou.

  • Moyiz 4:4–12; 5:13–33 kapab ede manm klas la idantifye kèk fason Satan tante nou pou nou fè mal. Ou ta kapab mande mwatye klas la pou yo li Moyiz 4:4-12 epi lòt mwatye a pou yo li Moyiz 5:13, 18-33. Pandan y ap li a, you ta kapab fè lis fason Satan te eseye tante Adan ak Èv la. Kijan li eseye fè menm bagay sa yo jodi a? Kijan Pè Selès la ede nou reziste anba twonpri Satan?

Jenèz 3:1–7; Moyiz 4:22–31; 5:4–15

Ekspyasyon Jezikri a ofri espwa ak redanmsyon anba Chit la.

  • Plis nou konprann efè Chit la, se plis nou apresye Ekspyasyon Jezikri a. Manm klas la ta kapab chèche efè Chit la nan Jenèz 3:1–7; Moyiz 4:22–31 epi met lis sa yo jwenn nan sou tablo a. Apre sa yo ta kapab chèche nan Moyiz 5:4–12, 14–15 pou yo ka jwenn enfòmasyon sou plan Bondye pou L rachte nou anba efè sa yo (gade tou nan 2 Nefi 2:19–25; Alma 12:22–34) epi fè yon lis sa yo jwenn sou tablo a. Yo ta kapab pataje sa ki enpresyone yo tou nan temwayaj Adan ak Eve sou Jezikri a ke nou jwenn nan vèsè 10–12. Kijan nou santi nou konsènan plan Bondye a apre nou fin li ekriti sa yo?

  • Istwa esperans ak redanmsyon Adan ak Èv la kapab ankouraje manm klas la lè lavi a difisil. Anvizje envite yo pou yo jwenn mo ak gwoup mo nan Moyiz 5:7–12 la ki eksprime esperans ke Adan ak Ev te santi lè yo te aprann ke Sovè a t ap kapab rachte yo. Kilè nou te santi yon esperans ki sanble aak sa Adan ak Èv te santi a? Anvizaje envite manm klas la pataje kantik favori yo ki eksprime espwa ki vini atravè Ekspyasyon Sovè a. Nou ta kapab chante kèk ladan yo ansanm.

Imaj
senbòl resous adisyonèl

Resous Adisyonèl

Nou kapab chwazi pou tèt pa nou.

Èldè Dale G. Renlund te anseye:

“Objektif Papa nou ki nan Syèl la antanke paran se pa pou fè pitit Li yo sa ki jis; men se pou fè pitit Li yo chwazi pou yo fè sa ki jis epi finalman pou yo vin tankou L. Si L te senpleman vle pou nou obeyisan, Li t ap itilize rekonpans ak pinisyon imedyat pou enfliyanse konpòtman nou.

“Men Bondye pa vle pou pitit Li yo sèlman vin tounen ‘animal domestik’ ki byen fòme ak obeyisan, ki pa pral moulen sapat Li nan salon selès la. Non, Bondye vle pou pitit Li yo grandi espirityèlman epi pou yo vin jwenn Li nan zafè fanmi an” (“Chwazi Jodia,” Liahona, Nov. 2018, 104).

Amelyore ansèyman nou

Ogmante patisipasyon manm klas la. Anpil aktivite kapab fèt antanke klas, nan ti gwoup, oubyen in gwoup 2 moun. Itilize yon varyete metòd pou pèmèt patisipasyon moun ki ta gen dwa pa gen yon chans otreman. (Gade nan Anseye nan Fason Sovè a, 33–34.)

Enprime