Ansyen Testaman 2022
17–23 janvye. Jenèz 5; Moyiz 6: “Ansenye Pitit Ou yo Bagay Sa Yo”


“17–23 janvye. Jenèz 5; Moyiz 6: ‘Ansenye Pitit Ou Yo Bagay Sa Yo,’” Vini, Suiv Mwen—Pou Lekòldidimanch: Ansyen Testaman 2022 (2021)

“17–23 janvye. Alma 5–7,” Vini, Suiv Mwen—Pou Lekòldidimanch: Liv Mòmon 2022

Imaj
Adan ak Èv k ap kite Jaden Eden nan

Pi Bon Pase Paradi, pa Kendal Ray Johnson

17–23 janvye.

Jenèz 5; ; Moyiz 6

“Anseye Pitit Nou Yo Bagay Sa Yo”

Anvan w li nenpòt lòt dokimantasyon adisyonèl, li epi medite sou Jenèz 5 ak Moyiz 6, epi ekri enpresyon espirityèl ou resevwa yo. Vini, Suiv Mwen—Pou Moun yo ak Fanmi yo ak plan leson sa a kapab ba w ide sou jan pou ede moun w ap anseye yo dekouvri verite ki gen rapò avèk yo.

Ekri Enpresyon w yo

Imaj
senbòl pataj

Envite Pataj

Kòman w ka ankouraje manm klas la pou yo pataje ide ak eksperyans yo te genyen pandan yo t ap etidye ekriti Jenèz 5 ak Moyiz 6la? Ou ta kapab ekri non Adan ak Enòk sou tablo a epi envite manm klas la pou yo ekri yon bagay ke youn nan pwofèt sa yo te fè oubyen te anseye ki te gen anpil siyifikasyon pou yo.

Imaj
senbòl ansèyman

Anseye doktrin nan

Moyiz 6:26–39

Senyè a aple nou pou nou fè travay Li a malgre enkonpetans nou yo.

  • Gen yon gwo chans pou yon moun nan klas ou a te santi l —oubyen santi l—pa alawotè nan yon responsablite lakay li oswa nan legliz la. Pou bati lafwa manm klas la ke Senyè a kapab ede yo, ou ta kapab envite yo pou yo li eksperyans Enòk la ke nou jwenn nan Moyiz 6:26–39la. Kijan Bondye te ede Enòk fè travay Li a malgre krent li yo? Mande manm klas la pou yo reflechi sou lòt egzanp moun ki te simonte feblès yo e ki te akonpli travay Senyè a, swa nan ekriti yo swa nan pwòp vi pa yo. Ki egzanp nou kapab pataje? (gade tou nan Egzòd 4:10–16; Jeremi 1:4–10; 2 Nefi 33:1–4; Etè 12:23–29).

  • Anpil apot ak pwofèt tan modèn yo konn eksprime preyokipasyon ki sanble avèk pa Enòk yo lè yo konn dekri jan yo te santi yo konsènan apèl yo te resevwa. Eksperyans mesye sa yo ta kapab amelyore konpreyansyon manm klas la sou Moyiz 6:26–39la. Anvizaje regade videyo “En Souvenir de la Vie du Président Thomas S. Monson” nan nan (ChurchofJesusChrist.org; ant 35:46 ak 39:40 minit) oubyen yon diskou ki te bay pa yon manm ke yo te aple resamman nan Kolèj Douz yo (pa egzanp, gade temwayaj Èldè Ronald A. Rasband, Èldè Gary E. Stevenson, ak Èldè Dale G. Renlund [Lyawona, Nov. 2015, 89–94]). Kite manm klas la pataje sa ki enpresyone yo konsènan egzanp sa yo. Kisa nou kapab aprann nan men dirijan sa yo konsènan pwòp santiman feblès pa nou? Deklarasyon Prezidan Thomas S. Monson nan “Resous Adisyonèl yo” la kapab itil tou kòm yon pati nan diskisyon sa a.

Moyiz 6:48–65

Lafwa, repentans, batèm ak resevwa Sentespri a prepare nou pou nou retounen al jwenn Bondye.

  • Plan leson semèn sa a nan Vini, Suiv Mwen—Pou Moun yo ak Fanmi yo sigjere lekti Moyiz 6:48–62 pou n wè kisa nou chak dwe konnen ak fè pou nou ka sove. Petèt manm klas la ta kapab pataje nenpòt ide yo te jwenn nan etid sa a nan fwaye yo. Oubyen nou ta kapab diskite sou Moyiz 6:48–62 ansanm nan klas la. Kijan nou t ap reponn yon moun ki ta mande nou poukisa lafwa, repantans, batèm ak resevwa don Sentespri a nesesè? Kijan Senyè a reponn kesyon sa a nan vèsè 53–65, epi kisa nou aprann nan repons Li an?

    Imaj
    yon fanmi k ap li ekriti yo

    Paran yo dwe anseye pitit yo levanjil la.

Moyiz 6:51–63

“Anseye pitit nou yo bagay sa yo.”

  • Nan Moyiz 6:51–63 nou aprann verite levanjil la ke Senyè a te anseye Adan e ke Li te mande l pou l anseye jenerasyon ki tap vini apre yo. Petèt, manm klas la ta kapab fè yon lis verite sa yo pandan y ap etidye ki gwoup vèsè pi piti, tankou vèsè 51–52, 53–57, 58–60, 61–63. Poukisa verite sa yo enpòtan pou jenerasyon ki ap grandi a jodi a? Kisa ou ta renmen jèn yo konnen konsènan Sovè a nan vèsè sa yo? Manm klas la gen dwa dispoze pou yo pataje ide oswa eksperyans pou youn ede lòt anseye timoun yo ak jèn yo verite sa yo nan yon fason ki pi efikas. Ki lòt bagay nou kapab aprann nan enstriksyon Senyè a bay paran yo nan Mozya 4:14–15 ak Doktrin ak Alyans 68:25–28; 93:40–50?

  • Pou ajoute sou sa Moyiz 6 la anseye sou responsablite paran yo pou anseye pitit yo, ou ta gen dwa envite manm klas la pou yo gade youn oubyen plis nan video sa yo: “Parenting: Touching the Hearts of Our Youth (Paran: Touche kè Jèn yo),” “Proclamation Series: Children (Seri Pwoklamasyon: Timoun yo),” oswa “Mother in Israel (Manman nan Izrayèl” (ChurchofJesusChrist.org). Kisa nou aprann nan video sa yo sou anseye pitit nou levanjil la? Si w ap anseye jèn moun, ou ta kapab envite yo pou yo pataje kijan yo kapab sipòte paran yo nan efò yo pou yo anseye levanjil la lakay yo.

Imaj
senbòl resous adisyonèl

Resous Adisyonèl

“Senyè a kalifye moun Li aple yo.”

Presidan Thomas S. Monson te anseye: “Kèk nan nou kapab timid pa nati oubyen yo konsidere tèt yo kòm moun ki manke kalifikasyon pou yo asepte yon apèl. Sonje ke travay sa a se pa travay pa w ak pa m sèlman. Se travay Senyè a, epi lè nou nan travay Senyè a, …. nou gen dwa a èd Senyè a.” Sonje ke Senyè a kalifye moun Li aple yo” (“Duty Calls,” Ensign, Me 1996, 44).

Amelyore Ansèyman Nou

Sentespri a se enstriktè a. Wòl ou kòm enstriktè enpòtan, men sonje ke se Sentespri a ki vrè entriktè a. Ede manm klas la pou yo aprann nan men Lespri a epi pou youn pataje sa yo aprann avèk lòt yo.

Enprime