Ansyen Testaman 2022
31 Janvye–6 Fevriye Jenèz 6–11; Moyiz 8: “Noe Te Jwenn Lagras Devan Je Senyè a”


“31 Janvye–6 Fevriye. Jenèz 6–11; Moyiz 8: ‘Noe Te Jwenn Alagras Devan Je Senyè a,’” Vini, Suiv Mwen—Pou Lekòldidimanch: Ansyen Testaman 2022 (2021)

“31 Janvye–6 Fevriye. Jenèz 6–11; Moyiz 8,” Vini, Suiv Mwen—Pou Lekòldidimanch: 2022

Imaj
Noe, fanmi l, bèt yo, lach la ak yon lakansyèl.

ilistrasyon Noe ki ap kite lach la, pa Sam Lawlor

31 Janvye–6 Fevriye

Jenèz 6–11; Moyiz 8

“Noe Te Jwenn Lagras Devan Je Senyè a”

Plan leson sa a souliyen prensip nou jwenn nan Jenèz 6–11 ak Moyiz 8yo, men sa yo pa sèl prensip ou ta kapab konsantre pandan w ap anseye a. Fè enspirasyon espirityèl ou resevwa pandan w ap etidye ekriti yo konfyans.

Ekri Enpresyon w yo

Imaj
senbòl pataj

Envite Pataj

Anvizaje mande manm klas la pou yo pataje yon mesaj espirityèl pou epòk nou an yo jwenn nan istwa Noe oubyen Tou Babèl la. Ankouraje yo pataje yon ekriti ki sipòte mesaj sa a.

Imaj
senbòl ansèyman

Anseye doktrin nan

Jenè 6–8; Moyiz 8

Gen sekirite espirityèl nan suiv pwofèt Senyè a.

  • Mechanste nan epòk Noe a kapab fè nou sonje mechanste nou wè ki antoure nou jodi a. Pou ede manm klas la benefisye de leson yo nan istwa Noe a, ou ta kapab ekri Avètisman ak Reyasiranssou tablo a. Manm klas la ta kapab revize Jenèz 6–8 oubyen Moyiz 8:13–30 epi twouve yon bagay yo santi ki se yon avètisman enpòtan pou epòk pa nou an ak yon bagay yo kapab konsidere ki rasiran (gade nan “Resous Adisyonèl yo”)tou. Yo ta kapab ekri sa yo jwenn yo anba tit ki apwopriye a sou tablo a. Poukisa istwa Noe a enpòtan pou nou jodi a?

Jenèz 9:8-17.

Siy oubyen senbòl ede nou sonje alyans nou yo evèk Senyè a.

  • Plan leson semèn sa a nan Vini, Suiv Mwen—Pou Moun yo ak Fanmi yo sigjere pou nou li Jenèz 9:8–17 epi medite sou jan senbòl yo oswa siy yo ka sèvi kòm rapèl alyans nou yo. Pou ede manm klas la pataje panse yo, ou ta kapab pote nan klas la kèk bagay ki raple nou bagay enpòtan yo—tankou yon bag maryaj , yon drapo nasyonal, oubyen yon badj misyonè—epi konpare yo avèk “siy” lakansyèl la. Kisa Tradiksyon Joseph Smith, Jenèz 9:21–25 la (nan apendis Bib la) anseye nou konsènan siy sa a? Kijan Bondye itilize siy oswa senbòl pou ede nou sonje alyans nou yo?

Jenèz 11:1–9

Sèl jan pou nou rive nan syèl la se se suiv Jezikri.

  • Istwa moun Babèl yo ki tap bati tou a bay yon kontras enteresan pou istwa Enòk la ak pèp li a ki ki t ap bati Siyon, ke manm klas la te etidye semèn pase a. Toulède gwoup moun yo t ap eseye rive nan syèl la men nan fason diferan. Ou ta kapab envite manm klas la pou yo liste sou tablo a nenpòt bagay yo sonje konsènan pèp Siyon an (gade nan Moyiz 7:18–19, 53, 62–63, 69) ak sa yo te aprann nan Jenèz 11:1–9 ak Elaman 6:26–28 konsènan moun Babèl yo. Ki diferans yo jwenn? Kisa sa anseye nou sou pwòp efò pa nou pou nou retounen nan prezans Bondye?

    Imaj
    tou Babèl la

    Ilistrasyon Tou Babèl la, pa David Green

  • Ansyen vil Babèl la pa egziste ankò, men ògèy ak mondanite li senbolize a egziste. Pou ede manm klas la aplike leson ki soti nan Tou Babèl la nan lavi yo, kòmanse pa envite yo revize Jenèz 11:1–9. Apre sa, ou ta kapab distribiye moso papye epi envite manm yo pou yo ekri bagay moun fè ki elwaye yo de Bondye; apre sa, sou lòt moso papye, you ta kapab ekri bagay moun fè ki rapwoche yo de Bondye. Ou ta kapab pran plezi nan ranje premye gwoup papye a sou tablo a nan fòm yon tou epi ranje dezyèm gwoup la nan fòm tanp lan. Kisa Bondye bay pou ede nou “rive nan syèl la”? (Jenèz 11:4; gade tou nan Jan 3:16). Ou ta kapab chante yon kantik sou sijè sa a, tankou “Mon Dieu, Plus Près de Toi” (Cantiques, no. 100).

Imaj
senbòl resous adisyonèl

Resous Adisyonèl

Leson ki soti nan Noe

Prezidan Henry B. Eyring te di:

“Lè nou pa koute konsèy pwofèt yo, sa diminye pouvwa nou pou nou resevwa konsèy enspire nan lefiti. Meyè moman pou te deside ede Noe bati ach la se te premye fwa li te mande l la. Chak fwa li te mande yo apre sa, chak fwa li pa t jwenn repons, sa te diminye kapasite moun yo pou yo santi Lespri a. Epi konsa, chak fwa, demann li a te parèt pi ensanse pou yo, jiskaske lapli a te vini. E apre sa, li te twò ta.

“Chak fwa m nan lavi m mwen te chwazi pou m pa suiv yon konsèy enspire oubyen m te deside ke konsèy sa a se pa pou mwen, mwen te reyalize ke m te mete tèt mwen nan yon move wout. Chak fwa m te koute konsèy pwofèt yo, m te santi l konfime nan priyè mwen, epi apresa m te suiv li, mwen te reyalize ke m t ap avanse an sekirite” (“Jwenn Sekirite nan Konsèy,” Ensign, Me 1997, 25).

Poukisa Bondye te voye Delij la?

Gen moun ki poze tèt yo kesyon sou jistis Bondye paske l te voye yon delij pou “detwi lòm” (Jenèz 6:7). Eldè Neal A. Maxwell te eksplike ke nan epòk Gwo Delij la, , “koripsyon te atenn yon nivo sitèlman wo ke l t ap detwi libabit moun nan pwen ke yo pa t ka voye espri sou tè a ankò” (We Will Prove Them Herewith 9Nou Pral Pase yo Aleprèv) [1982], 58).

Amelyore Ansèyman Nou

Prevwa Tan pou Preparasyon Yo mande meditasyon, rechèch, ak enspirasyon. Bay manm klas yo kèlke minit pou yo ka medite sou yon kesyon anvan w mande yo repons. (Gade nan Anseye nan Fason Sovè a, 31–34.)

Enprime